Koup dimond FIFA-Qatar 2022: Kisa ou dwe konnen sou Qatar ki se premye peyi kalifye
Peyi Qatar ki se premye kalifye pou koup dimond ki gen pou fèt nan mwa novanm rive desanm 2022 a, twouve li nan gwoup A, li nan gwoup sila ansanm ak Equateur, Sénégal epi Pays-Bas. Se li menm ki se peyi k’ap akeyi gwo fèt foubòl sa a ke FIFA ap òganize. Redaksyon jounal Le Courrier de la Nation pran plezi pou prezante ak fanatik yo peyi sila.
Depi aprè koup dimond 2010 ki te fèt nan kontinan afriken an nan peyi Afrique du Sud, rèsponsab FIFA yo ki te gen nan tèt li Sep Blatter te remèt bay Qatar responsablite resevwa 22 zyèm edisyon mondyal la. Malgre anpil plenyen sou fason Qatari yo benefisye òganizasyon bèl fèt sa, ebyen peyi Qatar pare pou resevwa evènman an.
Peyi Qatar se pral premye peyi nan Moyen-Orient ki pral òganize kokenn chenn aktivite foutbòl sa e se premye fwa yo tou nan egzèsis sa. Qatar se yon penensil ki pataje fwontyè li ak Arabie Saoudite. Selon yon seri enfòmasyon ki disponib sou sit entènèt FIFA, sivilizasyon moun yo ale jiska 50 000 lane. Li se yon peyi ki konvèti nan lislam nan setyèm syèk avan ke yo te vin sou pwoteksyon britanik nan lane 1916.
Se yon peyi ki rich anpil epi se gras ak richès yo sitou nan sa ki gen pou wè ak petwòl ke yo vin endepandan nan lane 1971. Daprè yon ankèt an 2021, peyi Qatar vini 2e peyi ki ekspòte plis gaz natirèl likid. Yo gen lòt sous richès tou tankou lapèch ak pèl. Lajan yo itilize nan peyi sa rele riyal.
Qatar gen yon sipèfisi 11 mil kilomèt kare sa ki fè de li 163zyèm nan mond lan nan sa ki gen pou wè ak gwosè. Kapital yo a ki se Doha se yon veritab kote ki atire anpil touris e gen plis pase 2 milyon moun kap viv nan kapital la. Prensipal rezon ki fè koup dimond 2022 ap fè nan peryòd nou site anlè a se paske se sèlman nan peryòd sa tanperati a ka atenn 30 degre sèlsiyis.
Nan sa ki gen pou wè ak match inogiral koup dimond 2022 a, ekip foutbòl Qatar la ki se peyi kap resevwa mondyal la ap gen pou twoke kòn li ak ekip Equateur a. Match sa ap jwe nan yon estad tou nèf ki rele Al Bayt stadium ki genyen 60 000 plas.
Nan pwochen nimewo nou, n’ap gen pou prezante w ekip Equateur a. E sal redaksyon Le Courrier de la Nation ap akonpanye piblik li a pandan tout dire koup dimond lan.
Seide Putnam LOUIS-JEAN
- Coupe du monde FIFA-Qatar 2022: Menacée d'exclusion, La Tri sera bien de la partie
- Coupe du monde Qatar 2022: La FIFA autorise désormais 26 joueurs par équipe
- FOOTBALL | CONCACAF| Qualification CDM Qatar 2022: Haïti descendue de son petit nuage
A lire aussi
- Koup di Mond
- Qatar
- Foubòl
Thèmes associés
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
Championnat D1 : le FICA toujours allergique à la victoire
Bon dernier du groupe Nord, le Football Inter Club Association (FICA) traverse un début de saison particulièrement compl...
Publié le 2 décembre 2025, à 02:19 PM • Stevens Jean François • 2 min de lectureChampionnat National D1 : une troisième journée perturbée par l’insécurité
Le Championnat National de Première Division continue à se dérouler malgré le contexte difficile, marqué par une détério...
Publié le 24 novembre 2025, à 01:25 PM • Marckendy Dorsainvil • 2 min de lectureChampionnat National D1 : une deuxième journée riche en buts et en rebondissements
Treize buts, six victoires et un nul : la deuxième journée du Championnat National de Première Division de la Ligue Haït...
Publié le 17 novembre 2025, à 02:47 PM • Marckendy Dorsainvil • 2 min de lectureChanpyona Nasyonal D1: Wikenn nan ap cho
Apre yon premye jounen ki te byen anime, Ligue Haïtienne de Football (LHF) rann piblik pwogramasyon ofisyèl dezyèm joune...
Publié le 14 novembre 2025, à 01:36 PM • Stevens Jean François • 2 min de lectureGrenadiers, à l’assaut!
La sélection nationale senior, à l’image de nos ancêtres à Vertières, a rendez-vous avec l’histoire. Les 13 et 18 novemb...
Publié le 13 novembre 2025, à 03:22 PM • Paul Martial • 2 min de lectureChampionnat National D1 : Une ouverture pleine de promesses et d’inattendu
La première journée du Championnat National D1 de la Ligue Haïtienne de Football (FHF) a livré son lot d’émotions, de co...
Publié le 10 novembre 2025, à 04:00 PM • Marckendy Dorsainvil • 2 min de lectureCoupe du Monde U17 : les jeunes Grenadiers sont tombés les armes à la main
Après sa défaite 4-2 face au Venezuela lors de la dernière journée de la phase de groupes, la sélection haïtienne mascul...
Publié le 10 novembre 2025, à 03:29 PM • Paul Martial • 2 min de lectureCoupe du monde U17 : « Nous avons perdu un match, mais pas la guerre »
Pour sa première sortie, la sélection nationale a enregistré un véritable revers face à l’Égypte 1-4. Une défaite qui a...
Publié le 5 novembre 2025, à 01:26 PM • Marckendy Dorsainvil • 2 min de lectureBallon d’or 2024 : coup de projecteur sur ces votes tirés par les cheveux
Chaque année, la remise du Ballon d'Or est un événement tant attendu par les amateurs de football du monde entier. Cepen...
Publié le 29 octobre 2024, à 07:32 PM • Louvencky Francois • 4 min de lectureDe Dumornay au Classico, la planète football a connu un week-end de folie
Le dernier week-end du mois d'Octobre a été marqué par un ensemble d'activités footballistiques les unes plus captivante...
Publié le 28 octobre 2024, à 04:13 PM • Seide Putnam LOUIS-JEAN • 2 min de lectureBallon d’or 2024 : le récent triplé de Vinicius peut-il changer la donne ?
Mené 2-0 à la pause, le Real Madrid, champion d'Europe en titre, a signé sur sa pelouse une nouvelle "remontada" en renv...
Publié le 23 octobre 2024, à 07:52 PM • Paul Martial • 3 min de lectureÀ 37 ans, Leo Messi fait encore le show
L'Albiceleste, emmenée par un Lionel Messi de gala; a écrasé la Bolivie 6-0 au monumental stadium pour le compte de la...
Publié le 17 octobre 2024, à 05:18 PM • Seide Putnam LOUIS-JEAN • 2 min de lectureCNL : 22 grenadiers pour affronter Aruba
Carl Fred Sainté n’a pas pu rejoindre ses coéquipiers à cause d’un malaise. L’effectif qui a été renforcé par les récent...
Publié le 10 octobre 2024, à 06:59 PM • Paul Martial • 2 min de lectureLe Real Hope Academy brille dans la Coupe caribéenne des clubs de la Concacaf
La dernière journée de la phase de groupe de la Coupe caribéenne des clubs de la Concacaf a été marquée par un événement...
Publié le 6 octobre 2024, à 10:55 AM • Louvencky Francois • 3 min de lectureCNL 2024-2025 : Le calendrier officiel du mois d’octobre est connu
La Concacaf a officiellement dévoilé le calendrier des matchs pour le mois d’octobre dans le cadre de la Ligue des Natio...
Publié le 23 septembre 2024, à 03:53 PM • Paul Martial • 2 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.