Nan lane 2019, yon rapò te estime yon ouvriye nan faktori Pòtoprens dwe touche 1 750 goud pa jou pou l ka reponn a bezwen l
Nan okazyon jounen entènasyonal travayè yo, premye me, ouvriye nan faktori kap fè rad yo anonse yo ap reprann mobilizasyon yo. Yo pral kontinye egzije 1 500 goud kòm pi piti lajan pou jounen travay yo, ak kèk lòt bagay. Nan mwa fevriye 2022, gouvènman an te fikse 685 goud kòm salè ki pi piti yo ap touche pou yon jounen travay, sa ki reprezante anviwon 40% estimasyon lajan yon ouvriye ap bezwen pou pran swen tèt li ak fanmiy li nan lane 2019.
23 fevriye 2022, anba solèy cho, ouvriye nan faktori kap fè rad yo t ap foule beton an pou egzije 1 500 goud nan plas 685 goud gouvènman an te fenk fikse kòm salè minimòm. Se nan moman sa, yon gwoup moun ak kagoul louvri kout zam sou yo. Kòm bilan : pou pi piti 15 moun blese pami yo yon jounalis ki mouri sou plas ak 2 lòt ki pran bal. Pandan jounen mobilizasyon sa, gen moun ki te gen inifòm lapolis sou yo ki te tire sou ouvriye yo tou. Moun sa yo te fè anpil jefò pou kraze mouvman ouvriye yo. Depi jou sa, ouvriye yo pa t mobilize ankò. Sa pa lwen chanje !
Apre yon bon bout tan san yo pa fè tande vwa yo nan lari a, ouvriye yo anonse yo pral rekòmanse mouvman revandikasyon yo a. Nan yon konferans pou laprès yo te bay 21 avril pase a, kèk sendikalis nan sektè tèkstil la pami yo Thélémaque Pierre ansanm ak Junior Dérose dirijan asosiyasyon sendika ajan sekirite yo, anonse mobilizasyon ap reprann premye ak 2 me. Rèsponsab òganizasyon sendika faktori kap fè rad yo te tou fè konnen yo pral kontinye egzije pou yo peye ouvriye yo 1 500 goud pou pi piti pou chak jounen travay. Lajan sa, pa twò depaman ak sa kèk ekonomis te di. Dapre yo, yon ouvriye ta dwe touche ant 900 ak 1 700 goud. Sepandan, lajan sa pi piti pase kantite ekip Centre de Solidarité an Ayiti te estime yon ouvriye dwe touche pou l ka kontinye viv.
Pa gen okenn konvansyon entènasyonal ki fikse fòmèleman ki kantite lajan yon moun dwe touche pou l ka kontinye viv, sa yo rele yo salè kòrèk la. Toutfwa, yo evalye kantite lajan sa yo dwe peye yon moun pou travay li dapre kantite tan lalwa di jounen travay la dwe dire, san konte lè moun nan travay an plis ni prim yo. Dapre Collectif Ethique sur l’Etiquette, lè n tande salè kòrèk la nou dwe konprann yo ap pale de kantite lajan pou pèmèt « travayè a satisfè bezwen esansyèl li ak fanmiy li kòmsadwa tankou : kay pou rete, kouran, manje, dlo potab, rad pou mete, swen sante, pwoteksyon sosyal, lekòl, transpò ak ti lajan pou sere ». Centre de Solidarité (Solidarity Center), alye l’AFL-CIO, prezante tèt li kòm « pi gwo òganizasyon entènasyonal kap defann dwa travayè yo ki chita nan peyi Etazini epi ki ap ede travayè yo jwenn espas ki san danje epi pwòp, touche lajan ki ap pèmèt yo reponn a bezwen fanmiy yo, jwenn dinyite kote yo ap travay, yon demokrasi jeneral epi plis jistis nan travay epi nan kominote yo ». Ekip Centre de Solidarité an Ayiti, te evalye kantite lajan pou pi piti yon ouvriye dwe touche pou l kontinye viv nan lane 2011, 2014 epi tou dènyemenan nan lane 2019 la. Dapre rezilta ankèt yo te fè nan moman sa, yo te jwenn ouvriye yo dwe touche pou pi piti 1 750 goud pa jou pou yo ka rive pran swen tèt yo ak fanmiy yo.
Pou byen fè ankèt sa, Centre de Solidarité te chwazi konplete 2 metòd pou estime kantite lajan ouvriye nan sektè tekstil la bezwen nan Pòtoprens pou yo ka viv. Soti sèptanm 2018 pou bout mas 2019, moun ki tap ranmase enfòmasyon yo te founi je gade pri pwodwi ak sèvis pou « yon panyen machandiz » ki te adapte a kondisyon ouvriye yo. Moun sa yo te chèche 5 pri diferan pou chak depans. Yo te pran pri sa yo dirèkteman nan men machann ak founisè sèvis yo. Boutofen, Centre de Solidarité te verifye enfòmasyon yo gras a 2 diskisyon nan fokis gwoup ak 16 ouvriye nan sektè a.
Nan « panyen machandiz » la yo te konsidere yon seri pwodwi ak sèvis ki kouvri kategori depans sa yo: lojman (lajan pou lwe yon ti kay 2 chanm ak kizin, yon ti salon epi twalèt. Mèb ak kèk ti aparèy te antre nan kategori sa tou) ; enèji (pri chabon) ; manje (pwovizyon ki achte nan mache, manje travayè yo achte lè yo ap travay nan faktori a) ; abiye/rad (twa konplè ak 2 pè soulye pa ane) ; swen sante (konsiltasyon kay doktè, egzamen laboratwa, linèt, medikaman doktè preskri ak medkaman ouvriye yo achte nan lari, swen lè ouvriyèz yo ansent epi lajan akouchman) ; levasyon (kòb pou peye lekòl 2 timoun, yonn nan primè epi lòt la nan segondè, inifòm, liv epi machin) ; tranpò (trajè ale-retou pou ale travay, ale nan mache epi trajè bis yon granmoun ak 2 timoun ka ale wè fanmiy yo nan yon komin ki tou pre, yon fwa pa ane) ; telefòn (kòb yon telefòn pòtab ak yon plan pou fè apèl epi itilize entènèt) epi lajan sere ak lòt depans ouvriye a ap deside fè ( lajan ki sere sizoka ta gen yon ijans ak depans ki enpòtan, lajan ouvriye a depanse dapre kwayans li, etid nan inivèsite epi lwazi). Dapre rezilta ankèt la, Centre de Solidarité te estime yon ouvriye dwe depanse pou pi piti 45 517 goud pa mwa pou l ka viv plizoumwen. Sou baz semèn travay nòmal ki gen 48è a, ouvriye yo dwe touche 1 750 goud pou chak jounen travay.
Pandan fokis gwoup la, ouvriye yo te fè konnen yo pagen lajan pou ale kay dantis ni achte linèt. Une Estimation du Salaire Vital pour les Travailleurs du secteur Textile à Port-au-Prince, Centre de solidarité, Avril 2019
Pandan yo pa rive chwazi kiyès k ap reprezante yo nan konsèy kap pwopoze Leta salè minimòm nan, sa ki rele Conseil Supérieur tripartite sur les Salaires, ouvriye yo ap gade chak jou dwa yo k ap vyole, met sou sa ti kras lajan yo ap touche a pa pèmèt yo viv vre. Enflasyon an ki soti 20,30 % nan mwa oktòb ak novanm 2019 epi ki vin 24,9% nan mwa novanm 2021 an dapre estimasyon BRH vin mete apse sou klou. Ouvriye yo menm ap kontinye mande pou pi piti 1 500 goud pou yon jounen travay pandan, pandan dapre kèk obsèvatè lajan sa pa ka rive pèmèt yo repwodwi fòs travay yo, lè yo konsidere kòman goud la pa vo anyen epi lavi chè kap taye banda.
Stevens JEAN FRANÇOIS
- Bon konba!
- Chanm Komès Ayisyano Afriken pran nesans !
- Etazini mande plis angajman pou soutni Fòs Represyon Gang yo
- Sanksyon nan Legliz Batis : yon zouti restorasyon oubyen yon mwayen pou avili moun ?
- Papa Deslin vin pran yo!
- Adje Kouzen!
- Lapli vini m a ba w bonbon!
A lire aussi
- Premye me
- Ayiti
- Sale vital
- Ouvriye
- Salè minimòm
- Centre de Solidarité
- Solidarity Center
Thèmes associés
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
Royal Caribbean prolonge la suspension de ses escales à Labadie jusqu’à fin 2026
La compagnie de croisières Royal Caribbean a décidé de prolonger la suspension de ses escales à Labadie, sa destination...
Publié hier, à 02:07 PM • Paul Martial • 2 min de lectureL’AGD renforce la sécurité et enregistre des recettes records
L’Administration générale des Douanes (AGD) entend consolider son rôle stratégique dans la protection du territoire et l...
Publié hier, à 01:47 PM • Stevens Jean François • 2 min de lectureDe Noriega à Maduro, ces dirigeants étrangers en exercice ont été renversés ou arrêtés par les Etats-Unis
Le président américain a confirmé, lors d’une conférence de presse tenue ce samedi 3 janvier 2026, les informations qu’i...
Publié le 3 janvier 2026, à 02:33 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureJour des Aïeux : entre épreuves, dignité et fidélité à l’héritage haïtien
En ce 2 janvier, jour de mémoire et de conscience nationale, Haïti rend hommage aux pères fondateurs et héros de l’indép...
Publié le 2 janvier 2026, à 02:32 PM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureDelege Présumé di pa gen kanpe !
Depi kèk jou, non Delege Nò a, Marc Merzius PRESUME, sou anpil bouch. Desizyon li pran pou fè twotwa sou boulva Okap la...
Publié le 26 décembre 2025, à 03:31 PM • Louvencky Francois • 2 min de lectureL’ONI annonce une carte d’identité pour enfants
Environ 6,3 millions d’haïtiens disposent actuellement d’une carte d’identification nationale, selon le directeur généra...
Publié le 11 décembre 2025, à 02:53 PM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureLe rapport mondial GMMP+30 révèle la sous-représentation criante des femmes dans les médias haïtiens
Le rapport mondial GMMP+30 (Global Media Monitoring Project), lancé le mardi 9 décembre par la WACC, dresse un constat a...
Publié le 11 décembre 2025, à 02:25 PM • Marckendy Dorsainvil • 2 min de lectureToutouni fait le buzz !
Depuis l’annonce de son lancement officiel dans le Nord, le Mouvement National pour la Transparence – TOUTOUNI suscite u...
Publié le 9 décembre 2025, à 12:12 PM • Stevens Jean François • 2 min de lectureDossier Stephora Joseph: des élèves avaient filmé la scène
La mort de Stephora Anne-Mircie Joseph, élève haïtienne de 11 ans, avait suscité une vive émotion et une profonde vague...
Publié le 9 décembre 2025, à 11:19 AM • Annie Francois • 2 min de lecture80 ans de l’Institut français d’Haïti : Bendgy Tilias appelle à une coopération culturelle « plus ambitieuse »
L’Institut français d’Haïti célèbre, du 3 au 7 décembre, ses 80 ans d’existence. Prenant part à une cérémonie en la rési...
Publié le 4 décembre 2025, à 02:34 PM • Abigaelle Pierre • 3 min de lectureAlbert Ramdin plaide pour une transition limitée à neuf ou douze mois
En visite officielle en Haïti, le secrétaire général de l’Organisation des États américains (OEA), Albert Ramdin, s’est...
Publié le 4 décembre 2025, à 02:23 PM • Louvencky Francois • 2 min de lectureRéhabilitation du tronçon Madeline-Carrefour Aéroport : une bonne nouvelle pour la population Capoise
Le Bureau de Communication de la Mairie du Cap-Haitien a annoncé la publication officielle d’un appel d’offres du Minist...
Publié le 4 décembre 2025, à 02:14 PM • Marckendy Dorsainvil • 2 min de lecturePont-Sondé : Défenseurs Plus déclare constater l’incapacité des autorités à protéger la population
Le Collectif Défenseurs Plus tire une nouvelle fois la sonnette d’alarme après l’attaque d’une extrême violence perpétré...
Publié le 4 décembre 2025, à 01:53 PM • Annie Francois • 2 min de lectureChaque département aura désormais son centre de tabulation
Lors de la 29e édition des Mardis de la Nation, le ministre délégué chargé des questions électorales, Joseph André Graci...
Publié le 3 décembre 2025, à 12:55 PM • Annie Francois • 2 min de lectureHaïti, nouvelle plaque tournante du crime transnational, alerte l’ONU
Haïti traverse une crise sécuritaire sans précédent. Alors que les gangs étendent leur emprise sur Port-au-Prince et plu...
Publié le 3 décembre 2025, à 12:39 PM • Abigaelle Pierre • 2 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.