Sanksyon nan Legliz Batis : yon zouti restorasyon oubyen yon mwayen pou avili moun ?

Divès kominote legliz pwotèstant an Ayiti, patikilyèman Legliz Batis, tabli yon seri prensip manm yo dwe rèspèkte epi yo tou prevwa sanksyon pou manm ki ta rive devye. Pami move konpòtman asanble sa yo pa tolere, pratik lachè ki mennen nan ansent nan peche (san moun yo pa marye) ranpòte lamayòt. Menm paran minè ki ansent la ap pran sanksyon nan kèk asanble. Ki byenfonde pratik sa ? Eske l pa depaman ak ansèyman Jezi ?

Crédit Photo: Eglise Baptiste Evangelique Haïtienne de Canape-Vert (Foto a mete pou ilistre atik la, li pa gen okenn lyen ak sa ki trete a)
Sanksyon nan Legliz Batis : yon zouti restorasyon oubyen yon mwayen pou avili moun ?

Sè Magi* fenk tonbe anba sanksyon nan Legliz li mache nan Okap la. Pitit fiy li a ki gen 17 ane ansent pou pitit gason yon sè nan menm Legliz la ki gen menm laj la tou. Pandan sè a rekonèt sa ki rive a pa madre ak kalite edikasyon ni mesaj asanble li menm ak pitit li a pèsevere ladanl la, li estime tou sanksyon an pa jis. « Pitit mwen an tonbe ansent nan peche, m rekonèt sa grav epi sa pa kadre ak kòmandman Bondye. Men m twouve desizyon an pa bon paske se sèl mwen ak pitit mwen an ki sanksyone. Ti gason ki ansent pitit mwen an pa tonbe anba sanksyon tou. Mete sou sa, mwen lè m konnen m voye pitit mwen lekòl, li al jwenn mennaj li lakay li. Manman ti gason an konn sa epi kite yo nan chanm san siveyans. Li pa janm di m anyen. Jodia m estime li te dwe pran sanksyon tou » te deklare sè Magi pandan li ap kriye.

Eksperyans Sè a ki pa depaman ak dives lòt istwa nou konn tande te pouse n al fouye zo nan kalalou pou n konprann ki kote koze saksyon sa soti. Premye bagay ki te atire atansyon nou se : pa gen yon menm modèl reyaksyon nan tout kominote Batis yo. Pa ezanp nan Legliz Batis Konsèvatris depi pitit moun nan majè, paran an p ap pran sanksyon. Menm nan kote timoun nan minè paran yo pa oblije pran sanksyon. « Se lè timoun nan adolesan, paran neglije l, abondone l epi ap joure l nou konn pran desizyon kont paran an lè nou gen prèv ak temwen » te konfye n yon Pastè ki te prefere non l pa site. Dapre lidè espirityèl sa, se apre analiz ka a ka gen sanksyon kont paran yo. « Nan ensès : wi. Nan ka vyòl : non. Nan ka elèv ak elèv : non. Nan ka repwòch preyalab kon paran yo : wi » li te konkli.

Ti bat bouch sa te ede n wè se tout bon gen sanksyon ki pran men sa mande analiz ak rekil nan kominote relijyez la. Pou n te ka pi byen sènen koze a, nou te twouse pantalon nou pou nou al fè yon ti chita ak Pastè Wesly Joana Camille ki te byen kontan akeyi nou epi bay nou plis detay sou koze a. « Sanksyon oswa mezi disiplinè se yon pratik ki egziste nan plizyè legliz pwotestan, kote yo chèche korije manm ki vyole prensip (konfli ant moun ak moun, pwoblèm divizyon, imoralite, fo doktrin, elatriye) kominote a selon règ ki tabli pa asanble a. Nan Matye 18:15–17, Jezi prezante yon modèl disiplin ki fèt etap pa etap, avèk objèktif pou genyen moun nan ankò epi retabli l nan kominote a. Lidè legliz yo dwe toujou sonje disiplin biblik se yon zouti restorasyon, pa yon mwayen pou avili moun (Gala 6:1) » te presize pou Pastè Camille.

« Malerezman, nan pratik legliz lokal yo, sitou nan kèk kominote ayisyen, disiplin souvan depase limit li epi pafwa li vin tounen yon zouti pou blese, wont piblik oswa mepri. Nan plizyè Legliz, sitou antite ki gen tradisyon batis, lè yon adolesan ansent, se pa sèlman jèn nan yo vize, men paran an tou. Yo konsidere paran an kòm “jeran” timoun nan, kidonk yo di li pa t byen jere timoun li yo jiskaske li “tonbe nan dezòd lachè”. Men Bib la montre chak moun responsab pou peche pa yo (Ezikyèl 18 :20). Timoun nan dwe jwenn bon jan akonpayman espirityèl ak konsèy, men pa avilisman. Disiplin ki vize sèlman fè moun wont pa gen okenn baz nan ansèyman Kris la ki mande pou nou trete moun yo avèk dousè ak yon lespri restorasyon (Gala 6:1) » te rapousib Pastè Titilè nan Legliz Batis Harvest Discipleship nan Okap.

Pa rapò a kominote ki vin pi ekstrèm toujou kote yo fè paran oswa timoun nan pase devan tout asanble a pou fè deklarasyon oswa mande ekskiz, Pastè Camille raple mesaj Kris la. « Jezi fè nou konnen nan Matye 18 la ke etap piblik la se dènye resous la, epi li fèt apre etap prive yo echwe (Matye 18:15–17) ». Pastè a rekonèt tou gen kèk Legliz ki pa pratike disiplin ditou konsa tou genyen ki radikal. « Nan lòt bout echèl la, gen legliz ki pa fè okenn disiplin. Manm yo ka gen gwo defi moral oswa fanmi, men si yo pa pale, lidè yo pap konnen. Legliz ki chwazi apwòch sa a souvan gen difikilte pou òganize disiplin biblik paske yo pa gen estrikti oswa yo pè konfli. Men Bib la anseye nou kòman disiplin espirityèl esansyèl pou sante legliz la : ebre 12 :6–11 montre disiplin se prèv lanmou Bondye. 1 Korentyen 5 :6–7 avèti legliz yo pou yo pa kite peche gaye nan kominote a. Nan ka legliz ki gen tandans pannkotis oswa fondamantalis radikal kote disiplin vin tounen yon egzèsis piblik, pafwa yo jije moun yo devan tout asanble a. Gen moun yo fòse konfese peche piblikman, san pwoteksyon ni akonpayman pastoral. Men Bib la avèti kont jijman san mizèrikòd : Jan 8 :1–11, Jezi pwoteje fanm adiltè a kont avilisman piblik ; Jak 2 :13 di "jijman san pitye tonbe sou moun ki pa fè pitye". Disiplin dwe fèt “nan lanmou” epi pou edifikasyon, pa destriksyon (2 Korentyen 2 :6–8). Nan anpil ka, disiplin piblik ki fèt san respè ak konfidansyalite tradwi plis yon pratik kiltirèl (jan paran ak otorite nn leta konn fe a) pase yon prensip biblik. Nan kominote pa nou kise legliz batis Harvest Discipleship nou konnen disiplin dwe fèt : avèk lanmou (1 Korentyen 16 :14), avèk sajès (Pwovèb 3:21), avèk konfidansyalite epi ak objektif pou restore moun nan, pa kraze l (Gala 6:1) » te konkli pou nou Pastè Camille ki diplome nan Teyoloji.

Nan ka kote moun ansent san yo pa marye sanksyon yo varye. Nou remake aksan an mete plis sou fi a ak paran l. Si fi a majè gen asanble depi l tonbe ansent se li sèlman k ap sibi sanksyon tankou li pa ka patisipe nan tab sent sèn, chante nan gwoup. Genyen asanble kote yo konn pa aksèpte pou prezante timoun « ki fèt nan peche » nan tanp. Men pandan moun nan anba sanksyon sa asanble kontinye resevwa ladim wi ! Gen kote yo mande paran pou l vinn fè eskiz devan tout asanble a epi pou konsène a vin avwe peche a. Pou yo se yon fason pou lot jèn pa fe sa ankò. Gen kote tou si tou 2 jèn yo nan menm legliz la yo tou 2 ap sibi Sanksyon jiskaske yo marye. Èske maryaj sa dwe fèt anndan Legliz ? Yon lòt jou na pale sou sa.

 

 *Non sè a modifye

Stevens JEAN FRANÇOIS


Aucun commentaire

Contributions

Aucun commentaire !

Soyez le premier à commenter cet article.

Même rubrique

Les articles de la même rubrique


Regardez dans le miroir
Vivons au-delà!
Rêvez grand!

Abonnez-vous à notre infolettre

Saisissez votre adresse e-mail pour recevoir une notification par e-mail de chaque nouvel article.

Rejoignez les 3 060 autres abonnés!

Appuyer sur la touche "Entrée" pour effectuer une recherche.

Articles populaires

Paramètre du site

Thème