Yo koken, yo mètdam
Kisa kanaval pote pou peyi sa ? Kesyon sa nan anpil bouch depi kèk tan. Chak fwa kanaval rive, diskou a chanje kan men kesyon sa toujou retounen. Gen moun ki t’ap di viv kanaval lè defen an te sou pouvwa, jodi a se yo k’ap fè bèl diskou pou montre pa dwe gen kanaval. Yo menm bliye si anpil moun k ap defann piblikman oubyen an prive lide pou pèp la ta rive pran plezi l ane sa, pou m site yo, te konn gen menm diskou sa gen kèk lane. Yo te konn ap chante Aba Kanaval. E se pat mereng kanaval BIC te fè nan ane 2017 la.
Kisa kanaval pote pou peyi sa ? Kesyon sa te retounen anpil nan kanaval BIC a. Nan bèl konpozisyon sa, atis la pa t manke envite n gade ansanm ki rezilta nou jwenn nan modèl kanaval nou ap òganize yo. Apre pil mo sal, yayad, diskriminsayon kò fanm, pwomosyon alkòl, vyolans ak koripsyon, pou m site sa yo sèlman, kisa kanaval pote pou peyi sa vre ? Se vre yon moun defoule w men eske w defoule w vre lè w pè pou yo blese w nan foul la, pou lapolis pa baw yon move kout koko makak, pou w pa pran gagann oubyen pou w pa viktim lè w ap antre lakay ou apre kanaval la ? Apre m fin fè yon ti reflechi sou koze sa, m oblije antre nan koral atis la pou m chante, ABA Kanaval !
Kisa kanaval la, jan n òganize l la, pote pou peyi a ? BIC pa t poze kesyon an konsa, men li te pwofite di ki modèl kanaval li vle olye de sa yo ap òganize a. E m dakò ak li. Kanaval la dwe okazyon pou vann kilti nou, valè nou. Kanaval la dwe moman pou n vann bon imaj de peyi a. Se moman pou n fè pwomosyon sit istorik ak touristik yo. Se moman pou n vann manje nou yo. Jou kanaval la fèt nan sans sa, menm si vwa m pa bon, kwè m, m ap chante byen fò viv kanaval. E konnya, kisa n ta dwe di ?
Nan yon kontèks difisil tankou sa n ap viv la nou bezwen rale yon souf. Nou bezwen distrè n se vre men se pa a nenpòt pri ! M p ap pale de konbyen lajan moun peye pou ale nan bal, fimen chicha, fè videyo nan espas VIP pou poste sou IG a. Non ! Ni m p ap janm di tou poukisa menm si bal la 100 dola ameriken pa gen plenyen pou di pa dwe gen bal akoz ensekirite, lavi chè, malsite, elatriye. Se pa mwen ki pral di ta sanble yon gwoup moun pa dwe pran plezi nan peyi sa ! Non se pa mwen, nou nan peyi a nou gen 2 nawè nou e nou gen 2 fèy zòrèy nou. Nou janbe lari pou kò nou epi lè yo bay nou manje nou konn kote pou nou mete l. Pa mete m nan lo souple !
Men vre ! Ak ensekirite a eske ka gen kanaval nan peyi sa ? Moun ap mouri ladanl vre. Moun ap kouri pou bal ladanl wi. Men se nan peyi a nou tout ap kouri pa vre ? Nou ap dòmi nan kabann nou ak tenis nou nan pye n pa vre ? Nou pa konn si bandi p ap pran zòn nan ni tou nou pa konnen si yo p ap vin pran nou lakay nou epi al mete n nan plàn pou fanmiy nou peye. Nou oblije dòmi tou pare, podyab nou. Nan kondisyon sa yo eske se kanaval nou bezwen vre ?
Non ! Se repons la sa. Nou p ap viv nan peyi a. Nou la. Menm lè se pa tout ki la menm jan paske gen anpil nan nou k ap veye imel la pou n lage pye n. Nou pa bezwen kanaval, nou bezwen VIV. Nou bezwen rive jwi dwa ak libète nou. Nou bezwen desinen yon demen miyò pou pitit nou nan peyi a. Se sa n bezwen e pa gen moun ki pral aprann nou sa. Menm jan antreprenè politik ki nan peyi lòk kont Prezidan Jovenel la pa ka ap pale byenfè kanaval jodia. Menm jan moun PHTK yo pa ka ap pale mal kanaval ! Pozisyon yo pa ka chanje an fonksyon de enterè yo ! Nou bezwen moun nan peyi sa. Nou bezwen moun ki pa rete ak moun. Nou bezwen moun ki moun tout bon. Wi, jan BIC di l la n ap chèche yon moun.
Nou bezwen moun ki gen nen nan figi yo. Nou bezwen moun k ap defann enterè mas defavorize a. Nou bezwen ki vle nou jwenn byennèt zansèt nou yo te goumen pou li a. Nou bezwen moun ki pral goumen pou remanbre mouvans popilè antreprenè yo fin detwi a. Nou bezwen moun ki pral aprann moun goumen pou l jwi dwa l. Nou bezwen moun ki ap sispann fè militans tounen pwofesyon. Konsa moun p ap mande peye yo pou ale nan manifestasyon ! Nou bezwen moun vre wi ! Kwè m si w vle kanaval la ap fini pil madigra mal maske sa yo m wè k ap pale byen fò yo, ap rete. Gade yo byen, sonje pozisyon yo ap defann nan depann de sa yo gen nan men yo a. Pa bliye yo koken, yo mètdam.
Stevens JEAN FRANÇOIS
- Bon konba!
- Chanm Komès Ayisyano Afriken pran nesans !
- Etazini mande plis angajman pou soutni Fòs Represyon Gang yo
- Sanksyon nan Legliz Batis : yon zouti restorasyon oubyen yon mwayen pou avili moun ?
- Papa Deslin vin pran yo!
- Lapli vini m a ba w bonbon!
- Se aksyon Konsèy Prezidansyèl la k ap montre si l vle fè ripti vre, pozisyon yon goup sitwayen nan Okap
A lire aussi
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
Blasphème !
Le 11 avril dernier, à la Citadelle Laferrière, plus de trente vies ont été fauchées. Un drame brutal dans cette fortere...
Publié le 13 avril 2026, à 02:01 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureCap-Haïtien : ce chemin du Calvaire
À Cap-Haïtien, le Chemin de Croix n’a jamais été qu’une simple procession. C’est un rendez-vous. Une habitude ancrée. Un...
Publié le 2 avril 2026, à 02:35 PM • Annie Francois • 2 min de lectureDidier me gaz ou, jwe!
Sa k ap pase aktyèlman sou teren politik la pa twò depaman ak sa nou konn wè nan yon seri match foutbòl. Nan yon seri ma...
Publié le 24 mars 2026, à 09:52 AM • Stevens Jean François • 3 min de lectureCap-Haïtien ville sinistrée
Cap-Haïtien la capitale touristique et historique d’Haïti, selon certains, est aujourd’hui étranglée par le temps et l’a...
Publié le 16 mars 2026, à 12:20 PM • Paul Martial • 3 min de lectureLes cendres du carnaval, le feu des négociations
Pendant les trois jours gras, certaines villes du pays ont vibré au rythme envoutant des bandes à pied et des groupes mu...
Publié le 19 février 2026, à 01:23 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureEt les entrepreneurs politiques haïtiens dirent : « Que la transition soit ! »
Le pouvoir en Haïti, écrivait Jean-Price Mars, à peu d’exception, n'a jamais été autre chose, en réalité, qu'un privilèg...
Publié le 10 février 2026, à 12:12 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureSa k pa pè a jete !
Nan lakou lekòl ak sou katye nou yo fraz sa sèvi pou pwovoke. Lè 2 timoun kare pou goumen men okenn nan yo pa vle tire k...
Publié le 23 janvier 2026, à 02:00 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureQui partira et qui restera ?
À quelques jours de l’échéance du 7 février, la question n’est plus seulement de savoir si le Premier ministre restera e...
Publié le 22 janvier 2026, à 04:08 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureBon konba!
Gen 4 peyi nan mond la ki ap komemore endepandans yo jodi premye janvier sa. Ayiti se yonn nan yo. Nan premye jou nan an...
Publié le 1er janvier 2026, à 11:32 AM • Stevens Jean François • 3 min de lectureHaïti face au temps : quand le présent écrase l’avenir
La publication d’un calendrier est, en soi, un geste presque banal. Pourtant, lorsqu’on observe la Guadeloupe dévoiler d...
Publié le 3 décembre 2025, à 12:06 PM • Paul Martial • 2 min de lectureOuragan Melissa : une défaite de plus pour les adeptes du « Bondye Bon » ?
L’ouragan Melissa a fait moins de morts en Jamaïque qu’en Haïti. Directement touché par le système orageux tropical de g...
Publié le 3 novembre 2025, à 11:37 AM • Stevens Jean François • 3 min de lectureEn attendant le « blanc »
Ce 11 novembre 2024, le Secrétariat général de la Primature a invité les Ministres et Secrétaires d’État à prendre part...
Publié le 11 novembre 2024, à 06:28 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureKi lè li ye?
Maten an nou viv yon gwo chanjman. A 3 zè di maten britsoukou li vin 2 zè. Ala gwo koze papa! Lè a chanje! Malerezman se...
Publié le 3 novembre 2024, à 03:44 PM • Stevens Jean François • 2 min de lectureLapsus gouvernemental
Me Carlos Hercules, ministre de la Justice et de la Sécurité, a annoncé la prolongation de l’état d’urgence sécuritaire...
Publié le 23 octobre 2024, à 07:43 PM • Jodel Pilate • 2 min de lecturePapa Deslin vin pran yo!
Kriye pa leve lèmò vre! Jodia fè 218 lane depi n ap kriye. Nou kriye an kachèt lè asasen w yo pa t dakò n menm site non...
Publié le 17 octobre 2024, à 05:50 PM • Stevens Jean François • 3 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.