Ensekirite : Défenseurs Plus fè bilan viktim yo
Ensekirite a kontinye ap vale teren nan peyi a. Pou ede n konprann reyalite popilasyon an ki pa sispann pase move moman anba men bandi ak zam yo ki kontwole plis pase 90% nan kapital peyi a, Défenseurs Plus fè bilan viktim yo soti nan mwa janvye rive jounen jodia.
Pou ane 2024 ki sot pase a, plis pase 5 600 moun te pèdi lavi yo anba men bandi k ap simen latwoublay an Ayiti. Ane 2025 la pòkò fini se vre, men parapò a ogmantasyon kantite moun ki oblije kite katye kote yo t ap viv la akoz vyolans bandi yo, li vin parèt evidan kantite moun ki mouri, viktim kidnappin oubyen yo vyole yo p ap pi piti. Défenseurs Plus, yon kolèktif k ap defann dwa moun nan peyi a depi ane 2013, nan yon bat bouch ak redaksyon te bay kantite viktim divès move zak yo konte depi ane sa kòmanse.
Mèt Antonal Mortimé te byen kontan mete l disponib epi konfye redaksyon an kantite viktim yo konte. Gras a denonsiyasyon moun bay kolèktif la, analiz chif lapolis, lopital epi monitorin medyatik, depi premye janvye pou konnya, Défenseurs Plus rive konte plis pase 4 500 moun ki mouri pa bal, plis pase 2 000 ka vyòl, plis pase 3 567 ka vyòl ak plis pase 500 ka lenchaj. Chif sa yo montre aklè sitiyasyon ensekirite a pa chanje sitou li lakoz plis pase 2 milyon moun deplase kite kay yo nan depatman Lwès, Latibonit ak Plato Santral.
Dapre Naszyon Zini ensekirite a lakoz plis pase 5,7 milyon moun nan ensekirite alimantè. Pami yo, gen 8 500 ki nan faz 5 ki vle di riske nan famin. Gen plis pase 2 300 grav vyolasyon kont timoun ki anrejistre. Yon seri chif ki montre kòman kantite viktim ensekirite yo pa piti. Moun ap kontinye viktim pandan fòs Nasyon Zini kreye pou vin ede konbat bandi yo poko ka jwenn resous pou l ka efektif. Ta sanble solidarite nan mitan pèp yo fin disparèt.
Stevens JEAN FRANÇOIS
- Défenseurs Plus
- Antonal Mortimé
Thèmes associés
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
Nan Okap, PNCS selebre anivèsè li anba siy rekonesans ak devouman
Avèk yon mès aksyon de gras ki te reyini otorite, patnè, anplwaye ak envite, Kowòdinasyon Depatmantal Nò Programme Natio...
Publié le 24 juillet 2026, à 10:11 PM • Abigaelle Pierre • 4 min de lectureAkademi Kreyòl Ayisyen louvri premye Senpozyòm Anyèl sou Etid Kreyòl Ayisyen nan Okap
Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) louvri ofisyèlman, ayè jedi 23 jiyè 2026 la, nan vil Okap, premye edisyon Senpozyòm Anyèl s...
Publié le 24 juillet 2026, à 10:05 PM • Stevens Jean François • 6 min de lectureNord : les acteurs de l'alimentation scolaire plaident pour un renforcement des partenariats
Réunis au Cap-Haïtien à l'initiative du Programme National de Cantines Scolaires (PNCS) et du Programme Alimentaire Mond...
Publié le 18 juin 2026, à 10:06 AM • Stevens Jean François • 4 min de lectureProjet « Espace civique » : l’AHML sonde les journalistes haïtiens sur l’avenir des médias en ligne et l’autorégulation du secteur
L’Association haïtienne des médias en ligne (AHML) a achevé dans le Grand Sud une série de consultations avec des journa...
Publié le 8 juin 2026, à 10:15 AM • Annie Francois • 4 min de lectureL’Hôpital universitaire Justinien replonge dans la spirale des grèves
Depuis plusieurs jours, médecins, personnels administratifs et agents de soutien de l’Hôpital universitaire Justinien ob...
Publié le 22 avril 2026, à 10:50 AM • Paul Martial • 3 min de lectureConcours « Ayiti Alaso » : une arnarque étatique ?
Fin mars, l’annonce circulait sur les réseaux sociaux. Une vidéo, relayée par plusieurs internautes, invitait les artist...
Publié le 22 avril 2026, à 10:39 AM • Abigaelle Pierre • 3 min de lectureTCHAKO S.A. dénonce des accusations diffamatoires et alerte sur l’usage frauduleux de son identité
La société TCHAKO S.A. rejette catégoriquement les accusations mensongères portées contre elle. Dans un communiqué offic...
Publié le 14 avril 2026, à 06:49 PM • Louvencky Francois • 51 sec de lectureDrame à Seguin : au moins sept morts et un commissariat réduit en cendres
Dans la nuit du lundi 13 au mardi 14 avril 2026, une attaque armée d’une rare violence a secoué la petite localité de Se...
Publié le 14 avril 2026, à 06:42 PM • Paul Martial • 3 min de lectureLe SNGRS à pied d’œuvre à la rue Saint Honoré
À quelques encablures du Palais national, la rue Saint-Honoré a offert, hier dimanche, un spectacle inhabituel : des cam...
Publié le 13 avril 2026, à 03:18 PM • Louvencky Francois • 3 min de lectureLe SNGRS à pied d’œuvre à la rue Saint Honoré
À quelques encablures du Palais national, la rue Saint-Honoré a offert, hier dimanche, un spectacle inhabituel : des cam...
Publié le 13 avril 2026, à 03:18 PM • Louvencky Francois • 3 min de lectureGrâce au konbit, Ariana Milagro Lafond fait briller Haïti
Samedi 11 avril 2026, au Togo, la jeune Haïtienne de 19 ans, Ariana Milagro Lafond, a remporté la 8ᵉ édition du House of...
Publié le 13 avril 2026, à 02:54 PM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureLe SNGRS et l’OFATMA s’accordent sur un plan de régularisation
Le dossier des cartes d’assurance des employés du Service National de Gestion des Résidus Solides (SNGRS) a été au centr...
Publié le 6 avril 2026, à 01:08 PM • Paul Martial • 2 min de lectureLa Ministre Sandra PAULEMON plaide pour une aide mieux alignée sur les priorités nationales
La ministre de la Planification et de la Coopération externe, Sandra PAULEMON, a rencontré hier mercredi l’ambassadrice...
Publié le 2 avril 2026, à 02:57 PM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureSystème judiciaire : la situation carcérale et le rôle du CNAL au cœur des échanges
La situation carcérale, en lien avec la détention préventive prolongée, ainsi que le rôle du CNAL dans l’accompagnement...
Publié le 24 mars 2026, à 10:57 AM • Annie Francois • 2 min de lectureCEC-FEDO : Une Assemblée Générale sous le signe de la transparence et du renouveau à Delmas 32
Dans un contexte économique où la solidarité financière devient un pilier de la résilience communautaire, la Coopérative...
Publié le 24 mars 2026, à 10:27 AM • Paul Martial • 2 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.