Pòtoprens vann ou li pa ba w papye!
Pòtoprens pyeje, veye kote w ap met pye w! Pòtoprens se kan w pran ou konnen! Pawòl tankou sa yo anpil. Yo te konn di moun ki soti nan pwovens yo lè yo rive nan kapital la. Koze sa yo, ki konn soti nan bouch yon madre nan kapital la, te la pou raple yo lavi Pòtoprens pa tankou sa yo te konn viv an pwovens epi mande yo pran prekosyon. Jounen jodia bagay la chanje nèt. Bandi fin panse Pòtoprens te vann yo.
Pòtoprens defigire. Kèk kote moun ka sikile yo pa sanble ak sa yo te ye avan. Anpil kous machin pa egziste ankò. Anpil estasyon machin pa egziste ankò, gen nan yo ki chanje adrès. Menm si w tande yon machin ap rele Pòtay Leyogàn li p ap rive la vre. Mekanisyen ri channmas yo lage kò yo sou Bwa Vèna. Ti mesye ki konn ranje telefòn bò katedral yo fè yon ti deplase. Pa mande m pou Kwa Bosal. Anpil repè disparèt. Gen ri ki gen baryè tankou se nan lakou yon moun w ap antre.
Lontan lè yon chofè konn ap fè dezòd nan lari a, yo konn mande l si se lajan li pa genyen ki fè l poko mete baryè. Ti koze sa te la pou raple l sajman lari a se pou nou tout, lari a se salon pèp la pèsonn pa ka pran l tankou byen prive l. Menm lè machann tout kalite pwodwi te konn anvayi lari a, sa pa t anpeche l byen nou tout. Jodia sanble gen bout nan lari a ki pa pou nou tout. Gen ri nan kapital la machin pa ka sikile jan yo vle nan yo ankò. Lè se pa bandi ki fè n pè ale la se malere ak malerèz ki pran dispozisyon pou pwoteje lavi yo.
Gwo baryè an fè fòje monte nan tout pwent yon seri katye. Moun yo ap kontwole moun k ap antre e gen baryè se apye ou ka pase nan yo sèlman. Gen orè pou w ka pase nan yon seri zòn. Epi si w pa gen moun ki rekonèt ou la, yo konseye w pa pase ditou. Laperèz anvayi tout moun. Chak moun ap barikade tèt yo nan zòn yo. Sa ki pa mete machin an kwa ak lòt bagay pou bare wout la, mete baryè. Pou yo, sa ap anpeche bandi pran zòn nan. Ou menm ki pa t nan kapital pandan yon ti tan ou oblije fè mizajou paske gen wout ou te konn pase nan yo ou p ap ka fè sa ankò.
Ensekirite k ap vale teren an lakoz kapital peyi a vin redesinen. Popilasyon an oblije adapte l a reyalite sa l ap viv la. Moun ki te gen gwo kay yo oblije kouri kite l pou al abrite yo nan kan. Nan yon bat je, yo pèdi sa yo te pran ane pou m pa di tout vi yo pou yo konstwi. San yo pa mande yo si yo dakò bandi ak gwo zam fè yo kouri kite konfò yo. Nou p ap janm ka konnen ki kantite ki pa gen chans kouri. Bandi achte yon bon pati nan kapital la lajan kontan. Se yo ki lalwa, se yo k ap koupe se yo k ap rache. Yo vle enpoze yo kòm nouvo pwopriyetè poutan gen yon jou k ap rive, yo pral rann yo kont Pòtoprens pat vann yo alewè pou l ta bay yo papye!
Louvencky FRANCOIS
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
Jan bwè, jamè sou!
Ti Jan bwè tafya se vre men l rèspèkte boutèy la. Si se pou bwè mesye a bwè anpil men li konnen l pa ka pèmèt li sou. Li...
Publié le 24 juin 2024, à 06:46 PM • Stevens Jean François • 2 min de lecture18 mai: l'Université la grande absente!
Pour marquer son refus contre l'occupation et la dépendance d'Haïti, Dantès Bellegarde avait proclamé l’Université gardi...
Publié le 18 mai 2024, à 02:57 PM • Paul Martial • 2 min de lectureLapli vini m a ba w bonbon!
Konbyen nan nou ki pa t konn chante ti pawòl sa lè n te piti? Nou te swete lapli tonbe pou n ka benyen, jwe anba lapli....
Publié le 30 avril 2024, à 01:38 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureDe curieux oiseaux font étape en Haïti
Habituellement, les oiseaux commencent leur migration fin février et mi-septembre. La première période migratoire dure j...
Publié le 3 avril 2024, à 12:57 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureAvis de décès
La Constitution de 1987 n'est plus! 37 ans après le très enthousiaste vote de ce texte, il a succombé aux assauts répété...
Publié le 30 mars 2024, à 02:47 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureCharivari!
3 - 4 ! En chef d'orchestre, d'un coup de baguette, la CARICOM dirige la classe politique haïtienne. Convaincue qu'avec...
Publié le 12 mars 2024, à 11:41 AM • Stevens Jean François • 3 min de lectureMe diri a!
« Diri ameriken se pwazon! Diri ameriken bay sik, tansyon ak kansè! Se lè nou antre nan manje bagay ki soti lòtbò dlo vi...
Publié le 27 février 2024, à 11:26 AM • Stevens Jean François • 4 min de lectureYo koken, yo mètdam
Kisa kanaval pote pou peyi sa ? Kesyon sa nan anpil bouch depi kèk tan. Chak fwa kanaval rive, diskou a chanje kan men k...
Publié le 13 février 2024, à 03:15 PM • Stevens Jean François • 5 min de lecture12 janvye 2010, Bondye te sispann bon?
Anpil ayisyen te konsidere tèt yo tankou bèf san lake. Yo pa t pran responsablite yo kòm sitwayen. Dirijan yo t ap kalbe...
Publié le 12 janvier 2024, à 09:45 AM • Stevens Jean François • 3 min de lectureLes étrennes que j'aimerais recevoir
Comme les enfants, je souhaite recevoir des cadeaux pour commencer l'année 2024 du bon pied. Certes, elle s'annonce déjà...
Publié le 1er janvier 2024, à 01:10 PM • Jodel Pilate • 4 min de lectureLe Kenya, sauveur à géométrie variable !
Les soldats kényans devant être déployés en Haïti dans le cadre de la Mission Multinationale d'Appui à la Sécurité devra...
Publié le 17 décembre 2023, à 12:15 PM • Jodel Pilate • 3 min de lectureJounen entènasyonal dwa moun: Tout moun se moun
Jodia fè 75 lane depi Asanble Nasyon Zini te adopte Deklarasyon dwa pou tout moun. Depi jou sa, 10 desanm vin konsakre k...
Publié le 10 décembre 2023, à 01:20 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureKannal la pa klowòks ni dra blan !
KPK : sa dou nan anpil bouch ! Tout atiprenè politik vle pran woulib. E piyay ! Kannal la p ap kanpe, se eslogan pèp la...
Publié le 15 octobre 2023, à 03:20 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureVeye Jèvilòm!
Kannal la p ap kanpe ! Anpil moun dakò sou sa. Pou dlo rive nan 3 mil ekta ki nan plèn Maribawou a nou mete an aplikasyo...
Publié le 29 septembre 2023, à 01:51 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureAriel chanpyon!
Kisa n pa t tande sou mouche Ariel lè l fenk pran pouvwa? San chèche konnnen kisa ki te fè Claude Joseph pete kouri remè...
Publié le 27 août 2023, à 02:37 PM • Stevens Jean François • 8 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.