14 dawout nouvo jou ferye nasyonal?

Òganizasyon feminis Dantò lanse 14 dawout pase a yon petisyon pou mande Leta ayisyen fè jou 14 Dawout la jou ferye Nasyonal nan memwa seremoni Bwa Kayiman. Ak inisyativ manm òganizasyon an vle vle ranmase senbolis ki genyen nan dat sa a pou fè popilasyon an sonje batay san pran souf zansèt yo te mennen kont tout fòm opresyon kolonyal, seksis, rasis.

Crédit Photo: Ernst Prophète
14 dawout nouvo jou ferye nasyonal?

Nan lannuit 13 pou leve 14 dawout 1791 la, zansèt nou yo ki t ap soufri akoz move kondisyon kolon yo ki te trete yo pi mal pase zannimo, te chita ansanm epi deside frape pye yo pou di yo pa dakò viv nan lesklavaj ankò. Rankont sa ki se baz revolisyon ak gè pou lendepandans la se li pèmèt pèp ayisyen pale de orijin li menm jan ak listwa Romulus ak Rémus pou Rome, Érechthée pou Athènes epi Kalevala pou Finlande. Sèl diferans, sa ki te pase nan Bwa Kayiman an pa yon envansyon zansèt nou yo, men pito yon gwo rasanbleman, kèk moun rele kongrè tou, kote zansèt nou yo te dakò goumen ansanm pou retire chèn lesklavaj la nan pye tout moun epi viv lib e libè. 

 

Òganizasyon feminis Dantò konn enpòtans dat sa, pou manm li yo  « Pami tout gran moman rezistans yo, 14 Dawout 1791 ki se jou seremoni Bwa Kayiman se yon moman istorik kle epi fondalnatal ». « Rasanbleman istorik sa a te louvri finisman sistèm kolonyal esklavajis rasis sa a ki pa t konsidere okenn nèg nwa nan Sendomeng tankou moun. Li te souke byen fò rasin filozofik kote lide kolonyal, rasis, esklavajis ak patriyakal yo jouke. Seremoni Bwa Kayiman se pi gwo rankont politik ki te vin bay revolisyon ayisyen an, youn nan pi gwo revolisyon limanite konnen. Se te yon moman istorik kote kaptif sa yo blan te bay pot non esklav, yo te itilize konnen yo te genyen depi Lafrik Ginen ak sa yo te envante nan zak resistans yo nan lakoloni pou yo te bay vizyon espirityèl, politik, epi mòd òganizasyon lavi yo swete an fòm. Se te yon moman kote yo te eksprime vizyon yo sou kisa ki libète, yon libète total kapital ki di TOUT MOUN SE MOUN, pa gen moun pase moun, si gen pou yonn gen pou de » pousib òganizasyon an nan tèks pou presize kisa ki pouse yo pran inisyativ sa.

 

233 ane apre kokenn chenn rasanbleman sa ki ta pral pèmèt Ayiti pran nesans 13 lane apre, seremoni Bwa Kayiman pa janm jwenn onè li merite a. Jou fèt Sen nan Legliz Katolik ak lòt dat ki pa vle di gwo bagay pou nou kòm pèp ferye pandan 14 dawout la rete tankou yon jou menm jan ak tout lòt yo. Manm Òganizasyon feminis Dantò pa dakò ak sitiyasyon sa, « Se nan lide sa a, nou menm eritye Bwa Kayiman, nou vle mete limyè sou dat 14 Dawout la. Nan yon kontèks kote kominote entènasyonal la ak ajan li vle detwi lavi ann Ayiti, nou vle ranmase senbolis ki genyen nan dat sa a pou nou di an nou sonje batay san pran souf zansèt nou yo te mennen kont tout fòm opresyon kolonyal, seksis, rasis » yo ekri. 

 

« An nou sonje epi ranmase konnen ki te genyen nan jès Fatiman an, nan lapriyè Boukman nan. Pou nou onore memwa ak sakrifis zansèt nou yo ki te batay pou libète; Pou nou ranmase listwa nou kòm pèp; Pou nou tout ayisyen ka toujou sonje jan nou dwe toujou defann peyi nou kont opresyon kolonyal, rasis enperyalis ak seksis. Nou menm ayisyen, eritye Bwa Kayiman, nou mande pou Leta fè jounen 14 Dawout la yon jou ferye nasyonal. NOU PA T FÈ BWAKAYIMAN POU N SÈVI ETRANJE!!! »  konkli òganizasyon an. Petisyon an aksesib nan lyen : https://www.change.org/p/14-dawout-1791-konje-nasyonal-pa-bliye-bwakayiman?recruiter=1346889029&recruited_by_id=fff2df50-5a82-11ef-83de-fd97a4e92576&utm_source=share_petition&utm_campaign=share_for_starters_page&utm_medium=copylink

 

Le Courrier de la Nation envite chak ayisyen siyen epi pataje petisyon an yon fason pou 14 dawout ka vin ferye sa k ap rann memwa zansèt nou yo jistis!

 

Stevens JEAN FRANÇOIS

 


Aucun commentaire

Contributions

Aucun commentaire !

Soyez le premier à commenter cet article.

Même rubrique

Les articles de la même rubrique


Adje Kouzen!

Abonnez-vous à notre infolettre

Saisissez votre adresse e-mail pour recevoir une notification par e-mail de chaque nouvel article.

Rejoignez les 3 060 autres abonnés!

Appuyer sur la touche "Entrée" pour effectuer une recherche.

Articles populaires

Paramètre du site

Thème