Bon konba!

Gen 4 peyi nan mond la ki ap komemore endepandans yo jodi premye janvier sa. Ayiti se yonn nan yo. Nan premye jou nan ane a, dapre kalandriye gregoryen an, nou fè dekabès isit: n ap antre nan yon ane tou nèf pandan n ap selebre gwo kokenn chenn batay zansèt yo te mennen pou rive bay nou peyi sa kòm eritaj. Pandan n ap bwè soup joumou, yonn ap swete lòt tout sa ki bon pou ane nèf sa. Men pandan nou pa ka sikile lib e libè, nou ap pran dikte nan men blan, dominiken ap mache fwontyè epi vyole teritwa n èske n ka nan fete lendepandans tout bon?

Bon konba!

Nan peyi Soudan, yo pa twò met aksan sou fèt endepandans yo ki se premye janvye. Nou menm Ayisyen, kit sa ki nan peyi a, kit sa ki nan dyaspora a, nou pran tan pou n ka komemore pwoklamasyon endepandans premye Repiblik nwa epi lib nan mond la. Gras anpil sakrifis, apre gwo batay kont lame fransè, zansèt yo te rive mete Ayiti kanpe. Papa nasyon an, te bay nou devwa pou n bwè lasoup joumou pou komemore jou sa. Plis pase 200 ane apre, nou rive fè UNESCO mete lasoup la nan patrimwàn kiltirèl imateryèl limanite. Ala bèl sa bèl!

Men, pandan n ap bwè bèl bòl lasoup joumou, n ap swete lòt tout sa ki bon pou ane tou nèf la, nou dwe reflechi tou sou peyi a epi mande tèt nou èske n toujou endepandan? Akoz yon kriz pwograme, yon ensekirite kalkile anpil konze lokal ak aplike, peyi ajenou. Anpil pitit peyi a oblije kite l al chèche lavi lòt kote paske isit anpil nan nou p ap viv. Pa gen plantasyon ankò men nou pa ka mache lib e libè. Esklavaj aboli se vre men se chak jou fanmiy ak zanmi ap peye gwo lajan pou yo ka remèt yo yon pwòch yo bandi kidnape. Pafwa genyen yo pa remèt malgre tout lajan ki bay. Pa gen kòmandè ankò men bandi pa sispann kale, vyole, touye epi boule. Bouwo yo tounen vwazen nou!

Otorite san koutcha fè tankou yo pa wè mizè ak soufrans popilasyon an. Yo pa tande moun k ap kriye akoz yon pwòch yo ki soti ki pa janm antre. Yo pa tande gwo kout zam fann fwa k ap koupe souf malere ak malerèz. Apse a pa nan bouda yo, se pa yo k ap kouri se pa yo k ap mal viv, sa pa gade yo si yo ap peze l. Non, pèp ewoyik sa pa gen dirijan li merite yo!

Ekip gran manjè ak konze sa yo prefere ap souse manmèl Leta pandan sa k ap kritike yo gentan pran mestin sou kont lajan Leta. Kit sa ki nan pouvwa, kit sa ki nan opozisyon, kit sa ki di yo nan sosyete sivil ap tann benediksyon anbasad etranje pou pale. Goumen pou byennèt pitit sòyèt gran paran yo te rete an Afrik yo pa nan ajennda yo. Sekirite n, sante n, manje n elatriye sou kont etranje. Leta ap viv de èd entènasyonal pandan vàn koripsyon an louvri byen gran. Vwazen n ap mache lizyè tout jounen epi pa rèspèkte fwontyè a. Sa pa gade gwo zotobre isit. Ayiti pa yo a diferan!

Nan yon sitiyasyon konsa, kite m swete n kouraj ak detèminasyon pou n ka goumen pou remanbre peyi a. Lè sa n ap ka fete nan diyite zansèt yo te goumen pou bay nou an. Bon konba!

Stevens JEAN FRANÇOIS


Aucun commentaire

Contributions

Aucun commentaire !

Soyez le premier à commenter cet article.

Même rubrique

Les articles de la même rubrique


Ki lè li ye?
Jan bwè, jamè sou!

Abonnez-vous à notre infolettre

Saisissez votre adresse e-mail pour recevoir une notification par e-mail de chaque nouvel article.

Rejoignez les 3 060 autres abonnés!

Appuyer sur la touche "Entrée" pour effectuer une recherche.

Articles populaires

Paramètre du site

Thème