Adje Kouzen!
Kouzen, gen lontan nou te di w nèg isit pa travay tè ankò. Jodia anplis de anviwònman ki fin depafini, anplis de vant nou ki nan men peyi etranje, bal ranplase diri nan vale Latibonit la. Se pa blag non, Kouzen. Menm yon bon kleren m pa ka ba w paske dechoukè boule chan kann Leyogàn yo.
Kouzen, nou konnen w konn ede n fè bon rekòt paske agrikilti se aktivite w. Ou toujou bay nou kouraj pou n travay, se pa sèlman latè ou konn ede n travay. Se ou ki konn pwoteje jaden nou pou n fè bon rekòt. Se ou ki konn pwoteje zannimo n ap gade yo tou. Se yo ki bwat sekrè ak kanè bank malere tankou malerèz.
Kouzen se ou ki fè n sonje kote kòd lonbrit nou antere. Ou pa janm sispann di nou enpòtans lafanmiy ansanm ak tè kote zansèt nou yo soti a. Lè n malad, se ou ki doktè n, kouzen. Pa gen pi fò pase w nan tretman maladi ak fèy. Nan djakout ou n ap jwenn manje ak medikaman natirèl. Pandan w ap travay pou n fè bon rekòt, Kouzin li menm ap negosye epi vann pou rekòt yo ka rapòte lajan.
Kouzen se bagay senp ou te toujou renmen. Wi, ou se yon peyizan ki pran plezi nan bagay senp lavi a ofri nou. Ou te toujou aprann nou apresye sa ki pi piti. Malerezman Kouzen, jodia anpil moun bliye sa w te aprann nou yo. Nan foli vin modèn nou pèdi esans nou, nou bliye valè ou te aprann nou yo, nou pèdi idantite n.
Nan operasyon retire jaden mete kay la nou vin pa ka bay tèt nou manje. Dwèt nou pa ase pou konte kantite moun ki pa ka manje nan peyi sa. Bandi san fwa ni lwa, nan konplisite ak otorite pachiman dechouke tè peyizan yo. Jaden ak tout rekòt pa gen chans sove. Yo met dife nan chan kann malere yo, sa lakoz menm yon bon kout tafya nou pa ka bwè.
Lè n pa bwè bwason ki soti nan peyi etranje ki bay pil maladi, nou te ka konte sou kèk gildiv k ap achte sak sik pou fè siwo pou rive jwenn kleren. Nou te ka konte tou sou Barbancourt ki t ap pwodwi wonm ki fè fyète nou an. Malerezman bandi san fwa ni lwa pa epanye anyen!
Jodia kouzen se pou bal n ap kouri. Jodia kouzen bandi anvayi chan diri Latibonit yo. Jodia kouzen rekòt peyizan ap gate akoz pa gen wout pou madan Sara yo pase al vann. Koze yo anpil Kouzen, traka yo anpil.
Jodia Kouzen nou bezwen w ede n fè yon gwo konbit pou rebay figi peyi a eskanp. Vin ede nou sispann pote kwiy nou bay lòt nasyon. Pitit peyi a ap vann fòs kouraj yo nan peyi letranje, yo anvi tounen. Kouzen vin ede n chanje reyalite n.
Kouzen Zaka, Azaka kote w ye? Ann fè yon rasanbleman. nou bezwen konsèy, pwoteksyon ak benediksyon w. Nan djakout ou pote bon konprann, sans responsablite, lanmou, sajès ak tout bon kalite dirijan kwoupyon nou yo pa genyen depi lontan yo. Pa bliye vin ede n simen lanmou yonn pou lòt, tèt ansanm ak solidarite nan kè chak grenn Kouzen. Travay la anpil men nou kwè si n plante ak ou rekòt la pa ka pa bon! Alaso Kouzen.
Stevens JEAN FRANÇOIS
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
Emmanuel Alexis, 20 ans de don de sang au service de la vie
Depuis 2006, Emmanuel Alexis, secouriste, s’illustre par son engagement constant en faveur du don de sang. Un geste de s...
Publié hier, à 01:28 PM • Stevens Jean François • 2 min de lectureLa Fondation Lakounsa apporte joie et espoir au batey Euskarduna
Fidèle à son engagement en faveur des populations vulnérables, la Fondation Lakounsa a semé joie et réconfort au sein de...
Publié le 2 janvier 2026, à 02:04 PM • Stevens Jean François • 2 min de lectureAdieu 2025
Marquée par un cortège de pertes en vies humaines et matérielles, de douleurs et de mauvais souvenirs, l’ANNÉE 2025 s’ac...
Publié le 1er janvier 2026, à 12:26 PM • Jojo Psycho • 2 min de lectureToutouni nan Depatman Nò: pòt lach la louvri!
Nan yon bèl anbyans jou ki te dimanch 14 desanm 2025, plizyè santèn sitwayèn ak sitwayen, ki soti nan divès orizon, te p...
Publié le 26 décembre 2025, à 03:10 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureLe MENFP appelle au retour des scientifiques haïtiens de la diaspora
Le Ministre de l’Éducation Nationale et de la Formation Professionnelle, le Professeur Antoine Augustin a lancé un appel...
Publié le 12 novembre 2025, à 09:42 AM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureLe futur, c’est maintenant : Ayiti-Nou Vle Viv convoque la jeunesse
222 ans plus tôt, à Vertières, nos ancêtres mettaient fin au joug colonial français et érigeaient, aux yeux du monde, la...
Publié le 12 novembre 2025, à 09:23 AM • Louvencky Francois • 2 min de lectureWilner Polydor : un travailleur acharné et discret
En Haïti comme ailleurs, il existe des hommes qui œuvrent dans un silence total. Wilner Polydor est de ceux qui laissent...
Publié le 11 novembre 2025, à 03:52 PM • Marckendy Dorsainvil • 2 min de lectureBonne nouvelle à l’UEH : les étudiants bénéficient enfin d’une assurance santé
L’Office d’Assurance Accidents du Travail, Maladie et Maternité (OFATMA) et l’Université d’État d’Haïti (UEH) ont signé,...
Publié le 11 novembre 2025, à 03:07 PM • Louvencky Francois • 2 min de lectureSolino has fallen
Après plus d’un an de résistance, Solino symbole du combat acharné de citoyens délaissés par l’État en quête de protecti...
Publié le 15 novembre 2024, à 08:45 PM • Paul Martial • 2 min de lectureDossier BNC : le juge Benjamin Félismé n’a rien sollicité du Ministère de la justice
Raoul Pascal Pierre-Louis, ancien président du conseil d’administration de la Banque nationale de crédit (BNC), est conv...
Publié le 14 novembre 2024, à 10:08 AM • Stevens Jean François • 3 min de lectureNous avons le choix ultime d’aller vers la Cour de cassation et de chercher le soutien des forces armées, prévient Jean Robert Arguant
Prenant part au lancement du Forum d’Appui au Processus Electoral (FRAPE), le 9 novembre dernier, Jean Robert Arguant, C...
Publié le 12 novembre 2024, à 05:34 PM • Louvencky Francois • 2 min de lecturePénurie de produits à la Gonâve : Erno Louissaint sollicite l’intervention des garde-côtes pour établir un couloir humanitaire
Les habitants de l'île de la Gonâve sont confrontés depuis plusieurs semaines à une pénurie de produits de première néce...
Publié le 3 novembre 2024, à 03:26 PM • Annie Francois • 2 min de lectureCPT : Six mois au pouvoir pour quels résultats ?
Il y a environ six mois, le Conseil Présidentiel de Transition (CPT) a pris ses fonctions dans un contexte marqué par la...
Publié le 28 octobre 2024, à 04:04 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureComplot visant le Premier Ministre Garry Conille : le Ministre de la Justice a indiqué détenir « des informations concordantes et persistant...
Intervenant sur les ondes de Vison2000 jeudi dernier, le ministre de la Justice et de la Sécurité publique, Me Carlos He...
Publié le 28 octobre 2024, à 03:38 PM • Louvencky Francois • 4 min de lectureDe Jovenel Moïse aux trois conseillers présidentiels, Benjamin Félismé mène les instructions
Me Benjamin Félismé a été désigné par le doyen du Parquet du Tribunal de première instance pour instruire le dossier de...
Publié le 23 octobre 2024, à 07:36 PM • Annie Francois • 3 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.