Se aksyon Konsèy Prezidansyèl la k ap montre si l vle fè ripti vre, pozisyon yon goup sitwayen nan Okap
Yon gwoup sitwayen nan Okap ki regwoupe yo anba non « Pou Okap, pou Ayiti » pa t pran tan pou fè konnen pozisyon yo apre seremoni prestasyon sèman Konsèy Prezidansyèl Tranzitwa a. Pou sitwayen sa yo, Konsèy la dwe poze aksyon pou anpeche peyi a retounen nan yon sitiyasyon tankou sa l ladan l la.
Manm Konèy Prezidansyèl Tranzitwa a prete sèmam ayè 24 avril 2024 la. Estrikti sa dwe mennen bak peyi a pandan l ap pran dispozisyon pou l rive nan nòmalite konstitisyonèl, pou retabli sekirite, elatrye. Divès gwoup nan sosyete a reyaji apre seremoni prestasyon sèman sa ki te fèt nan Palè Nasyonal la. Pou Okap, pou Ayiti se yonn nan yo.
Pou sitwayen sa yo, seremoni prete sèman an se rezilta yon long pwosesis. « Depi plis pase yon mwa tout je te fikse sou aktè ki te enplike nan demach pou jwenn yon solisyon a kriz peyi a ap viv la. Jounen jodi a, apre anpil traktasyon, gen yon etap ki rive franchi. Konsèy Prezidansyèl Tranzitwa a prete sèman. Divès aktè nan klas politik la, sosyete sivil la ak klas ekonomik la rive met yo ansanm pou mete enstitisyon sa sou pye » nou li nan kominike niewo 2 yo a.
Konsèy la monte men defi yo anpil. Dapre sitwayen sa yo, « retabli sekirite pou pwoteje moun ak byen, fè eleksyon pou n ka rive retounen nan yon nòmalite konstitisyonèl, se 2 pi gwo defi k ap tann ekip sa. Nou menm kòm aktè, nou pran nòt prestasyon sèman yo e n ap tann aksyon yo pral gen pou poze nan jou k ap vini yo. Soti nan eleksyon pou chwazi yon Prezidan nan mitan yo rive nan chwazi manm gouvènman an ansanm ak lòt otorite nan tout nivo Leta, Konsèy la dwe voye yon sinyal klè k ap fè n wè si tout bon yo sousye de malè ki plandye sou tèt popilasyon an ».
« Pou n gen yon tranzisyon ripti toutbon, dwe gen dispozisyon ki pran pou n pa janm tounen nan katchouboumde sa ankò. Se pa ak bèl diskou sa pral fèt, se chak grenn aksyon ki pral poze yo ki pral fè l rive yon reyalite. Je nou la n ap gade, nap veye anwo, nap veye anba, nou p ap sispann veye chak grenn aksyon k ap poze yo paske n pa gen dwa ap tatonnen ankò, ni nan kontinye ak gapji amdimistrativ ki karakterize Leta sa e ki akouche yon sosyete kote mizè mas popilè a ap anpire chak jou ki pase. Nou rate twòp okazyon, fwa sa nou dwe asire n timoun yo, jenerasyon k ap vini yo ap viv nan yon pi bon peyi. Se pou sa nou mande pou tout aktè ki enplike nan Konsèy la sonje se pa enterè gwoup ki voye yo a yo gen pou defann, men yo la pou goumen pou yon demen miyò » se pozisyon Azemar Frantz, Cadet Gérald, Charles Pitelly, Derisma Smith, Georges Kalin, Jean Francois Stevens ansanm ak Jeune Emol.
« Pou Ayiti, pou timoun k ap vini yo, pou popilasyon an divòse ak mizè, chomaj, grangou elatriye » sitwayen sa yo pwomèt yo « ap rete veyatif ».
Louvencky FRANCOIS
- Bon konba!
- Chanm Komès Ayisyano Afriken pran nesans !
- Etazini mande plis angajman pou soutni Fòs Represyon Gang yo
- Sanksyon nan Legliz Batis : yon zouti restorasyon oubyen yon mwayen pou avili moun ?
- Papa Deslin vin pran yo!
- Lapli vini m a ba w bonbon!
- Yo koken, yo mètdam
A lire aussi
- Ayiti
- Tranzisyon
Thèmes associés
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
Royal Caribbean prolonge la suspension de ses escales à Labadie jusqu’à fin 2026
La compagnie de croisières Royal Caribbean a décidé de prolonger la suspension de ses escales à Labadie, sa destination...
Publié hier, à 02:07 PM • Paul Martial • 2 min de lectureL’AGD renforce la sécurité et enregistre des recettes records
L’Administration générale des Douanes (AGD) entend consolider son rôle stratégique dans la protection du territoire et l...
Publié hier, à 01:47 PM • Stevens Jean François • 2 min de lectureDe Noriega à Maduro, ces dirigeants étrangers en exercice ont été renversés ou arrêtés par les Etats-Unis
Le président américain a confirmé, lors d’une conférence de presse tenue ce samedi 3 janvier 2026, les informations qu’i...
Publié le 3 janvier 2026, à 02:33 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureJour des Aïeux : entre épreuves, dignité et fidélité à l’héritage haïtien
En ce 2 janvier, jour de mémoire et de conscience nationale, Haïti rend hommage aux pères fondateurs et héros de l’indép...
Publié le 2 janvier 2026, à 02:32 PM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureDelege Présumé di pa gen kanpe !
Depi kèk jou, non Delege Nò a, Marc Merzius PRESUME, sou anpil bouch. Desizyon li pran pou fè twotwa sou boulva Okap la...
Publié le 26 décembre 2025, à 03:31 PM • Louvencky Francois • 2 min de lectureL’ONI annonce une carte d’identité pour enfants
Environ 6,3 millions d’haïtiens disposent actuellement d’une carte d’identification nationale, selon le directeur généra...
Publié le 11 décembre 2025, à 02:53 PM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureLe rapport mondial GMMP+30 révèle la sous-représentation criante des femmes dans les médias haïtiens
Le rapport mondial GMMP+30 (Global Media Monitoring Project), lancé le mardi 9 décembre par la WACC, dresse un constat a...
Publié le 11 décembre 2025, à 02:25 PM • Marckendy Dorsainvil • 2 min de lectureToutouni fait le buzz !
Depuis l’annonce de son lancement officiel dans le Nord, le Mouvement National pour la Transparence – TOUTOUNI suscite u...
Publié le 9 décembre 2025, à 12:12 PM • Stevens Jean François • 2 min de lectureDossier Stephora Joseph: des élèves avaient filmé la scène
La mort de Stephora Anne-Mircie Joseph, élève haïtienne de 11 ans, avait suscité une vive émotion et une profonde vague...
Publié le 9 décembre 2025, à 11:19 AM • Annie Francois • 2 min de lecture80 ans de l’Institut français d’Haïti : Bendgy Tilias appelle à une coopération culturelle « plus ambitieuse »
L’Institut français d’Haïti célèbre, du 3 au 7 décembre, ses 80 ans d’existence. Prenant part à une cérémonie en la rési...
Publié le 4 décembre 2025, à 02:34 PM • Abigaelle Pierre • 3 min de lectureAlbert Ramdin plaide pour une transition limitée à neuf ou douze mois
En visite officielle en Haïti, le secrétaire général de l’Organisation des États américains (OEA), Albert Ramdin, s’est...
Publié le 4 décembre 2025, à 02:23 PM • Louvencky Francois • 2 min de lectureRéhabilitation du tronçon Madeline-Carrefour Aéroport : une bonne nouvelle pour la population Capoise
Le Bureau de Communication de la Mairie du Cap-Haitien a annoncé la publication officielle d’un appel d’offres du Minist...
Publié le 4 décembre 2025, à 02:14 PM • Marckendy Dorsainvil • 2 min de lecturePont-Sondé : Défenseurs Plus déclare constater l’incapacité des autorités à protéger la population
Le Collectif Défenseurs Plus tire une nouvelle fois la sonnette d’alarme après l’attaque d’une extrême violence perpétré...
Publié le 4 décembre 2025, à 01:53 PM • Annie Francois • 2 min de lectureChaque département aura désormais son centre de tabulation
Lors de la 29e édition des Mardis de la Nation, le ministre délégué chargé des questions électorales, Joseph André Graci...
Publié le 3 décembre 2025, à 12:55 PM • Annie Francois • 2 min de lectureHaïti, nouvelle plaque tournante du crime transnational, alerte l’ONU
Haïti traverse une crise sécuritaire sans précédent. Alors que les gangs étendent leur emprise sur Port-au-Prince et plu...
Publié le 3 décembre 2025, à 12:39 PM • Abigaelle Pierre • 2 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.