Delege Présumé di pa gen kanpe !
Depi kèk jou, non Delege Nò a, Marc Merzius PRESUME, sou anpil bouch. Desizyon li pran pou fè twotwa sou boulva Okap la retounen espas pou sitwayen chita oubyen sikile a fè anpil pale anpil. Dapre sa yon sous pwòch Delegasyon an fè n konnen operasyon demoli tout biznis ki sou twotwa sou boulva a ap reprann apre fèt fen dane yo.
Lè yon otorizasyon lamer Okap te bay yon biznis anplis pou konstwi sou twotwa boulva Okap la te pran lari, anpil moun ak estrikti pami yo Kenbe Kapòw te leve vwa yo pou raple twotwa pa pou biznis. Nan yon nòt estrikti a te ran piblik jou ki te 16 desanm 2025 la, mouvman sitwayen sa k ap goumen kont koripsyon ak move gouvènans te mande lameri pou bay eksplikasyon pandan li te raple se yon espas piblik pou moun pwomennen, yon vitrin touristik epi yon patrimwan touristik.
Kontrèman a Meri a, Delegasyon Nò a pa t pran tan pou reyaji epi te bay yon delè 3 jou pou sa ki sou twtwa a demoli. Se konsa apre ekspirasyon delè a, jou ki te 23 desanm pase a, Delegasyon ansanm ak Komisè Gouvènman an Mèt Eno Zéphirin epi Angie Belle kòm reprezantan meri a te ale sou boulva a ansanm ak lapolis te deplase ak yon traktè epi demoli plizyè barestoran ki te okipe twotwa yo.
Apre operasyon sa anpil moun t ap mande kòman meri a fè patisipe nan operasyon an pandan se menm meri sa ki bay otorizasyon ? Genyen tou ki t ap mande si Delege a konte kontinye ? Yon sous pwòch delegasyon an pote repons pou dezyèm nan kesyon an. Dapre sa li fèn konnen operasyon yo ap rapousib apre fèt fen dane yo. « Gen bòykòt lameri ak Direksyon Depatmantal Lapolis la pou ta kanpe operasyon kraze biznis ki pran espas sou boulva a. Yo kanpe men apre fèt yo Delege a ap retounen frape ankò. Epi gen chèz k ap prepare pou mete sou boulva a pou moun ka chita jan sa te ye avan » te fè n konnen sitwayen sa ki pa t vle non l site paske dapre li « Se gwo jimnastik Delege a ak Komisè Gouvènman an te fè ki vin bay travay sa ou wè a. Angie Bell pa sou koze konsa vre ».
Dosye sa montre aklè gen yon fòs ponyèt ant ajan ekzekitif enterimè yo ak delegasyon an, kiyès k ap ranpòte lamayòt ? Èske se lalwa oubyen rapò fòs ki pra l tranche ? Sèl sa nou konnen gen ti lis ki gentan ap sikile pou ranplase delege a.
Louvencky FRANÇOIS
- Konbyen kòb Anbasad Taïwan bay Meri Okap menm ?
A lire aussi
- Marc Merzius Presume
- Okap
- Boulva
Thèmes associés
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
L’ONI annonce une carte d’identité pour enfants
Environ 6,3 millions d’haïtiens disposent actuellement d’une carte d’identification nationale, selon le directeur généra...
Publié le 11 décembre 2025, à 02:53 PM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureLe rapport mondial GMMP+30 révèle la sous-représentation criante des femmes dans les médias haïtiens
Le rapport mondial GMMP+30 (Global Media Monitoring Project), lancé le mardi 9 décembre par la WACC, dresse un constat a...
Publié le 11 décembre 2025, à 02:25 PM • Marckendy Dorsainvil • 2 min de lectureToutouni fait le buzz !
Depuis l’annonce de son lancement officiel dans le Nord, le Mouvement National pour la Transparence – TOUTOUNI suscite u...
Publié le 9 décembre 2025, à 12:12 PM • Stevens Jean François • 2 min de lectureDossier Stephora Joseph: des élèves avaient filmé la scène
La mort de Stephora Anne-Mircie Joseph, élève haïtienne de 11 ans, avait suscité une vive émotion et une profonde vague...
Publié le 9 décembre 2025, à 11:19 AM • Annie Francois • 2 min de lecture80 ans de l’Institut français d’Haïti : Bendgy Tilias appelle à une coopération culturelle « plus ambitieuse »
L’Institut français d’Haïti célèbre, du 3 au 7 décembre, ses 80 ans d’existence. Prenant part à une cérémonie en la rési...
Publié le 4 décembre 2025, à 02:34 PM • Abigaelle Pierre • 3 min de lectureAlbert Ramdin plaide pour une transition limitée à neuf ou douze mois
En visite officielle en Haïti, le secrétaire général de l’Organisation des États américains (OEA), Albert Ramdin, s’est...
Publié le 4 décembre 2025, à 02:23 PM • Louvencky Francois • 2 min de lectureRéhabilitation du tronçon Madeline-Carrefour Aéroport : une bonne nouvelle pour la population Capoise
Le Bureau de Communication de la Mairie du Cap-Haitien a annoncé la publication officielle d’un appel d’offres du Minist...
Publié le 4 décembre 2025, à 02:14 PM • Marckendy Dorsainvil • 2 min de lecturePont-Sondé : Défenseurs Plus déclare constater l’incapacité des autorités à protéger la population
Le Collectif Défenseurs Plus tire une nouvelle fois la sonnette d’alarme après l’attaque d’une extrême violence perpétré...
Publié le 4 décembre 2025, à 01:53 PM • Annie Francois • 2 min de lectureChaque département aura désormais son centre de tabulation
Lors de la 29e édition des Mardis de la Nation, le ministre délégué chargé des questions électorales, Joseph André Graci...
Publié le 3 décembre 2025, à 12:55 PM • Annie Francois • 2 min de lectureHaïti, nouvelle plaque tournante du crime transnational, alerte l’ONU
Haïti traverse une crise sécuritaire sans précédent. Alors que les gangs étendent leur emprise sur Port-au-Prince et plu...
Publié le 3 décembre 2025, à 12:39 PM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureHaïti trace la voie des urnes : le Décret électoral a été adopté
Sous la présidence de Laurent Saint-Cyr, actuel numéro 1 du Conseil Présidentiel de Transition (CPT), le Conseil des Min...
Publié le 2 décembre 2025, à 02:55 PM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureLa FIFA a prolongé le mandat du Comité de Normalisation
La Fédération Haïtienne de Football (FHF) a informé, dans un communiqué que la FIFA a décidé de prolonger le mandat du C...
Publié le 2 décembre 2025, à 02:39 PM • Marckendy Dorsainvil • 2 min de lectureL’OJH veut documenter la perception des Organisations de Jeunes sur le Projet de Décret électoral
L’Observatoire de la Jeunesse Haïtienne (OJH) a lancé, le 28 novembre dernier, une enquête sur la perception des Organis...
Publié le 2 décembre 2025, à 01:41 PM • Annie Francois • 2 min de lectureLe gouvernement reste déterminé à rétablir la normalité constitutionnelle
Autour du thème « Les élections sont-elles possibles dans le contexte socio-politique actuel en Haïti ? », le Secrétaire...
Publié le 1er décembre 2025, à 01:28 PM • Stevens Jean François • 2 min de lectureChanm Komès Ayisyano Afriken pran nesans !
Jodi 28 novanm 2025 la, gen yon lòt pon ki relye Ayiti ak tout kontinan afriken an. Ak lansman ofisyèl chanm komès ayisy...
Publié le 28 novembre 2025, à 01:09 PM • Annie Francois • 49 sec de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.