Etazini mande plis angajman pou soutni Fòs Represyon Gang yo
Nan yon deklarasyon bay laprès apre reyinyon G7 la, Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, fè pwen sou pwogrè ak defi ki rete pou mete sou pye Fòs Représyon Gang yo (FRG) an Ayiti, yon estrikti sekirite ki te kreye pou ranplase Misyon Multinasyonal Apui à la Sécurité (MMAS) epi amelyore kapasite Leta ayisyen pou reprann kontwòl teritwa bandi ak zam okipe yo.
Fòs sa a, ki te ofisyèlman etabli nan mwa oktòb 2025 apre fen manda MMAS la, gen pou misyon pou konbat gwoup ame yo, sekirize aks esansyèl yo, epi akonpaye Polis Nasyonal la nan batay kont ensekirite a. FRG a dwe rive genyen 5 500 ajan ak 50 sivil nan ekip administrasyon li, men pou kounye a fòs la poko ka fonksyone, akoz pwoblèm finansman ak reta nan deplwaman twoup entènasyonal yo.
Sekretè Deta Rubio raple ke priyorite aktyèl la se fini faz tranzisyon ant MMAS ak FRG a, yon faz ki mande finansman pou kat premye mwa ane 2026 la. Dapre li, Etazini deja angaje yo pou peye mwatye depans faz tranzisyon ant 2 fòs yo an jiska fen 2025, men rèstan mwa yo dwe jwenn finansman nan men lòt patnè entènasyonal yo.
Sekretè Deta ameriken an te souliye tou nesesite pou jwenn kout men finansye pou Biwo Nasyonzini an Ayiti, ki responsab kowòdinasyon teknik ak siveyans deplwaman an, ansanm ak Fòs Représyon Gang yo, ki bezwen plis enfrastrikti, lojistik ak ekipman.
Yon lòt gwo defi se kesyon twoup yo : Kenya ki deja te deplwaye plizyè santèn polisye an Ayiti nan kad MMAS la pwomèt 2 000 sòlda, men selon Rubio, lòt peyi yo dwe enplike yo. « Nou pa ka kite Kenyan yo poukont yo » li te deklare.
Objektif peyi patnè yo se monte a 5 000 militè pou asire operasyon yo gen enpak reyèl sou teren an. Malgre difikilte yo, responsab ameriken an di gen yon ekip kap travay chak jou sou dosye Ayiti a. Li remèsye Kenya pou efò li deja fè, epi mande kominote entènasyonal la pou bay plis mwayen, plis twoup, plis kowòdinasyon, pou FRG a kapab vin operasyonèl nan tan ki pi kout.
Pandan sosyete ayisyèn nan ap tann aksyon konkrè pou retabli sekirite, deklarasyon Marc Rubio nan G7 la montre klèman : batay la poko ap fini epi lavni FRG a pral depann de solidarite entènasyonal ak angajman dirab.
Abigaelle PIERRE
- Bon konba!
- Chanm Komès Ayisyano Afriken pran nesans !
- Sanksyon nan Legliz Batis : yon zouti restorasyon oubyen yon mwayen pou avili moun ?
- Les principaux éléments de la FRG ne seront dans nos murs que durant l’été 2026
- Papa Deslin vin pran yo!
- Lapli vini m a ba w bonbon!
- Se aksyon Konsèy Prezidansyèl la k ap montre si l vle fè ripti vre, pozisyon yon goup sitwayen nan Okap
A lire aussi
- Marco Rubio
- FRG
- Ayiti
- Sekirite
Thèmes associés
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
Royal Caribbean prolonge la suspension de ses escales à Labadie jusqu’à fin 2026
La compagnie de croisières Royal Caribbean a décidé de prolonger la suspension de ses escales à Labadie, sa destination...
Publié hier, à 02:07 PM • Paul Martial • 2 min de lectureL’AGD renforce la sécurité et enregistre des recettes records
L’Administration générale des Douanes (AGD) entend consolider son rôle stratégique dans la protection du territoire et l...
Publié hier, à 01:47 PM • Stevens Jean François • 2 min de lectureDe Noriega à Maduro, ces dirigeants étrangers en exercice ont été renversés ou arrêtés par les Etats-Unis
Le président américain a confirmé, lors d’une conférence de presse tenue ce samedi 3 janvier 2026, les informations qu’i...
Publié le 3 janvier 2026, à 02:33 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureJour des Aïeux : entre épreuves, dignité et fidélité à l’héritage haïtien
En ce 2 janvier, jour de mémoire et de conscience nationale, Haïti rend hommage aux pères fondateurs et héros de l’indép...
Publié le 2 janvier 2026, à 02:32 PM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureDelege Présumé di pa gen kanpe !
Depi kèk jou, non Delege Nò a, Marc Merzius PRESUME, sou anpil bouch. Desizyon li pran pou fè twotwa sou boulva Okap la...
Publié le 26 décembre 2025, à 03:31 PM • Louvencky Francois • 2 min de lectureL’ONI annonce une carte d’identité pour enfants
Environ 6,3 millions d’haïtiens disposent actuellement d’une carte d’identification nationale, selon le directeur généra...
Publié le 11 décembre 2025, à 02:53 PM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureLe rapport mondial GMMP+30 révèle la sous-représentation criante des femmes dans les médias haïtiens
Le rapport mondial GMMP+30 (Global Media Monitoring Project), lancé le mardi 9 décembre par la WACC, dresse un constat a...
Publié le 11 décembre 2025, à 02:25 PM • Marckendy Dorsainvil • 2 min de lectureToutouni fait le buzz !
Depuis l’annonce de son lancement officiel dans le Nord, le Mouvement National pour la Transparence – TOUTOUNI suscite u...
Publié le 9 décembre 2025, à 12:12 PM • Stevens Jean François • 2 min de lectureDossier Stephora Joseph: des élèves avaient filmé la scène
La mort de Stephora Anne-Mircie Joseph, élève haïtienne de 11 ans, avait suscité une vive émotion et une profonde vague...
Publié le 9 décembre 2025, à 11:19 AM • Annie Francois • 2 min de lecture80 ans de l’Institut français d’Haïti : Bendgy Tilias appelle à une coopération culturelle « plus ambitieuse »
L’Institut français d’Haïti célèbre, du 3 au 7 décembre, ses 80 ans d’existence. Prenant part à une cérémonie en la rési...
Publié le 4 décembre 2025, à 02:34 PM • Abigaelle Pierre • 3 min de lectureAlbert Ramdin plaide pour une transition limitée à neuf ou douze mois
En visite officielle en Haïti, le secrétaire général de l’Organisation des États américains (OEA), Albert Ramdin, s’est...
Publié le 4 décembre 2025, à 02:23 PM • Louvencky Francois • 2 min de lectureRéhabilitation du tronçon Madeline-Carrefour Aéroport : une bonne nouvelle pour la population Capoise
Le Bureau de Communication de la Mairie du Cap-Haitien a annoncé la publication officielle d’un appel d’offres du Minist...
Publié le 4 décembre 2025, à 02:14 PM • Marckendy Dorsainvil • 2 min de lecturePont-Sondé : Défenseurs Plus déclare constater l’incapacité des autorités à protéger la population
Le Collectif Défenseurs Plus tire une nouvelle fois la sonnette d’alarme après l’attaque d’une extrême violence perpétré...
Publié le 4 décembre 2025, à 01:53 PM • Annie Francois • 2 min de lectureChaque département aura désormais son centre de tabulation
Lors de la 29e édition des Mardis de la Nation, le ministre délégué chargé des questions électorales, Joseph André Graci...
Publié le 3 décembre 2025, à 12:55 PM • Annie Francois • 2 min de lectureHaïti, nouvelle plaque tournante du crime transnational, alerte l’ONU
Haïti traverse une crise sécuritaire sans précédent. Alors que les gangs étendent leur emprise sur Port-au-Prince et plu...
Publié le 3 décembre 2025, à 12:39 PM • Abigaelle Pierre • 2 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.