Ki lè li ye?
Maten an nou viv yon gwo chanjman. A 3 zè di maten britsoukou li vin 2 zè. Ala gwo koze papa! Lè a chanje! Malerezman se sèl nan revèy nou chanjman sa fèt. Movèz odè pil fatra disèt wotè, sant kadav kretyen vivan yo touye epi boule k ap dekonpoze, labou ak fatra ki achte kèk zòn nan peyi a lajan kontan toujou nan lè a.

Ki lè nou t ap pi kontan otorite isit chanje menm? M pa kwè se sa ki pèmèt nou mezire tan k ap pase a. Se vre n pa tande pipirit chante ankò pou n ka konnen nou dwe leve avan ba jou kase. Se vre konpè kòk pafwa fè nwit ap chante epi dòmi twonpe l lè solèy la ap leve. Men nou toujou gen solèy la ki pèmèt nou wè kòman jou yo ale, yo pa janm tounen men yo sanble tankou marasa. Non, sa m di la? Bagay yo ap vin pi mal ou ta di peyi a pran nan yon kout lè!
Ou kwè se ta nan mache lannuit, nan pa rèspèkte lè ki pa pou nou, peyi a ta fè move rankont epi l pran kout lè sa? M pa vle kwè se a 3 zè ki tounen 2 zè nan maten sa, peyi a ta fè kwazman bab pou bab ak galipòt oubyen ak levè de mò. Non se pa yo, yo pa mache lajounen menm si yo gen menm lè ak moun ki koze malè n yo. Bandi ak sandal fin pran peyi a nan men nou pandan parenn yo, bandi ak vès yo kontinye kwaze men ap gade. Teritwa ap pèdi, moun ap pèdi lavi, fanmiy ap pèdi sa 3 jenerasyon te sakrifye yo pou bati. Mouche Leta poko ka bay repons. Yo prèske fè n bliye si gen yon lè peyi a pa t nan eta sa.
Nou ka kontinye mande lè. Nou ka rete ap konpare lè sa ak anyen lè a. Nou ka kontinye ap priye pou gras la desann. Men se ap pou malè n. Paske lè n gade nan mont nou nou p ap fouti wè ki lè li ye! Jodia se lè pou n frape pye n atè. Se lè pou n deside pwòpte anviwònman nou. Se lè pou n ka pran desten n an men yon fason pou timoun k ap vini yo ka respire ton lòt lè!
Stevens JEAN FRANÇOIS
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
En attendant le « blanc »
Ce 11 novembre 2024, le Secrétariat général de la Primature a invité les Ministres et Secrétaires d’État à prendre part...
Publié le 11 novembre 2024, à 06:28 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureLapsus gouvernemental
Me Carlos Hercules, ministre de la Justice et de la Sécurité, a annoncé la prolongation de l’état d’urgence sécuritaire...
Publié le 23 octobre 2024, à 07:43 PM • Jodel Pilate • 2 min de lecturePapa Deslin vin pran yo!
Kriye pa leve lèmò vre! Jodia fè 218 lane depi n ap kriye. Nou kriye an kachèt lè asasen w yo pa t dakò n menm site non...
Publié le 17 octobre 2024, à 05:50 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureLa politique des boucs émissaires !
Après l’attaque armée perpétrée par les hommes de Luckson Elan à Pont-Sondé, les hauts responsables de la Police nationa...
Publié le 9 octobre 2024, à 05:49 PM • Jodel Pilate • 2 min de lectureLe langage de la violence extrême !
Il a fallu un massacre pour que le gouvernement de Garry Conille déploie enfin des matériels et des hommes d’élite de la...
Publié le 6 octobre 2024, à 09:47 AM • Jojo Psycho • 2 min de lectureCPT : ces chiffres qui dérangent !
La récente audition du conseiller Smith Augustin par l'Unité de Lutte Contre la Corruption (ULCC) a mis en lumière des c...
Publié le 3 octobre 2024, à 06:14 PM • Paul Martial • 3 min de lectureUne rentrée des classes aux allures de déjà-vu
Mardi 1er octobre, les élèves doivent reprendre le chemin de l’école, avec pratiquement les mêmes problèmes que l’année...
Publié le 30 septembre 2024, à 07:49 AM • Jodel Pilate • 2 min de lectureLa 79eme assemblée générale des Nations-Unies ravive les flammes
La lutte pour la prise de parole et prendre part aux rencontres diplomatiques organisées en marge de la 79e Assemblée gé...
Publié le 25 septembre 2024, à 09:40 AM • Jodel Pilate • 3 min de lecturePòtoprens vann ou li pa ba w papye!
Pòtoprens pyeje, veye kote w ap met pye w! Pòtoprens se kan w pran ou konnen! Pawòl tankou sa yo anpil. Yo te konn di mo...
Publié le 9 août 2024, à 11:44 AM • Louvencky Francois • 3 min de lectureJan bwè, jamè sou!
Ti Jan bwè tafya se vre men l rèspèkte boutèy la. Si se pou bwè mesye a bwè anpil men li konnen l pa ka pèmèt li sou. Li...
Publié le 24 juin 2024, à 06:46 PM • Stevens Jean François • 2 min de lecture18 mai: l'Université la grande absente!
Pour marquer son refus contre l'occupation et la dépendance d'Haïti, Dantès Bellegarde avait proclamé l’Université gardi...
Publié le 18 mai 2024, à 02:57 PM • Paul Martial • 2 min de lectureLapli vini m a ba w bonbon!
Konbyen nan nou ki pa t konn chante ti pawòl sa lè n te piti? Nou te swete lapli tonbe pou n ka benyen, jwe anba lapli....
Publié le 30 avril 2024, à 01:38 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureDe curieux oiseaux font étape en Haïti
Habituellement, les oiseaux commencent leur migration fin février et mi-septembre. La première période migratoire dure j...
Publié le 3 avril 2024, à 12:57 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureAvis de décès
La Constitution de 1987 n'est plus! 37 ans après le très enthousiaste vote de ce texte, il a succombé aux assauts répété...
Publié le 30 mars 2024, à 02:47 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureCharivari!
3 - 4 ! En chef d'orchestre, d'un coup de baguette, la CARICOM dirige la classe politique haïtienne. Convaincue qu'avec...
Publié le 12 mars 2024, à 11:41 AM • Stevens Jean François • 3 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.