Cet article a été redirigé vers un nouveau lien.

Jan bwè, jamè sou!

Ti Jan bwè tafya se vre men l rèspèkte boutèy la. Si se pou bwè mesye a bwè anpil men li konnen l pa ka pèmèt li sou. Li pa ka konte sou moun pou ranmase l si l tonbe. Ti Jan bwè li pa di betiz alewè fè betiz. Dirijan isit pa bwè (ofisyèlman) men se tout jounen yo ap di epi fè betiz. Yo toujou sou ! Wi, sou kou.

Jan bwè, jamè sou!

Lè bagay yo anpil pou nou, lè n pa ka defann tèt nou, nou pa pèdi espwa paske n konnen n gen avoka n. Ke w rele l Jan, Jan Dantò, Ti Jan elatriye, ou gen yon bon avoka pou defann kòz ou. Depi l di li kanpe ansanm ak ou, ou pa gen anyen pou w krent, gwo van p ap fè l kouri. Si gen lapli, li ap rele yon alye l vin kenbe plas la pou li. Kwè m ranplasan sa ap jwe wòl la kòm sa dwa.

 

Jan se sekretè. Se li k ap pran nòt, se li k ap gade dosye yo sou biwo a. Li konn tout dosye yo epi li pa nan pati pri. Li fè tout bagay ak prensip. W a pleziyis pa w men li fè tout bagay ak serye. Si se pou kalite jan chaje sa, e menm moun k ap di l trèt yo se pa serye yo ki fè l te ka ap ri ak yo konnya epi nan yon ti moman li chanje banda ak yo. Wi, li pleziyis se vre men li pa dakò moun depase limit yo. Seryezman, Jan gen anpil kalite ki manke lakay dirijan nou yo wi.

 

Wi, yo ta dwe pran l kòm model. Paske l rèspèkte pawòl li, paske l toujou pare pou pran ka, pou defann sa ki pi piti yo, inosan yo. Yo dwe aprann de li, paske tout moun konn defo l se vre, li renmen plezi, men li pa janm fè lèd ! Li toujou chèche antant, men si w depase limit ou l ap kale w anpi ! Jan m ap rele w, peyi a malad ! Fè kichòy pou li ! Asoa!

 

Stevens JEAN FRANÇOIS


Aucun commentaire

Contributions

Aucun commentaire !

Soyez le premier à commenter cet article.

Même rubrique

Les articles de la même rubrique


Avis de décès
Charivari!
Me diri a!
Yo koken, yo mètdam
Veye Jèvilòm!
Ariel chanpyon!

Abonnez-vous à notre infolettre

Saisissez votre adresse e-mail pour recevoir une notification par e-mail de chaque nouvel article.

Rejoignez les 3 060 autres abonnés!

Appuyer sur la touche "Entrée" pour effectuer une recherche.

Articles populaires

Paramètre du site

Thème