Èske genyen lidè nan tèt peyi Dayiti?
Otè: Jean André Victor

Otè: Jean André Victor
Nan tout sosyete, genyen 2 kalite moun : genyen sa yo rele Lidè, genyen sa yo rele souflantyou. Lidè yo, se sila kap defann yon kòz pou tout moun, ki papè chay, ki papè pran inisyastiv ki papè tou fè sakrifis pou sove pwochen yo. Souflantyou, se sila yo kap pale mete la, ki pap janm espoze ni lavi yo, ni lajan yo ni byen yo posede nan anyen. Souflantyou toujou ap kritike, men li pap leve ni lou ni lejè pou pèp la. Se Lidè ki fè devlopman. Pou chanje systèm peze souse ya, Peyi a bezwen anpil bon jan Lidè ki genyen nen nan figi yo.
Genyen Lidè lokal, Lidè depatmantal, Lidè nasyonal. Genyen tou Lidè entènasyonal. Ou jwenn Lidè tout plim tout plimaj nan tout aktivite bondye mete. Pa ekzamp, Lidè ki nan politik pa oblije genyen mèm soulye foutbol ak Lidè ki nan zafè mizik. Tout lidè se lidè, men tout lidè pa mèm. Sepandan, tout souflantyou sanble youn ak lòt. Yo tout rete ak moun ; tout souflantyou se soubreka kap banbile nan bato kap pote soufrans ak lamizè pou pèp la. Wè pa wè, bato souflantyou gen poul monte sou resif pèp la.
Yon Lidè se yon sitwayen ki retire manje nan bouch pitit li pou li regle zafè lòt moun. Yon moun kipa onèt pa ka jwe wòl yon lidè. Lè yon Lidè swe anpil pou pèp la, popilasyon-an pa ezite chanje chemiz pou li. Yon Lidè se yon makòn gason ki chita nan lestomak yon sèl moun. Souflantyou plis souflantyou bay souflantyou. Yon pakèt souflantyou pap jam bay yon lidè. Yo pa vann lidè nan mache. Se sakrifis ki fè Lidè.
Si pèp la vote pou yon lidè, lidè sila fèt pou konnen ki lè manda li ap fini. Yon lidè kipa konnen ni ki lè manda li koumanse, ni ki lè lap fini, se pa sèlman yon move lidè, se pa yon lidè ditou. Kidonk, si yon Prezidan Peyi bay yon dat pou manda li fini pandan konstitisyon mèm peyi sila bay yonn lòt dat, nan de pawòl dwat e gòch sila yo, gen youn kipa verite. Etandone, Konstitisyon pa konnen bay manti, se Lidè Fo Mamit la kap tronpe pèp la. Atansyon ! Prezidan Paul Magloire te pran nan pèlen tèt sa deja.
Genyen twa kalite lidè, selon jan yo fonksyone. Genyen Lidè Fo Mamit, genyen Lidè Tout Voum Se Do, genyen Lidè Konsekan. Bonjou Lidè Fo Mamit yo pa laverite. Yo pwomèt sa yo paka bay. Nan yon lòt bò, Lidè Tout Voum Se Do yo, se lidè ki kite pèp fè sa l vle, lè l vle. Lidè Tout Voum Se Do, se rat mòde soufle. Twazyèm kategori a, se Lidè Konsekan, se yo ki bon lidè paske 2 lòt kalite lidè yo telman lèd, yo rele yo ledè. Ledè pa lidè. Pa bliye, tout Lidè Konsekan, se boul pik pèp la.
Si w vle konnen si yon Lidè Konsekan ka bay bon jan rezilta, gade ki moun kap mache dèyè li. Si pifò moun ki akonpaye li, se bandi, se kowonpi, ou mèt sèten lidè sila ap kòmande yon asosyasyon malfektè. Malfektè ka fè mal, li paka fè byen. Si w ta wè genyen anpil moun serye dèyè lidè sila a, ou mèt mache dèyè li tou, paske li nan bon wout. Se Lidè Konsekan ki ka fè Revolisyon. Refòm ou Revolisyon ? Se Revolisyon pou nou chwazi Lidè Konsekan, se Solèy Revolisyon pèp la ap chache depi asasina Papa Desalyn te fèt nan lakou Ponwouj, nan lane 1806. Mèm salin peyi a pa gen sel ankò. Kisa nap tan n pou nou reveye Papa Desalin ?
Jean André Victor
- Solino has fallen
- Port-au-Prince classée troisième ville la plus dangereuse au Monde en 2024
- Haïti : Les violences sexuelles à l'encontre des enfants ont augmenté de 1000% en un an
- L’OEA approuve la transformation de la MMSS en une force de maintien de la paix des Nations Unies
- L’attaque armée visant les deux avions est un acte terroriste, signale Me Carlos Hercule
- Les Etats-Unis assument la nomination d'Alix Didier Fils-Aimé
- Nous avons le choix ultime d’aller vers la Cour de cassation et de chercher le soutien des forces armées, prévient Jean Robert Arguant
A lire aussi
- Haïti
- Jean André Victor
- Leadership
Thèmes associés
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
Dominique Dupuy a-t-elle péché ?
La question de la déportation en masse d'immigrés soulève des enjeux complexes et délicats, tant sur le plan éthique que...
Publié le 16 octobre 2024, à 04:21 PM • La rédaction • 3 min de lectureQue nous réserve l’avenir du Conseil Présidentiel
L’accord politique du 3 Avril 2024 ayant conduit à la création du Conseil Présidentiel est loin d’être la proposition po...
Publié le 18 mai 2024, à 03:13 PM • La rédaction • 6 min de lecture1er mai: entre Travail et chômage, quel avenir pour les jeunes professionnels et universitaires?
En Haïti, le 1er mai est la fête de l'agriculture et du travail. La fête du travail est une journée internationale de lu...
Publié le 1er mai 2024, à 09:03 AM • La rédaction • 4 min de lectureAyiti pran nan konplo! Zòt rayi li pou endepandans 1804
Depi nou tou piti nou toujou tande "konplo pi rèd pase wanga". Souvan lè nap gade sitiyasyon malouk peyi a, nou oblije m...
Publié le 5 août 2022, à 08:06 PM • La rédaction • 2 min de lectureHaïti, le choix entre la mort, la fuite ou la révolution
L'effondrement de l'État, l'anarchie et le chaos jettent le pays dans la misère la plus profonde. On se demande souvent...
Publié le 4 août 2022, à 10:41 AM • La rédaction • 2 min de lectureNous sommes perdus!
Le problème est que nous avons peur de la vérité. Nous croyons trop en certaines choses pour qu’un beau jour nous commen...
Publié le 2 août 2022, à 10:03 AM • Widly Carpentier • 3 min de lectureLe peuple haïtien, dans l'attente du signal de la révolte
Haïti, depuis des années, est agitée par des troubles dûs à une bande de factieux, de mafias, de corrompus, de criminels...
Publié le 28 juillet 2022, à 10:59 AM • La rédaction • 2 min de lectureAyiti: yon okipasyon makiye nan men nasyon zini pa pi bon opsyon an
Sitiyasyon grav n ap viv jounen jodi a epi anachi ki nan peyi a ap favorize pi plis pwojè kominote entènasyonal la pou y...
Publié le 15 juillet 2022, à 06:18 PM • La rédaction • 3 min de lectureHaïti: La majorité est assujettie par une oligarchie économique et politique
La situation d'Haïti est grave. Il faut une révolte générale pour que le pays puisse sortir de l'état où il se trouve. C...
Publié le 12 juillet 2022, à 08:45 PM • La rédaction • 2 min de lecture1 an après, l'enquête se poursuit
Déjà un an depuis l'assassinat crapuleux de l'ancien président Jovenel Moïse en sa résidence privée. Jusqu'à date, aucun...
Publié le 7 juillet 2022, à 01:55 PM • La rédaction • 3 min de lectureAriel Henry: l'héritier d'une dictature absolue
La mort tragique de l'ancien président Jovenel Moïse a de nouveau plongé le pays dans le chaos. Malheureusement les inst...
Publié le 5 juillet 2022, à 09:09 PM • La rédaction • 3 min de lectureUne nouvelle génération de politiciens doit émerger
Le peuple haïtien a trop longtemps gémi. Ses maux sont indénombrables. L'insécurité touche toutes les classes de la soci...
Publié le 3 juillet 2022, à 09:43 AM • La rédaction • 2 min de lectureQuelle audace! "Menm moun fou sezi"
"Comme un chien qui retourne à ce qu'il a vomi, Ainsi est un insensé qui revient à sa folie." Depuis la visite de Mme L...
Publié le 27 juin 2022, à 09:24 PM • La rédaction • 3 min de lectureL'abandon scolaire en Haïti : Causes et conséquences
Le contexte sociopolitique difficile a gravement affaibli l'économie haïtienne et affecté grandement l'éducation. Le pri...
Publié le 24 juin 2022, à 09:10 PM • La rédaction • 3 min de lectureHaïti, un pays obscur. Quelle issue?
7 février 1986 fut un moment de joie immense pour la population haïtienne. C'était la fin du régime corrompu, criminel e...
Publié le 16 juin 2022, à 02:10 PM • La rédaction • 2 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.