Manb konsèy sekirite nasyon zini yo poko ka atann yo sou manda BINUH an
Manda BINUH ap bout jodi a. Jiskaprezan manm konsèy sekirite yo poko ka antann yo. Lachin li menm te pran inisyativ mande lòt manm yo pou yo chita ansanm mèkredi pase a, akoz yo poko ka antann yo, diskisyon yo ap pousib jodia nan moman sa.
Sou demand Lachin, manm konsèy sekirite nasyon zini yo te chita ansanm mèkredi pase a pou yo te ka deside ki avni BINUH. Diskisyon ki te fèt an prive ap kontinye jodi a paske yo poko ka antann yo sou ki desizyon yo dwe pran.
Nan reyinyon Lachin te mande ki te fèt mèkredi 13 jiyè 2022 a, manm konsèy sekirite nasyon zini yo pa te rive mete yo dakò sou yon desizyon. Te gen anpil echanj e yonn pa te vle sede pou lòt. Yon van divizyon ap soufle ant moun ki swete yo renouvle manda misyon an epi lòt ki ta prefere se yon lòt misyon pou tabli lapè ki vin an Ayiti. Boutofen yo te mete yo dakò pou yo pran randevou pou yon lòt rankont k’ap fèt jodia.
Dapre sa kèk sous AFP di li, Lachin li menm mande lòt manb yo pou yo pran desizyon sa yo : mete Ayiti anba anbago sou tout zam yon sèl moun ka pote epi itilize, aplike sanksyon kont chèf gang yo epi soutni lide pou peyi oubyen òganizasyon ki nan zòn nan ta monte yon fòs polis pou vin ede nou goumen ak pwoblèm ensekirite a.
Manm konsèy sekirite nasyon zini yo te pale tou sou volim ensekirite a ki ogmante akoz gwoup moun ak zam ki nan tout ti kwen nan kapital la. Site Solèy pa egzanp, RNDDH di li anrejistre anviwon 89 moun ki mouri pandan gwo goumen ant G9 ak Gpep.
Pami misyon BINUH te genyen nou ka site : akonpanye lajistis peyi dayiti epi patitisipe nan demach pou kenbe peyi a nan estabilite. 3 lane apre lajistis malad grav, ensekirite ap taye banda.
N’ap raple, anpil òganizasyon estime BINUH pa itil peyi a anyen. Yo mande pou konsèy la pa renouvle manda li.
Paul MARTIAL
- Bon konba!
- Chanm Komès Ayisyano Afriken pran nesans !
- Etazini mande plis angajman pou soutni Fòs Represyon Gang yo
- Sanksyon nan Legliz Batis : yon zouti restorasyon oubyen yon mwayen pou avili moun ?
- Papa Deslin vin pran yo!
- Lapli vini m a ba w bonbon!
- Se aksyon Konsèy Prezidansyèl la k ap montre si l vle fè ripti vre, pozisyon yon goup sitwayen nan Okap
A lire aussi
- BINUH
- Ayiti
- Nasyon Zini
Thèmes associés
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
Nan Okap, PNCS selebre anivèsè li anba siy rekonesans ak devouman
Avèk yon mès aksyon de gras ki te reyini otorite, patnè, anplwaye ak envite, Kowòdinasyon Depatmantal Nò Programme Natio...
Publié le 24 juillet 2026, à 10:11 PM • Abigaelle Pierre • 4 min de lectureAkademi Kreyòl Ayisyen louvri premye Senpozyòm Anyèl sou Etid Kreyòl Ayisyen nan Okap
Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) louvri ofisyèlman, ayè jedi 23 jiyè 2026 la, nan vil Okap, premye edisyon Senpozyòm Anyèl s...
Publié le 24 juillet 2026, à 10:05 PM • Stevens Jean François • 6 min de lectureNord : les acteurs de l'alimentation scolaire plaident pour un renforcement des partenariats
Réunis au Cap-Haïtien à l'initiative du Programme National de Cantines Scolaires (PNCS) et du Programme Alimentaire Mond...
Publié le 18 juin 2026, à 10:06 AM • Stevens Jean François • 4 min de lectureProjet « Espace civique » : l’AHML sonde les journalistes haïtiens sur l’avenir des médias en ligne et l’autorégulation du secteur
L’Association haïtienne des médias en ligne (AHML) a achevé dans le Grand Sud une série de consultations avec des journa...
Publié le 8 juin 2026, à 10:15 AM • Annie Francois • 4 min de lectureL’Hôpital universitaire Justinien replonge dans la spirale des grèves
Depuis plusieurs jours, médecins, personnels administratifs et agents de soutien de l’Hôpital universitaire Justinien ob...
Publié le 22 avril 2026, à 10:50 AM • Paul Martial • 3 min de lectureConcours « Ayiti Alaso » : une arnarque étatique ?
Fin mars, l’annonce circulait sur les réseaux sociaux. Une vidéo, relayée par plusieurs internautes, invitait les artist...
Publié le 22 avril 2026, à 10:39 AM • Abigaelle Pierre • 3 min de lectureTCHAKO S.A. dénonce des accusations diffamatoires et alerte sur l’usage frauduleux de son identité
La société TCHAKO S.A. rejette catégoriquement les accusations mensongères portées contre elle. Dans un communiqué offic...
Publié le 14 avril 2026, à 06:49 PM • Louvencky Francois • 51 sec de lectureDrame à Seguin : au moins sept morts et un commissariat réduit en cendres
Dans la nuit du lundi 13 au mardi 14 avril 2026, une attaque armée d’une rare violence a secoué la petite localité de Se...
Publié le 14 avril 2026, à 06:42 PM • Paul Martial • 3 min de lectureLe SNGRS à pied d’œuvre à la rue Saint Honoré
À quelques encablures du Palais national, la rue Saint-Honoré a offert, hier dimanche, un spectacle inhabituel : des cam...
Publié le 13 avril 2026, à 03:18 PM • Louvencky Francois • 3 min de lectureLe SNGRS à pied d’œuvre à la rue Saint Honoré
À quelques encablures du Palais national, la rue Saint-Honoré a offert, hier dimanche, un spectacle inhabituel : des cam...
Publié le 13 avril 2026, à 03:18 PM • Louvencky Francois • 3 min de lectureGrâce au konbit, Ariana Milagro Lafond fait briller Haïti
Samedi 11 avril 2026, au Togo, la jeune Haïtienne de 19 ans, Ariana Milagro Lafond, a remporté la 8ᵉ édition du House of...
Publié le 13 avril 2026, à 02:54 PM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureLe SNGRS et l’OFATMA s’accordent sur un plan de régularisation
Le dossier des cartes d’assurance des employés du Service National de Gestion des Résidus Solides (SNGRS) a été au centr...
Publié le 6 avril 2026, à 01:08 PM • Paul Martial • 2 min de lectureLa Ministre Sandra PAULEMON plaide pour une aide mieux alignée sur les priorités nationales
La ministre de la Planification et de la Coopération externe, Sandra PAULEMON, a rencontré hier mercredi l’ambassadrice...
Publié le 2 avril 2026, à 02:57 PM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureSystème judiciaire : la situation carcérale et le rôle du CNAL au cœur des échanges
La situation carcérale, en lien avec la détention préventive prolongée, ainsi que le rôle du CNAL dans l’accompagnement...
Publié le 24 mars 2026, à 10:57 AM • Annie Francois • 2 min de lectureCEC-FEDO : Une Assemblée Générale sous le signe de la transparence et du renouveau à Delmas 32
Dans un contexte économique où la solidarité financière devient un pilier de la résilience communautaire, la Coopérative...
Publié le 24 mars 2026, à 10:27 AM • Paul Martial • 2 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.