Papa Deslin vin pran yo!
Kriye pa leve lèmò vre! Jodia fè 218 lane depi n ap kriye. Nou kriye an kachèt lè asasen w yo pa t dakò n menm site non w. Nou kriye avivwa lè dirijan peyi a vin dakò bay ou valè w merite. Jodia ankò n ap kriye tankou Defile pou sa asasen w yo te fè w yo. N ap kriye tou pou pil frè ak sè n yo bandi ak gwo zam ap asasinen nan peyi a. Nou dakò w p ap ka leve ankò men, kòm yo di mò gen pouvwa, papa Desalin vin pran yo!
Dapre sa listwa rakonte n, yon 17 oktòb tankou jodia ou te tonbe nan Pon Wonj. Ansanm ak Charlotin Marcadieu ou te tonbe an brav. Asasen w yo te tèlman pè w men m lè yo fin touye w, kadav ou te fè yo tranble. Se pou sa yo te rache kò w miyèt moso. Menm apre yo te fin fè krim nan, chak fwa yo te tande non w, asasen w yo te prèske pipi sou yo. Se pou sa yo te entèdi moun site non w. Yo te pè pou w pa t retounen vin bay tèt ou jistis.
Papa Desalin wi, m lonmen non w pou m reveye w. M oblije rele w pou m mande w pote n sekou! Nan Konstitisyon 1805 la ou te di "sitwayen ayisyen se frè" ou te di tou "pèsonn pa diy pou li ayisyen si l pa bon papa, bon pitit, ni bon mari" jodia papa Desalin anpil bon papa, bon manman, bon pitit ak bon zanmi ap tonbe anba bal asasen. Bandi san fwa ni lwa chwazi vire do bay prensip ou te kite pou nou yo. Yo prefere pran move wout epi yo ap mete dlo nan je frè ak sè n yo.
Jodia a papa Desalin akoz move dirijan, peyi a pèdi diyite l. Pitit ou yo ap pran desepsyon nan men tout peyi. Yo ap kouri kite peyi a pou grangou, pou chomaj, pou mizè, pou ensekirite. Sa ki pa ka kouri kite peyi a ap kouri ladanl. Nan depatman Lwès tankou Latibonit sitwayen pezib ap kouri pou yo ka gen lavi. 700 000 moun pami yo anviwon 350 000 timoun oblije kouri kite lakay yo. Se twòp atò papa! Se pou sa w te goumen. Se pa sa w te vle n gen kòm Eritaj. Ou te vle pou n yon nasyon granmoun tèt li ki t ap senbòl libète, egalite ak fratènite nan figi mond la. Ou te vle n yon egzanp pou tout rès mond la. Jodia papa se pa sa l ye! Sa pa ka konsa, fòk sa sispann! Se pou sa papa n ap mande w souple pran yo! Tout san fwa ni lwa ki lakoz peyi a nan eta sa vin pran yo papa. Mennen yo ansanm ak ou! Sa a sèvi egzanp pou tout sa k ap vini apre. Nou p ap met dèy ankò papa, rad wouj nou pare, pran yo pou n ka libere tout bon.
Stevens JEAN FRANÇOIS
- Bon konba!
- Chanm Komès Ayisyano Afriken pran nesans !
- Etazini mande plis angajman pou soutni Fòs Represyon Gang yo
- Sanksyon nan Legliz Batis : yon zouti restorasyon oubyen yon mwayen pou avili moun ?
- Lapli vini m a ba w bonbon!
- Se aksyon Konsèy Prezidansyèl la k ap montre si l vle fè ripti vre, pozisyon yon goup sitwayen nan Okap
- Yo koken, yo mètdam
A lire aussi
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
Blasphème !
Le 11 avril dernier, à la Citadelle Laferrière, plus de trente vies ont été fauchées. Un drame brutal dans cette fortere...
Publié le 13 avril 2026, à 02:01 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureCap-Haïtien : ce chemin du Calvaire
À Cap-Haïtien, le Chemin de Croix n’a jamais été qu’une simple procession. C’est un rendez-vous. Une habitude ancrée. Un...
Publié le 2 avril 2026, à 02:35 PM • Annie Francois • 2 min de lectureDidier me gaz ou, jwe!
Sa k ap pase aktyèlman sou teren politik la pa twò depaman ak sa nou konn wè nan yon seri match foutbòl. Nan yon seri ma...
Publié le 24 mars 2026, à 09:52 AM • Stevens Jean François • 3 min de lectureCap-Haïtien ville sinistrée
Cap-Haïtien la capitale touristique et historique d’Haïti, selon certains, est aujourd’hui étranglée par le temps et l’a...
Publié le 16 mars 2026, à 12:20 PM • Paul Martial • 3 min de lectureLes cendres du carnaval, le feu des négociations
Pendant les trois jours gras, certaines villes du pays ont vibré au rythme envoutant des bandes à pied et des groupes mu...
Publié le 19 février 2026, à 01:23 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureEt les entrepreneurs politiques haïtiens dirent : « Que la transition soit ! »
Le pouvoir en Haïti, écrivait Jean-Price Mars, à peu d’exception, n'a jamais été autre chose, en réalité, qu'un privilèg...
Publié le 10 février 2026, à 12:12 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureSa k pa pè a jete !
Nan lakou lekòl ak sou katye nou yo fraz sa sèvi pou pwovoke. Lè 2 timoun kare pou goumen men okenn nan yo pa vle tire k...
Publié le 23 janvier 2026, à 02:00 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureQui partira et qui restera ?
À quelques jours de l’échéance du 7 février, la question n’est plus seulement de savoir si le Premier ministre restera e...
Publié le 22 janvier 2026, à 04:08 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureBon konba!
Gen 4 peyi nan mond la ki ap komemore endepandans yo jodi premye janvier sa. Ayiti se yonn nan yo. Nan premye jou nan an...
Publié le 1er janvier 2026, à 11:32 AM • Stevens Jean François • 3 min de lectureHaïti face au temps : quand le présent écrase l’avenir
La publication d’un calendrier est, en soi, un geste presque banal. Pourtant, lorsqu’on observe la Guadeloupe dévoiler d...
Publié le 3 décembre 2025, à 12:06 PM • Paul Martial • 2 min de lectureOuragan Melissa : une défaite de plus pour les adeptes du « Bondye Bon » ?
L’ouragan Melissa a fait moins de morts en Jamaïque qu’en Haïti. Directement touché par le système orageux tropical de g...
Publié le 3 novembre 2025, à 11:37 AM • Stevens Jean François • 3 min de lectureEn attendant le « blanc »
Ce 11 novembre 2024, le Secrétariat général de la Primature a invité les Ministres et Secrétaires d’État à prendre part...
Publié le 11 novembre 2024, à 06:28 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureKi lè li ye?
Maten an nou viv yon gwo chanjman. A 3 zè di maten britsoukou li vin 2 zè. Ala gwo koze papa! Lè a chanje! Malerezman se...
Publié le 3 novembre 2024, à 03:44 PM • Stevens Jean François • 2 min de lectureLapsus gouvernemental
Me Carlos Hercules, ministre de la Justice et de la Sécurité, a annoncé la prolongation de l’état d’urgence sécuritaire...
Publié le 23 octobre 2024, à 07:43 PM • Jodel Pilate • 2 min de lectureLa politique des boucs émissaires !
Après l’attaque armée perpétrée par les hommes de Luckson Elan à Pont-Sondé, les hauts responsables de la Police nationa...
Publié le 9 octobre 2024, à 05:49 PM • Jodel Pilate • 2 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.