Akademi Kreyòl Ayisyen louvri premye Senpozyòm Anyèl sou Etid Kreyòl Ayisyen nan Okap

Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) louvri ofisyèlman, ayè jedi 23 jiyè 2026 la, nan vil Okap, premye edisyon Senpozyòm Anyèl sou Etid Kreyòl Ayisyen. Rankont syantifik sa a, ki ap dewoule soti 24 pou rive 26 jiyè 2026 nan Site Kristofyèn nan, reyini divès pèsonalite nan kominote entelektyèl ak syantifik tankou lengwis, chèchè, pwofesè, etidyan ak lòt aktè ki enterese nan devlòpman lang kreyòl la pou yo reflechi sou tèm « Grafèm, Fonèm, Medya ak Klas Lesikal nan Lang Kreyòl Ayisyen », atravè konferans, panel syantifik ak sesyon kesyon-repons.

Akademi Kreyòl Ayisyen louvri premye Senpozyòm Anyèl sou Etid Kreyòl Ayisyen nan Okap

Nan lide pou fè lang kreyòl la rive jwe kòmsadwa wòl li kòm lang ofisyèl epi lang nasyonal, Leta Ayisyen te deside kreye, atravè lwa 7 avril 2014 la, Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA). Dapre atik 4 lwa sa, se Akademi Kreyòl Ayisyen an ki “gen konpetans pou travay sou lang kreyòl la jan Konstitisyon 1987 amande a egzije l. Li la pou garanti dwa lengistik tout Ayisyen sou tout sa ki konsène lang kreyòl la”.  Nan lide pou ranpli misyon l, depi lè li fin kreye a AKA pa sispann travay. Nan mwa jen 2017, Akademi an pibliye Premye Rezolisyon sou òtograf kreyòl ayisyen an. Sis (6) lane apre, nan mwa septanm 2023 pou plis presizyon, li pibliye Dezyèm Rezolisyon sou òtograf kreyòl ayisyen an. Jounen jodia, pandan l fin poze baz estandizasyon ekriti kreyòl la, AKA deside pase vitès siperyè ak lansman an menm tan Jounal Etid Kreyòl Ayisyen (JEKA) ak Senpozyòm Etid Kreyòl Anyèl.

Reyalizasyon premye edisyon Senpozyòm sila fè Okap tounen kapital  refleksyon syantifik sou lang kreyòl ayisyen an. Pandan 3 jou, divès chèchè, pwofesè nan inivèsite ansanm avèk sila ki ap anseye lang kreyòl nan lekòl, responsab inivèsite piblik tankou prive, etidyan nan inivèsite pral fè deba sou fonèm/grafèm u (ui), oun ak ng; kominikasyon an kreyòl nan medya epi klas leksikal yo nan kreyòl ayisyen an. Kòm se lavèy nòs pou w wè si nòs la ap bèl, depi ayè jedi 23 jiyè a, Akademi Kreyòl Ayisyen an te reyalize seremoni ofisyèl ouvèti senpozyòm nan.

Sou envitasyon AKA, divès pèsonalite te rasanble nan otèl Vila Cana pou patisipe a gwo evènman sa. Sila ki pa t ka fè deplasman yo pa t rate yon yota paske seremoni ouvèti a, menm jan ak senpozyòm nan dayè, ap difize an dirèk sou Zoom, Facebook ak Youtube. Nan entèvansyon l pou louvri seremoni an, Madam Kiria SAINT-FLEUR, te raple asistans la kouman depi 2014 AKA pa sispann travay pou pwoteje, devlope, valorize epi ankadre valorizasyon lang kreyòl la kit nan edikasyon, administrasyon piblik, jistis, elatriye.

Apre Im Nasyonal la, Mesye Samuel JEAN-BAPTISTE, Sekretè Ekzekitif AKA te fè mizankontèks, mo entwodiksyon ak byenvini yo. Nan entèvansyon l la li pa t manke fè konnen kouman, lajounen tankou lannuit, akademisyen yo pa sispann travay pou devlòpman syantifik lang kreyòl la.

Responsab Edikasyon nan UNESCO an Ayiti, Mesye Jean-Luc TONDREAU bò kote pa l te raple nesesite pou gen bon jan amenajman lengistik nan sal klas Ayiti tou. Mesye Sadrack ORDENA kòm Direktè Depatmantal Adjwen Nò Ministè Edikasyon Nasyonal, nan entèvansyon l te raple kèk avanse ki fèt nan kreyòl la pami yo etidyan ki redije epi soutni memwa yo an kreyòl. Li te pwofite anonse direksyon depatmantal la ap prepare yon pwogram fòmasyon sou didaktik lang kreyòl pou pwofesè nan Depatman Nò a.

Pwofèsè Manejacques Dodat JEAN bò kote pa l te voye yon gwo kout ayibobo pou AKA a ki, malgre difikilte yo, rive rasanble tout konpetans sa yo pou reflechi sou devlòpman lamg kreyòl la. Pou Rektè UPAG la, “Travay ki pral fèt la nan senpozyòm sa, se yon gwo pa nan bon direksyon paske travay sa ap ede nan lèkti ak ekriti lang lan patikilyèman ekriti syantifik la. Rezilta aktivite sa ap sèvi kòm yon gwo zouti pou rann lang lan pi senp nan ekriti ak ekriti

Kòdonatè Komisyon Syantifik AKA a, Akademisyen Marcky JEAN-PIERRE, nan entèvansyon l te raple ki plas lang kreyòl la jwe nan lavi popilasyon an, li te pwofite voye jete tout lide yon seri ekriven ayisyen ki te vle trete kreyòl la tankou yon ti lang dèyè manman, yon patwa oubyen yon obstak.  “Poutan se lang sa ki marinen ak lang yo, ki konsève memwa moun yo, ki nouri imajinasyon yo epi ki fasilite moun yo eksprime dwa yo kòm moun. Sa vle di li esansyèl pou lang sa genyen tout kalite konesans ki pou pèmèt tout konesans ki pwodwi ladan l” te fè konnen akademisyen an ki te pwofite raple AKA prezante bay nasyon an Jounal Etid Kreyòl Ayisyen (JEKA) ak Senpozyòm Etid Kreyòl Ayisyen Anyèl nan mwa jen ak jiyè ki “pa sèlman jis yon nouvo jounal ak yon nouvo sepozyòm, travay sa yo prezante a se prèv matirite kote popilasyon ayisyen anrive avèk lang yo a”.

Avan l te deklare ofisyèlman ouvèti senpozyòm nan, Akademisyen Rosilia François CORNEILLE te raple kisa evènman sa vle di. Dapre li lansman senpozyòm nan “make yon etap enpòtan nan listwa Akademi Kreyòl Ayisyen. Li make tou yon nouvo etap nan jefò n ap fè pou nou bay lang kreyòl la tout plas li merite kòm lang syans, lang rechèch, lang ledikasyon, lang administrasyon, lamg kreyasyon ak lang devlòpman kidonk lang nanm popilasyon ayisyen an”.  Pou Prezidan KAD-AKA a, “yon lang pa viv sèlman paske moun pale l. Li viv  paske moun etidye l, reflechi sou li, ekri ak li ak disiplin, prensip, règ, anseye li avèk rigè epi sèvi avèk li pou pwodwi konesans. Se poutèt sa senpozyòm sa rasanble fanm ak gason ki soti nan divès domèn pou yo mete konpetans yo, eksperyans yo ak vizyon yo ansanm pou sèvi yon sèl kòz : avni lang kreyòl ayisyen an. Pandan 3 jou nou pral reflechi sou  grafèm, sou klas leksikal yo, sou atikilasyon lang kreyòl la nan medya tradisyonèl ak nan medya dijital yo. Nou pral poze kesyon, konpareopinyon, pwopoze amelyorasyon epi chèche konsansis sou kesyon ki gen gwo enpòtans sou devlòpman lang la. Se pa pou nou fè deba pou deba, se pou n bati yon fondasyon ki pi solid pou jenerasyon k ap vini yo. Travay sa mande anpil imilite, li mande respè pou divèsite opinion paske lang se yon reyalite vivan. Li grandi, li adapte li, li anrichi tèt li chak jou. Men devlòpman sa dwe chita sou rechèch serye, sou analiz syantifik ak sou dyalòg nan mitan tout aktè ki konsène”.

Tousuit apre 3 jou senpozyòm nan, AKA ap òganize seyans fòmasyon pou pwofesè ak pou jounalis nan Nò. Sa k ap pèmèt jounalis yo metrize òtograf ofisyèl kreyòl la pi byen, redui erè nan ekriti nouvèl, repòtaj ak analiz yo epi pwodiksyon yo ap vin pi klè, pi egzak e pi fasil pou lektè yo konprann. Randevou vandredi 7 dawout pou w wè enpak fòmasyon an sou kalite pwodiksyon jounal la.

 

Stevens JEAN FRANÇOIS


Aucun commentaire

Contributions

Aucun commentaire !

Soyez le premier à commenter cet article.

Même rubrique

Les articles de la même rubrique


Abonnez-vous à notre infolettre

Saisissez votre adresse e-mail pour recevoir une notification par e-mail de chaque nouvel article.

Rejoignez les 3 060 autres abonnés!

Appuyer sur la touche "Entrée" pour effectuer une recherche.

Articles populaires

Paramètre du site

Thème