Kòman nou ka fè diferans ant ze fre ak ze ki gate?
Depi lè machann yo vin vann ze bouyi 2 pou 5 goud la machann kafe ak pen, chokola ak lèt, akasan, soup, elatriye vin ra nan lari a. Jounen jodia, malgre pri grenn ze a vin miltipliye pa 10, sa pa anpeche li se pwodwi nou konsome plis nan maten, kit nan lari kit lakay nou. Men kòman nou ka konnen si ze a fre san nou pa kase l?
Kit li bouyi kit li fri se menm ze a, men sa pa anpeche anpeche machann yo fri ze ki fin bouyi a anndan pate chodyè yo. Se menm jan an tou, si machann nan pa gen bon piman ak ti kawòt rache ladanl nou p ap twò achte ze bouyi nan men l. Kit se aleken (chen janbe pou kèk moun), kit se espageti oubyen pen n ap manje nan maten an, nou mete ze bouyi nan yo, ak anpil sòs wi souple. Wi, ze bouyi m di menm. Machann nan louvri pen an li mete ze bouyi kale a ak pil piman anndan l. Ze fri a li menm ap danse bò kote fig mi ak zaboka ki akonpanye espageti a konsa tou li konn kouvri viv bouyi nou achte pou n manje nan maten an. Bon, ki egzanp pou m ta pran ankò pou montre kijan nou manje ze?
Se vre pa gen estatistik klè ki di konbyen fwa an mwayèn nou manje ze pa semèn ni kantite ze nou manje an mwayèn pa ane men, sa ki sèten, se ke n manje ze anpil. Malerezman se pa nou ki veye lè poul la kakaye pou n al pran ze a, konsa nou ta tou konnen ki lè li te ponn. Malerezman tou Leta pa fè egzijans pou ekri sou katon oubyen bwat ze yo, ki lè poul la te ponn li ni ki tip poul ki ponn li (m ap retounen sou sa). Men malgre nou pa konn si ze a gen 21 jou depi poul la te ponn li ni si l gen 28 jou (pou sa ki konsève nan frijidè) nou kontinye ap manje ze. Leta pa fè n konnen ze gen dat ekspirasyon tou. Li pa fè n konnen lè ze a gen plis pase 28 jou (pou frijidè) oubyen 21 jou (pou sa k ap bat solèy ak lapli nan men machann), li pa menm verifye konbyen jou apre poul fin ponn ze kay vwazen an li voye yo vann nou. Nou menm malgre danje ki gen pou ze a vin gen bakteri tankou salmonèl, nou konyinye ap manje yo. Menm lè yon koulè gri oubyen nwa antoure nwayo ze a, nou kontinye ap manje l, amwens ke li degaje move lodè.
Poutan gen yon fason tou senp pou n ka wè si ze a fre. Nou jis bezwen dlo. Annik pran ze a lage l nan dlo: si li rete anba veso a konnen ze a fre. Si ze a fè ti bouje epi redrese kò l konnen l pa twò fre. Men depi l monte anlè dlo a, konnen li pa fre ditou. Nan ka sa pa manje l si l pa byen kit. Chalè a ap tiye bakteri yo.
Jan m te di l la kit li bouyi kit li fri se menm ze a wi. Men lè n ap fè sòs ze oubyen kit diri kole ak ze n a di m si ze pa tounen vyann. Antouka avan nou fè legim ze menm jan nou fè legim ak salami, hot-dog oubyen sadin m ap gentan bay nou vag.
Stevens JEAN FRANÇOIS
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
Le MSPP déterminé à contenir le choléra
La 28e édition des Mardis de la Nation s’est déroulée ce 4 novembre autour du thème « Santé publique et gestion des urge...
Publié le 4 novembre 2025, à 04:11 PM • Louvencky Francois • 2 min de lectureAnslyne Arthur sélectionnée pour représenter Haïti et la région Caribéenne à la 7e édition de l'ICFP
Jeune Ambassadrice en Santé Sexuelle et Reproductive de l’Observatoire de la Jeunesse Haïtienne (OJH), Anslyne Arthur fi...
Publié le 3 novembre 2025, à 02:53 PM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureLe CICR a réalisé une troisième séance de communication opérationnelle pour les journalistes
Le Comité International de la Croix Rouge (CICR) a réalisé une séance de communication opérationnelle au bénéfice de prè...
Publié le 30 septembre 2024, à 07:38 AM • Stevens Jean François • 4 min de lectureLancement du projet CHAMPIONS : Un pas vers une santé durable en Haïti
Le lundi 23 septembre 2024, l'Institut Panos a officiellement lancé le projet CHAMPIONS, une initiative ambitieuse visan...
Publié le 25 septembre 2024, à 09:48 AM • Paul Martial • 3 min de lectureVariole du singe : le ministère de la Santé publique et de la Population se veut rassurant
Le ministère de la Santé publique et de la Population (MSPP) en Haïti a récemment tiré la sonnette d'alarme concernant l...
Publié le 5 septembre 2024, à 12:16 PM • Marckendy Dorsainvil • 2 min de lectureSécurité transfusionnelle et approvisionnement en sang : Le MSPP appelé à prendre ses responsabilités
À l’initiative de Konbit San Pou San, un sit-in s’est tenu devant les locaux du Ministère de la Santé Publique et de la...
Publié le 16 janvier 2024, à 12:25 PM • Stevens Jean François • 6 min de lectureEnfeksyon, moun kole ak tonbe ansent se kèk danje ki gen nan fè bagay nan dlo
Ak chalè sa, avan lekòl louvri kèk kote nan peyi a, anpil moun ap ale nan plaj oubyen nan pisin. Gen nan yo ki pral tou...
Publié le 8 septembre 2023, à 02:52 PM • Annie Francois • 5 min de lectureRésurgence de dengue en Haïti : l’insécurité fait obstacle au MSPP
Diverses sources hospitalières ont indiqué, juillet 2023, avoir recensé des cas de dengue en Haïti. Un mois plus tard, l...
Publié le 3 septembre 2023, à 01:26 PM • Stevens Jean François • 5 min de lectureDes larves retrouvées dans le lait infantile Gallia
Des parents ont signalé avoir trouvé des larves dans des boites du lait infantile Gallia. Ils sont 110 au total. Les dis...
Publié le 3 août 2023, à 01:56 PM • Stevens Jean François • 3 min de lecture3 rezon pou w pa bay timoun medikaman ki pou granmoun
Anpil moun gen abitid bay timoun medikaman ki pou granmoun lè yo malad. Pandan lide a se pran swen timoun nan, pratik sa...
Publié le 29 juillet 2023, à 01:16 PM • Stevens Jean François • 2 min de lectureMedikaman plis alkòl: yon move maryaj
Anpil moun isit gen reflèks pran medikaman ak alkòl, sitou lè yo gen lafyèv. Tandans la se bwè yon konprime ak kleren, s...
Publié le 21 juillet 2023, à 03:44 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureHaïti : Relance de la campagne de vaccination contre la Covid-19, pour quel public cible?
Le Ministère de la santé publique et de la population (MSPP) a relancé mardi dernier, sa campagne de vaccination contre...
Publié le 28 juillet 2022, à 11:09 AM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureHaïti: la Banque mondiale injecte 20 millions supplémentaires dans le secteur sanitaire
Le Conseil d'administration de la Banque mondiale (BM) a approuvé, hier jeudi, une aide évaluée à 20 millions de dollars...
Publié le 17 juin 2022, à 07:58 PM • Marckendy Dorsainvil • 59 sec de lectureDes mesures salvatrices pour l'OFATMA
Pour tenter d'endiguer de la crise financière, l'Office d'assurance accident du travail, maladie et maternité (OFATMA) s...
Publié le 6 juin 2022, à 02:20 PM • Louvencky Francois • 52 sec de lectureSurveillance Épidémiologique-Variole du singe: Découverte d’un cas suspect dans l’Artibonite, faut-il s’en inquiéter ? Partie 1
Un individu présentant des signes de variole du singe a été reçu en clinique externe au cours du mois de mai à Saint Mar...
Publié le 2 juin 2022, à 07:47 PM • Seide Putnam LOUIS-JEAN • 2 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.