Jounen 8 mas, nou tout konsène !
Nan yon atik jounal "Le Nouvelliste" te soti nan dat 22 mas 2016, ekriven Aly Acacia te fè yon rapèl istorik jounen 8 mas la, ki se jounen entènasyonal dwa fanm. Nan atik sa a, ekriven an di nou ke se nan kòmansman 20 èm syèk la ke mouvman sa a kòmanse, pi presizeman an 1910. Dat 8 mas 1910 la se dat ke yo konsidere kòm prensipal moman oubyen jou ke mouvman kont eksplwatasyon fanm nan te kòmanse. Otè a menm rive konpare dat sa ak seremoni bwa kayiman ayisyen an. Li di ke menm jan ke mouvman pou endepandans peyi Dayiti kòmanse vrèman ak Seremoni Bwa kayiman an, se konsa tou mouvman fanm yo kòmanse ak jounen 8 mas 1910 la. E se te yon fanm ki rele Clara Zetkin, yon almand ki te òganize yon Jounen konferans entènasyonal pou fanm sosyalis yo nan jou sa a. Clara Zetkin, se te yon Jounalis. E sa ki te plis enterese medam yo nan moman an se te dwa pou yo ka vote.

Crédit Photo : www.filsantejeunes.com
Yon lane apre, 19 mas 1911, medam yo òganize yon kokennchenn manifestasyon nan kapital plizyè peyi nan mond lan. Yo tap reklame dwa pou yo vote, dwa pou yo okipe pòs nan pouvwa politik yo, dwa pou yo sispann viktim de diskriminasyon nan kote y'ap travay elatriye. Mouvman an kontinye ap pran fòs, vin gen plis peyi ki santi yo kosène. E an 1917, pandan ke nou an plen revolisyon nan peyi Russie, Lénine pran pouvwa nan dat 6 nov 1917. E 4 lane pita, 8 mas 1921, misye deklare jounen 8 mas la, jounen fanm.
Apre 1945, kidonk, apre dèzyèm gè modyal la, 8 mas la vin yon tradisyon nan tout mond lan. Men se a pati de ane 70 yo ke mouvman sa a vin yon bagay ke tout moun pral oblije aksepte. E Nasyon Zini pral oblije foure bouch nan koze a poul ofisyalizel. Se konsa, a pati de jounen 8 mas 1977 la, jounen sa a tou vin Jounen Entènasyonal Fanm.
Nou pap medam yo bòn fèt jan anpil lòt moun fèl, paske jodi a pa yon jou fèt pou fanm yo, men pito yon jounen refleksyon sou konba k ap mennen chak jou pou fanm yo jwi tout dwa yo lib e libè nan sosyete a. Nou tou pwofite swete fanm yo bon kouraj nan lit la.
Toupatou nan mond lan, 8 mas raple nou ke gen anpil travay ki pou fèt toujou pou sosyete nou yo ka vin pi ekilibre, Kote fanm ak gason gen menm dwa, kapab jwi menm privilèj, e patisipe ansanm, san diskriminasyon, nan konstriksyon mond lan.
E jounen sa a fè nou sonje ke nou dwe kontinye travay pou nou amelyore kondisyon lavi fanm yo, e mezire enplikasyon yo nan pwogrè mond lan.
Pou ane 2020 an, tèm Nasyon Zini chwazi pou jounen fanm yo se: " Je suis de la génération égalité: levez-vous pour les droits de femmes" sa ki vle di an kreyòl, " mwen fè pa pati jererayon tout moun egal ego, fanm kou gason: Leve kanpe pou dwa fanm yo"
Se pa pou bon plezi yo chwazi yon dat nan lonè medam yo. Se paske nan tout peyi nan mond lan, fanm ak gason poko jan egal vre. Menm peyi ki di yo se chanpyon nan demokrasi yo poko rezoud problèm inegalite ki genyen ant fanm e gason an. Pa gen peyi nan mond lan ki ka bat lestomak yo di ke yo genyen batay sa a. Se pou sa ke li enpòtan pou tout moun enplike yo nan lit sa a. E se paske gen anpil travay ki pou fèt toujou ki fè Hilaty Clinton, madanm Bill Clinton te di: si gen yon travay nan 21 èm syèk la ki kòmanse men ki pa fini, se travay sou dwa fanm ak ti fi."
Batay pou rekonèt et respekte dwa fanm yo ta dwe batay tout moun. Paske defann fanm yo, se dafanm sosyete a. Si fanm yo se pilye sosyete a jan tout moun toujou dil, tout moun ta dwe enplike nan batay kap mennen chak jou pou fanm yo ka jwi tout dwa ke yo merite. Tout tan nou gen lavi nou dwe lite pou konbat diskriminasyon kap fèt kont fanm yo. Li lè li tan pou n sispan panse ke fanm enferyè a gason, ke fanm pi fèb pase gason.
Jan Ghandi te dil la, se yon difamasyon lè w di ke fanm pi fèb pase gason. E se yon fòm enjistis ke gason ap fè kont fanm chak fwa yo di oubyen panse yon bagay konsa.
Konba sa a se konba tout moun. Tan ke nou egziste nou dwe fè de kesyon dwa fanm nan yon sijè ki enterese tout moun. Tout moun ki antre nan batay sa a konprann ke ant fanm ak gason pa dwe gen inegalite. Yo konprann ke monde lapè ak et lanmou ke nap reve a pa posib San enplikasyon fanm yo. Batay jiskobou pou egalite ant gason ak fanm dwe yon batay san vyolans men ki gen anpil detèminasyon. Chak jou ki pase san nou pa debat sijè sa a, se yon pa an aryè ke nou fè. Aloske nou vle pouse batay la ale kote viktwa final la ye a. Yon viktwa final kap pèmèt nou gen yon nouvèl sosyete, yon nouvo mond. Yon mond ke nou tout reve, yon mond kap pi vivab pou nou ak pou desandan nou yo. Chak fwa gen yon grenn moun an plis ki konprann enpòtans batay sa a, se yon pa an avan ki fèt, Se yon lòt pòt ki louvri. Nan Batay sa a pa dwe gen penyen lage. Li dwe yon batay pèmanan, yon batay kotidyen. Li pa dwe yon opportunité tou pou yon gwoup moun fè lajan sou tèt fanm yo. Li pa dwe yon pretèks pou moun di bèl pawòl jis pou flate fanm yo. Batay sa a pa dwe yon batay chak 8 mas. Li dwe rantre nan reyalite lavi nou chak jou. Li dwe entegre tout sektè nan lavi nasyonal la. Li dwe nan lekòl yo, nan legliz yo, anndan leta a elatriye. Nou dwe sonje enpòtans batay sa a chak fwa nou respire.. Paske dwa fanm ak enpòtans fanm se de bagay ki ka bay lavi nou yon lòt sans, si nou arive mete yo nan nivo ke yo dwe ye a.
Se vre tout moun dwe enplike, se vre ke se konba tout moun li ye, men medam, nou dwe pran devan nan lit sa a, paske nou pi konsène. Pa gen anyen fanm vle fè, li pap ka rive fèl. Se sèl volonte ki pou manke. Paske jan pwovèb fransè a di a, " ce que femme veut, Dieu le veut". Sa vle di an kreyòl, tout sa fanm vle, Bondye vlel. Se yon fason pou montre nou ke pa gen anyen ki enposib pou medam yo reyalize. Yon fanm ka reyisi kote anpil gason te echwe. Donk li pa posib pou an 2020, toujou gen tout diskriminasyon sa yo kont fanm yo.
Men Fanm yo dwe konnen tou ke anpil fwa se yo menm ki fè gason panse ke yo enferyè. Fòk pa gen ipokrizi nan batay la. Se swa w ap batay pou egalitew ak gason oubyen ou pap batay. Anpil fwa nou tande fanm ap di, ke sa a se travay gason, se pa travay fanm, ke se gason ki ta sipoze jwe tèl wòl nan sosyete a elatriye. Ou pa ka vle jwi menm dwa ak gason pandan ke oumenm ankò w'ap kontredi tèt ou.
Chak 8 mas nou ta sipoze fè yon bilan pou n konnen ki pwogrè ki fèt nan zafè egalite fanm ak gason nan diferan kominote kote n ap evolye yo. E nou dwe konnen ke yo pap fè nou kado viktwa n'ap chèche a. Se rezon sa ki fè m di nou, ke nou pa dwe pran vakans nan travay pou twouve egalite ant fanm ak gason an. Tout moun dwe leve kanpe pou dwa fanm yo jan tèm jounen 8 mas 2020 an dil la.
Yon lòt fwa ankò, m swete nou yon bon jounen mondyal fanm, e bon konba.
Widly Carpentier / Sagittarius
carpentierwidly@yahoo.fr
(509)43467462/38780658
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
Solino has fallen
Après plus d’un an de résistance, Solino symbole du combat acharné de citoyens délaissés par l’État en quête de protecti...
Publié le 15 novembre 2024, à 08:45 PM • Paul Martial • 2 min de lectureDossier BNC : le juge Benjamin Félismé n’a rien sollicité du Ministère de la justice
Raoul Pascal Pierre-Louis, ancien président du conseil d’administration de la Banque nationale de crédit (BNC), est conv...
Publié le 14 novembre 2024, à 10:08 AM • Stevens Jean François • 3 min de lectureNous avons le choix ultime d’aller vers la Cour de cassation et de chercher le soutien des forces armées, prévient Jean Robert Arguant
Prenant part au lancement du Forum d’Appui au Processus Electoral (FRAPE), le 9 novembre dernier, Jean Robert Arguant, C...
Publié le 12 novembre 2024, à 05:34 PM • Louvencky Francois • 2 min de lecturePénurie de produits à la Gonâve : Erno Louissaint sollicite l’intervention des garde-côtes pour établir un couloir humanitaire
Les habitants de l'île de la Gonâve sont confrontés depuis plusieurs semaines à une pénurie de produits de première néce...
Publié le 3 novembre 2024, à 03:26 PM • Annie Francois • 2 min de lectureCPT : Six mois au pouvoir pour quels résultats ?
Il y a environ six mois, le Conseil Présidentiel de Transition (CPT) a pris ses fonctions dans un contexte marqué par la...
Publié le 28 octobre 2024, à 04:04 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureComplot visant le Premier Ministre Garry Conille : le Ministre de la Justice a indiqué détenir « des informations concordantes et persistant...
Intervenant sur les ondes de Vison2000 jeudi dernier, le ministre de la Justice et de la Sécurité publique, Me Carlos He...
Publié le 28 octobre 2024, à 03:38 PM • Louvencky Francois • 4 min de lectureDe Jovenel Moïse aux trois conseillers présidentiels, Benjamin Félismé mène les instructions
Me Benjamin Félismé a été désigné par le doyen du Parquet du Tribunal de première instance pour instruire le dossier de...
Publié le 23 octobre 2024, à 07:36 PM • Annie Francois • 3 min de lectureUn nouveau comité prend les rênes de l'Association professionnelle des magistrats
Lors du 2e congrès de l'Association professionnelle des magistrats (APM) un nouveau comité a été élu pour un mandat de t...
Publié le 19 octobre 2024, à 05:19 PM • Abigaelle Pierre • 3 min de lectureJean-Jacques Dessalines : l’homme qui défia l’esclavage dans son entièreté
Jean-Jacques Dessalines est incontestablement une figure emblématique de l’histoire moderne, reconnue pour son rôle maje...
Publié le 17 octobre 2024, à 04:50 PM • Abigaelle Pierre • 3 min de lectureDeux incidents meurtriers en une semaine: l’efficacité de la MMAS remise en cause
L’efficacité de la mission multinationale d’appui à la sécurité (MSS) est désormais remise en question, quelques semaine...
Publié le 13 octobre 2024, à 12:54 PM • Annie Francois • 3 min de lectureRésolution de la crise haïtienne : Volker Türk se veut enthousiaste
Le chef des droits de l’homme de l’ONU, Volker Türk, a exprimé des opinions optimistes sur la possibilité d’avènement de...
Publié le 10 octobre 2024, à 06:46 PM • Annie Francois • 3 min de lectureHaïti compte désormais plus de 700.000 personnes déplacées dont plus de 50 % sont des enfants
Selon un nouveau rapport de l'Organisation internationale pour les migrations (OIM), plus de 700.000 personnes, dont plu...
Publié le 6 octobre 2024, à 11:08 AM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureRentrée scolaire 2024-2025 : la Police Nationale d'Haïti a pris des dispositions
Le 1er octobre 2024, lors d'une conférence de presse tenue à la Direction Générale de la Police Nationale d'Haïti (DGPNH...
Publié le 3 octobre 2024, à 06:39 PM • Marckendy Dorsainvil • 3 min de lectureCompagnie de transport scolaire Dignité, la variable négligée
Des millions d’enfants vont reprendre le chemin de l’école ce 1er octobre 2024. Pour faciliter le retour des élèves en c...
Publié le 1er octobre 2024, à 08:15 AM • Abigaelle Pierre • 3 min de lectureLes frais de scolarité représentent au moins 15% des revenus d’un haïtien moyen
En Haïti, l'accès à l'éducation demeure un enjeu majeur, notamment en raison des frais de scolarité imposés par la major...
Publié le 30 septembre 2024, à 07:46 AM • Annie Francois • 2 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.