
Latè pèdi fòm nan yon gouyad wodebi anba pye Pòtoprens
Li fè 4trè35 nan tout powèm k ap chire lorizon
Pòtoprens pa pote pantalon l pou bèl twèl ankò
Bon…
Ki mele Leta lè episant lan fache
Lè timoun ap monte kap ak branch trip sou Bisantè
Mezanmi…
Pa konfonn sèlsiyis ak alsiyis tande
Poudayè demen nou plen fay
E de men n s on aksanfòs ki pèdi vijinite l depi de syèk
Nan mache ak kadav sou bòdmè
Peyi a pèdi cheve l anba dan CIRH
Tout prezidan kriye mirak
Yon kolonn mò len sou lòt ap fè n grimas Titanyen
Tout jan n vle l 12 janvye s on tèkbòwonn lanati ban n kenbe
Yon maleng plen pij ki pandye sou Channmas
Li fè 4h35 nan tout rezolisyon
Pòtoprens pase swaf li ak san yon pèp k ap bat dlo pou fè bè
San filozofi ni bèl diskou, nan 12 batman kè, 300 mil kritchen vivan bwè dlo dan yo
300 000 gout san pran refij nan plamen yon vil
300 000 kadav louvri pòt pou lanmè siyen non l
300 000 nanm senyen lari
300 000 sèkèy ap fè wonn lyon nuit ki benyen an san
Pou dat latè pèdi vwa l nan foli lèzòm
Komisyon ponn komisyon / Lapriyè kwochi jenou malere
Nan òdinatè papa Bondje Ayiti rekonstui depi opa
Yon ti fi vyèj sou Pòtay Leyogàn ap trennen lespwa nan yon fi areyen
Peyi a chavire fasba nan mitan sèt silans
Nan gramè Komisè yo
Tout s ak atè pa pou chen
Mèsi syèl, mèsi CIRH
Amèn
Iléus PAPILLON
Yon lòsye Mèsi syèl liv ki nan kouti