Didier me gaz ou, jwe!
Sa k ap pase aktyèlman sou teren politik la pa twò depaman ak sa nou konn wè nan yon seri match foutbòl. Nan yon seri match, yon ekip konn chwazi kite boul la pou advèsè a pandan l pa bay li espas pou rive fè gòl epi l ap veye pou l bay li gòl nan kont atak. Nan politik la jounen jodia, Premye Minis Didier gen dosye pri gaz la nan men l pandan aktè ekonomik la, aktè politik ki pa t siyen pak la oubyen ki pa jwenn sa yo te mande a ansanm ak aktè nan sosyete sivil la ap gade byen kisa li pral fè.
Se vre Iran byen lwen nou, men menm jan ak tout planèt la nou menm an Ayiti ta dwe viv konsekans lagè sa ki pa manke fè pri petwòl ak pwodwi ki derive de li yo monte. Moun Etazini gentan ap rele anmwey pou pri gaz, nou menm isit nou poko konn bagay konsa!
Se vre, kontrèman a sa kit e prevwa pri gaz la pa janm ajiste vre a evolisyon mache a. Depi gen ogmantasyon pri sou mache entènasyonal la, gaz la tou monte isit. Li p ap desann non lè sa fèt sou mache a. Met sous a, nan kèk kwen nan peyi a tankou depatman nò, majorite nan ponp yo pa rèspèkte pri Leta fikse a. Chak ponp vann nan pri pa yo, ponpis tounen elèv lekòl k ap fè pwodwi kwaze pou yok a wè ki kantite gaz pou yo ba w pou lajan w la paske se pa pri ki afiche nan ponp la yo ap vann gaz la. Dezòd sa ap fèt anba je otorite yo e chak fwa yonn deside di li pral konbat li swa li pèdi djòb li oubyen li rete li bliye si l t ap Mennen yon batay pou yon bagay konsa.
Mèt ponp sa yo fè kwè se paske yo oblije peye bandi ki fè yo pa ka vann nan pri Leta fikse a. Ta sanble kamyon gaz ki alimante 2 grenn ponp ki rèspèkte pri otorite yo fikse a pa pase nan menm wout la. Antouka, se mal sele ki toujou foule, nan ka peyi dayiti se pitit sòyèt ki toujou foule. Pèp la ap peye pri ensekirite a nan tout san, se li k ap kouri anba bal, se kay li boule, se li bandi vyole, touye epi se li ankò k ap peye po kase a. Pandanstan, se menm ensekirite sa k ap fè richès yon lòt gwoup.
Machin ensekirite a toujou gen gaz paske l regle koze nèg isit. Egzamen ofisyèl ak tout lòt aktivite fèt tout kote nan peyi a, pa mande si «teritwa pèdi» yo ladan l tou! Poutan kan se pou fè eleksyon tout antreprenè politik di fòk gen eleksyon. Tranzisyon an twò dous, moun ki pa t ap ka fè 500 vwa nan eleksyon ap koupe epi rache pandan sitiyasyon pèp la ap pi mal chak jou. Jodia se yo k ap travay sou lopinyon piblik la pou fè n dakò tranzisyon sa poko ka fini e se yo menm ki pral vin jistifye monte pri gaz la. Moun ki te voye pye 6-7 jiyè 2018 paske Prezidan Jovenel te deside ajiste pri gaz la panse jodia yo pral fè pèp la vale desizyon ogmante pri gaz la. Anpil fwa, baton ki bat chyen nwa a se li ki bat chyen blan an. Didier me gaz ou, monte l non!
Stevens JEAN FRANÇOIS
- Sa k pa pè a jete !
- Qui partira et qui restera ?
- Détention préventive prolongée : l’État lance une caravane pour désengorger les prisons
- Laurent Saint-Cyr refuse « toute initiative fondée sur des calculs individuels »
- Vers un retour à l’ordre constitutionnel : le Premier ministre met le cap sur les élections
- Les Etats-Unis assument la nomination d'Alix Didier Fils-Aimé
- « J’ai décidé de m’impliquer dans la politique après avoir constaté la misère de la population » avait indiqué Alix Didier Fils-Aimé
A lire aussi
- Alix Didier Fils-Aimé
- Tranzisyon
- Pri gaz
Thèmes associés
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
Cap-Haïtien ville sinistrée
Cap-Haïtien la capitale touristique et historique d’Haïti, selon certains, est aujourd’hui étranglée par le temps et l’a...
Publié le 16 mars 2026, à 12:20 PM • Paul Martial • 3 min de lectureLes cendres du carnaval, le feu des négociations
Pendant les trois jours gras, certaines villes du pays ont vibré au rythme envoutant des bandes à pied et des groupes mu...
Publié le 19 février 2026, à 01:23 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureEt les entrepreneurs politiques haïtiens dirent : « Que la transition soit ! »
Le pouvoir en Haïti, écrivait Jean-Price Mars, à peu d’exception, n'a jamais été autre chose, en réalité, qu'un privilèg...
Publié le 10 février 2026, à 12:12 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureSa k pa pè a jete !
Nan lakou lekòl ak sou katye nou yo fraz sa sèvi pou pwovoke. Lè 2 timoun kare pou goumen men okenn nan yo pa vle tire k...
Publié le 23 janvier 2026, à 02:00 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureQui partira et qui restera ?
À quelques jours de l’échéance du 7 février, la question n’est plus seulement de savoir si le Premier ministre restera e...
Publié le 22 janvier 2026, à 04:08 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureBon konba!
Gen 4 peyi nan mond la ki ap komemore endepandans yo jodi premye janvier sa. Ayiti se yonn nan yo. Nan premye jou nan an...
Publié le 1er janvier 2026, à 11:32 AM • Stevens Jean François • 3 min de lectureHaïti face au temps : quand le présent écrase l’avenir
La publication d’un calendrier est, en soi, un geste presque banal. Pourtant, lorsqu’on observe la Guadeloupe dévoiler d...
Publié le 3 décembre 2025, à 12:06 PM • Paul Martial • 2 min de lectureOuragan Melissa : une défaite de plus pour les adeptes du « Bondye Bon » ?
L’ouragan Melissa a fait moins de morts en Jamaïque qu’en Haïti. Directement touché par le système orageux tropical de g...
Publié le 3 novembre 2025, à 11:37 AM • Stevens Jean François • 3 min de lectureEn attendant le « blanc »
Ce 11 novembre 2024, le Secrétariat général de la Primature a invité les Ministres et Secrétaires d’État à prendre part...
Publié le 11 novembre 2024, à 06:28 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureKi lè li ye?
Maten an nou viv yon gwo chanjman. A 3 zè di maten britsoukou li vin 2 zè. Ala gwo koze papa! Lè a chanje! Malerezman se...
Publié le 3 novembre 2024, à 03:44 PM • Stevens Jean François • 2 min de lectureLapsus gouvernemental
Me Carlos Hercules, ministre de la Justice et de la Sécurité, a annoncé la prolongation de l’état d’urgence sécuritaire...
Publié le 23 octobre 2024, à 07:43 PM • Jodel Pilate • 2 min de lecturePapa Deslin vin pran yo!
Kriye pa leve lèmò vre! Jodia fè 218 lane depi n ap kriye. Nou kriye an kachèt lè asasen w yo pa t dakò n menm site non...
Publié le 17 octobre 2024, à 05:50 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureLa politique des boucs émissaires !
Après l’attaque armée perpétrée par les hommes de Luckson Elan à Pont-Sondé, les hauts responsables de la Police nationa...
Publié le 9 octobre 2024, à 05:49 PM • Jodel Pilate • 2 min de lectureLe langage de la violence extrême !
Il a fallu un massacre pour que le gouvernement de Garry Conille déploie enfin des matériels et des hommes d’élite de la...
Publié le 6 octobre 2024, à 09:47 AM • Jojo Psycho • 2 min de lectureCPT : ces chiffres qui dérangent !
La récente audition du conseiller Smith Augustin par l'Unité de Lutte Contre la Corruption (ULCC) a mis en lumière des c...
Publié le 3 octobre 2024, à 06:14 PM • Paul Martial • 3 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.