Chanpyona Nasyonal D1: Wikenn nan ap cho

Apre yon premye jounen ki te byen anime, Ligue Haïtienne de Football (LHF) rann piblik pwogramasyon ofisyèl dezyèm jounen Chanpyona Nasyonal Premye Divizyon an. Fanatik yo mèt pare yo ! Wikenn sa yo ap jwenn bèl espektak san rete, kote chak teren pral tounen yon chan batay pou chak ekip pral defann prestij yo.

Crédit Photo: LHF
Chanpyona Nasyonal D1: Wikenn nan ap cho

Pou 7 match ki te jwe pou premye jounen chanpyona nasyonal premye Divizyon an gen moun ki te twouve 9 gòl an tou twò piti. Te gen 3 viktwa ak 4 match nil nan premye jounen an epi Mervens Stamar se sèl jwè ki te make 2 gòl. Pou wikenn sa, moun ki t ap plenyen yo sanble pral jwenn satisfaksyon paske anpil ekip pwomèt farin nan p ap vin nan menm sak la wikenn sa.

Nan match avanse samdi 15 novanm 2025 la, Tempête FC ap louvri bèl wikenn nan lè li pral dèyè premye viktwa l pou sezon sa fas a Racing FC des Gonaïves ki poko bat ni make gòl nan chanpyona a. Nan dèbi Latibonit la, tou 2 ekip istorik yo ki gen estil pa yo, pral goumen pou yon sèl objektif : fè yon viktwa pou konfime anbisyon yo pou kòmansman sezon an.

Rès afich yo ki bèl tou ap ap dewoule dimanch 16 novanm nan plizyè vil atravè peyi a. Gwo chòk, bèl pwomès ak emosyon an kantite se sa fanatik yo pral jwenn. Me rès match yo :

Nan Pak Résigné : Real Hope ap tann Ouanaminthe FC ki te bat ASC lakay li wikenn pase a.

Pandan ASC pa konn si Real kòm ti frè ap siye san an pou li, li pral fas a Baltimore SC nan pak Félix Saint-Victor.

FICA sèl grenn ekip Okap ki pa gen 0 pwen ap deplase ale kay Cosmopolites SC nan pak Levelt.

Nan pak Sainte Thérèse, Violette AC ap tann chanpyon an tit la : America FC.

Cavaly AS ap tann Racing CH nan pak Gérard Christophe epi FC Juventus ap twoke kòn li ak Don Bosco FC nan pak Land des Gabions.

Avèk foug jèn talan yo, ekip ki anvi pran revanj, ak chalè piblik la nan tribin yo, LHF pare pou ofri yon dezyèm jounen cho, konpetitif epi chaje sipriz. Randevou lendi pou tout rezilta ak detay sou tout match yo. Men pa kite se mwen ki pou vin rakonte w sa k te pase nan match ki ap fèt tou pre w la. Ale chofe ekip ou, vil ou. Epi 18 novanm pa bliye chofe peyi w !

Stevens JEAN FRANÇOIS


Aucun commentaire

Contributions

Aucun commentaire !

Soyez le premier à commenter cet article.

Même rubrique

Les articles de la même rubrique


Abonnez-vous à notre infolettre

Saisissez votre adresse e-mail pour recevoir une notification par e-mail de chaque nouvel article.

Rejoignez les 3 060 autres abonnés!

Appuyer sur la touche "Entrée" pour effectuer une recherche.

Articles populaires

Paramètre du site

Thème