Poukisa yon paran dwe founi je nan telefòn yon timoun?
Entènèt se yon zouti ki enpòtan anpil. Timoun soti 5 rive 17 ane itilize l. Pa bò isit, chak jou ki pase anpil paran ap bay timoun yo telefòn, tablèt oubyen òdinatè ki konekte sou entènèt. Sa ki ka bay gwo kè kase si paran an pa kontwole kisa timoun sa ap tonbe sou li.

Depi 2012 Òganizasyon nasyon zini rekonèt aksè a entènèt kòm yon dwa fondamantal tout moun dwe jwi. Se vre tout moun sou tè a poko rive jwi dwa sa, men chak ane gen plis moun kap itilize entènèt. Sa ki pa depaman an Ayiti.
Chak ane gen plis ayisyèn ak ayisyen tout laj, tout kouch ak klas sosyal ki itilize entènèt. Entènèt la ede moun fè anpil aktivite, li fè moun jwenn tout jan de enfòmasyon nan yon tan ki tou kout. Li fasilite lavi moun se vre men se pa tout bagay ki bon pou lespri moun, sitou timoun. Se pou yon paran dwe asire l, li mete kontwòl pou yon timoun pa tonbe sou sa ki ka bay li anpil pwoblèm.
Pami sa ki ka bay timoun nan pwoblèm nou ka site imaj, videyo oubyen kontni ki gen pou wè ak sèks; kontni k ap fè pwomosyon vyolans, k ap ankouraje moun rayi yon lòt; jwèt sou entènèt ki ka lakoz timoun nan pa gen tan pou l etidye, fè devwa l elatriye. Gen granmoun tou ki konn ap kominike ak timoun epi eksplwate inosans yo. Gen anpil lòt rezon pou pran an ta founi je toujou men kòman l ap ka fè sa pandan li pa ka toujou la lè timoun nan ap itilize telefòn, tablèt oubyen òdinatè a?
Pou siveye epi limite kisa timoun nan ap jwenn sou entènèt, paran an dwe mete yon sistèm kap anpeche timoun nan jwenn yon seri kontni ki pa bon pou laj. Aktive kontwòl parantal se yon bon opsyon tou.
Granmoun yo di, je fon kriye davans. Paran yo dwe pran tout mezi pou pwoteje timoun yo pou yo ka devlope san pwoblèm. Erezman gen zouti ki pèmèt yo pwoteje timoun yo menm lè li nan gwo mond entènèt la pou kò l.
Sous:
Abigaelle PIERRE
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
Solino has fallen
Après plus d’un an de résistance, Solino symbole du combat acharné de citoyens délaissés par l’État en quête de protecti...
Publié le 15 novembre 2024, à 08:45 PM • Paul Martial • 2 min de lectureDossier BNC : le juge Benjamin Félismé n’a rien sollicité du Ministère de la justice
Raoul Pascal Pierre-Louis, ancien président du conseil d’administration de la Banque nationale de crédit (BNC), est conv...
Publié le 14 novembre 2024, à 10:08 AM • Stevens Jean François • 3 min de lectureNous avons le choix ultime d’aller vers la Cour de cassation et de chercher le soutien des forces armées, prévient Jean Robert Arguant
Prenant part au lancement du Forum d’Appui au Processus Electoral (FRAPE), le 9 novembre dernier, Jean Robert Arguant, C...
Publié le 12 novembre 2024, à 05:34 PM • Louvencky Francois • 2 min de lecturePénurie de produits à la Gonâve : Erno Louissaint sollicite l’intervention des garde-côtes pour établir un couloir humanitaire
Les habitants de l'île de la Gonâve sont confrontés depuis plusieurs semaines à une pénurie de produits de première néce...
Publié le 3 novembre 2024, à 03:26 PM • Annie Francois • 2 min de lectureCPT : Six mois au pouvoir pour quels résultats ?
Il y a environ six mois, le Conseil Présidentiel de Transition (CPT) a pris ses fonctions dans un contexte marqué par la...
Publié le 28 octobre 2024, à 04:04 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureComplot visant le Premier Ministre Garry Conille : le Ministre de la Justice a indiqué détenir « des informations concordantes et persistant...
Intervenant sur les ondes de Vison2000 jeudi dernier, le ministre de la Justice et de la Sécurité publique, Me Carlos He...
Publié le 28 octobre 2024, à 03:38 PM • Louvencky Francois • 4 min de lectureDe Jovenel Moïse aux trois conseillers présidentiels, Benjamin Félismé mène les instructions
Me Benjamin Félismé a été désigné par le doyen du Parquet du Tribunal de première instance pour instruire le dossier de...
Publié le 23 octobre 2024, à 07:36 PM • Annie Francois • 3 min de lectureUn nouveau comité prend les rênes de l'Association professionnelle des magistrats
Lors du 2e congrès de l'Association professionnelle des magistrats (APM) un nouveau comité a été élu pour un mandat de t...
Publié le 19 octobre 2024, à 05:19 PM • Abigaelle Pierre • 3 min de lectureJean-Jacques Dessalines : l’homme qui défia l’esclavage dans son entièreté
Jean-Jacques Dessalines est incontestablement une figure emblématique de l’histoire moderne, reconnue pour son rôle maje...
Publié le 17 octobre 2024, à 04:50 PM • Abigaelle Pierre • 3 min de lectureDeux incidents meurtriers en une semaine: l’efficacité de la MMAS remise en cause
L’efficacité de la mission multinationale d’appui à la sécurité (MSS) est désormais remise en question, quelques semaine...
Publié le 13 octobre 2024, à 12:54 PM • Annie Francois • 3 min de lectureRésolution de la crise haïtienne : Volker Türk se veut enthousiaste
Le chef des droits de l’homme de l’ONU, Volker Türk, a exprimé des opinions optimistes sur la possibilité d’avènement de...
Publié le 10 octobre 2024, à 06:46 PM • Annie Francois • 3 min de lectureHaïti compte désormais plus de 700.000 personnes déplacées dont plus de 50 % sont des enfants
Selon un nouveau rapport de l'Organisation internationale pour les migrations (OIM), plus de 700.000 personnes, dont plu...
Publié le 6 octobre 2024, à 11:08 AM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureRentrée scolaire 2024-2025 : la Police Nationale d'Haïti a pris des dispositions
Le 1er octobre 2024, lors d'une conférence de presse tenue à la Direction Générale de la Police Nationale d'Haïti (DGPNH...
Publié le 3 octobre 2024, à 06:39 PM • Marckendy Dorsainvil • 3 min de lectureCompagnie de transport scolaire Dignité, la variable négligée
Des millions d’enfants vont reprendre le chemin de l’école ce 1er octobre 2024. Pour faciliter le retour des élèves en c...
Publié le 1er octobre 2024, à 08:15 AM • Abigaelle Pierre • 3 min de lectureLes frais de scolarité représentent au moins 15% des revenus d’un haïtien moyen
En Haïti, l'accès à l'éducation demeure un enjeu majeur, notamment en raison des frais de scolarité imposés par la major...
Publié le 30 septembre 2024, à 07:46 AM • Annie Francois • 2 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.