Salon du livre et des arts du Grand Nord d’Haïti vin mete liv de men n

Apre siksè dezyèm edisyon an, Salon du Livre et des Arts du Grand Nord d’Haïti ap retounen ak plis koulè plis aktivite ane sa. Observatoire Patrimoine ap tann piblik la 26 janvye 2026 nan Pòmago pou patisipe nan aktivite sa ki kreye pou valorize lèkti, kilti, edkikasyon ak patrimwàn.

Salon du livre et des arts du Grand Nord d’Haïti vin mete liv de men n

Depi janvye 2024, yon gwoup jèn ayisyen te mete sou pye Salon du Livre et des Arts du Grand Nord d’Haïti. Inisyativ sa ki fèt anba lidèchip Observatoire Patrimoine pèmè gen yon espas kote ekriven, atis pent, desinatè, pawolye, atis, kreyatè enstitisyon ki nan levasyon epi kominote gran nò a kontre. Sa ki enteresan an se paske tout aktè sa yon ap rankontre nan lide pou fè pwomosyon lèkti, ekriti, edikasyon epipatrimàn pandan yo a valorize talan local yo, estimile kreyativite epi ranfòse prezans liv ak tout lòt mwayen yo itilize pou fè kreyasyon estitik nan espas pibllik la.

Ane sa pou twazyèm edisyon an, inisyatè yo chwazi mete aksan sou liv patikilyèman pou jenerasyon k ap vini yo. Chwa sa pa yon aza paske yonn nan misyon salon se ankouraje lèkti et fasilite plis moun jwenn liv pou yo ka li. Gras a twazyèm edisyon sa elèv ak jèn nan Pòmago pral jwenn yon espas kote yo ap ka enspire de zèv yo pral dekouvri yo. Ki pi bèl mwayen pou fè pwomosyon pou kreyatè ayisyen yo epi valorize riches kiltirèl peyi a?

Twazyèm edisyon sa ki gen Jean-Euphèle MILCÉ kòm enivte donè ap pèmèt piblik la rankontre ak yon bann atis pent, ekriven, animate, plastisyen, powèt tankou : Lusena OLCINÉ, Jean Rodlet JEAN-BAPTISTE, Étienne de SAINT-EXIL, Hérold TOUSSAINT, Kepha POISSON, Daniel GILLES, Gary VICTOR, Kacendred W. BÉLIZAIRE, D'jimy MALVAL, Altès Dieuveil MICHEL, Mardochée FRANÇOIS, Jean Hubert DÉCIUS, Islande JOSEPH, Joram VIXAMAR, Kénold MOREAU, Farah CHARLESTIN, Jumel PLUVIOSE, Kily CHARLOT, Marie Alice THÉARD, Marie Ginette Pérodin MATHURIN, Carole DEMESMIN, De Jean Yves BLOT, Emmanuel Stéphane LAURENT dit L’Homme, Wilson BERNARD, Pascal APPOLON, Fritz DESHOMMES, Nesmy MANIGAT, Mikenson GRAVIUS dit Believer, Stherline DUPÉRIER, Charnel VIRGILES, Sisie Music, Orso A. DORÉLUS, Jean-Émile PAUL, Marie Alice THÉARD, Eddy LUBIN, Emmanuel Stéphane LAURENT, Roniro JEAN-BAPTISTE, Gary DANIEL, Loune Mizik, Jorélus SINOÏS, Kiki WAINWIGHT, Jean MAPOU, Rosilia François CORNEILLE, Mozart CLÉRISSON, Carltz DOCTEUR, Marc EXAVIER, Anivince JEAN-BAPTISTE, Luscarson RAPHAËL, Nimrod SÉNATUS, Wilkens Scott FIFI, Manno EJÈN, Christophe Philippe CHARLES, Jean Pauris JEAN-BAPTISTE, Yves Marie SERALINE, Stherline DUPÉRIER, Lesly SUCCÈS, Peterson MONESTIME, Luscarson RAPHAËL, Brunel CLERVEAUX, Jémima DIEUDONNÉ, Skason BAPTISTE, Smoye NOISY, Wilcox TOYO, Dulex CHARLES, Jean Rodlet JEAN-BAPTISTE, Richardson AUGUSTE, Germenson DELMYR, Fred BRUTUS, Joubert JOSEPH, Messerne SAGESSE, Donel SAINT-JUSTE, Anaïse CHAVENET elatriye.

23 janvye k ap vini an pa gen 2 randevou! N ap met tèt Pòmago pou n patisipe nan yon jounen kote liv ak zèv la ap alone. Fòk ou la tou.

 

Abigaelle PIERRE


Aucun commentaire

Contributions

Aucun commentaire !

Soyez le premier à commenter cet article.

Même rubrique

Les articles de la même rubrique


OKAP FLAVOUR is back!

Abonnez-vous à notre infolettre

Saisissez votre adresse e-mail pour recevoir une notification par e-mail de chaque nouvel article.

Rejoignez les 3 060 autres abonnés!

Appuyer sur la touche "Entrée" pour effectuer une recherche.

Articles populaires

Paramètre du site

Thème