Ane akademik 2022-2023 : paran nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan gen anpil kè kase
Dapre kalandriye Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) ane akademik 2022-2023 a ap kòmanse 5 sèptanm 2022 pou li ka bout 30 jen 2023. Poutan kèk semèn avan lekòl louvri anpil paran nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan oblije pran lari ap chèche lòt lekòl pou pitit yo akoz ensekirite.

Nan yon tan ki pa twò lwen, nan lè konsa anba lavil Pòtoprens se moun ki konn ap frape ak moun. Se la machann ak paran konn vin achte sa yo ap bezwen pou rantre lekòl la. Ane sa se bal k ap chante. Bandi ak gwo zam fann fwa ap twoke kòn yo. Machann ki te deja kouri kite zòn nan san vire gade dèyè pa menm reve retounen la. Se bandi k ap fè lalwa kote ki konn gen anpil aktivite nan moman sa. Malerezman se pa sèlman anba lavil Pòtoprens ki konsa, nan plizyè katye nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan se bandi k ap feraye.
Si depi apre bandi Matisan yo fin koupe peyi a an 2 anpil paran kafou pa egzanp te oblije retire pitit yo nan lekòl Pòtoprens, jounen jodi a pandan anpil moun oblije kouri kite kay yo akoz gang yo oblije tou ap chèche lekòl pou pitit yo akoz gang yo k ap vale teren. Se ka pa manman 2 timoun ki lekòl nan ri di Sant.
"Akoz jan bandi yo ap vanse nan Pòtoprens m oblije pran lari a jodi a. Pandan m te fin ap planifye al peye epi achte liv, jodia se lòt lekòl m ap chèche" rakonte n madanm sa ak tristès epi dezolasyon nan vwa l. "M ap oblije al mete timoun mwen yo lekòl Dèlma. Paske mwen tou, se la m oblije ap chèche kay" te pousib manman sa.
Menm jan ak li anpil paran gen gwo kè kase. Yo pa konn ki Sen pou yo rele. Gen direktè lekòl ki poko wè anwo ni anba. Bandi pran kontwòl katye kote lokal lekòl yo a ye a. Menm jan ak anpil lekòl nan Matisan, sou Bèlè, Lasalin, nan Twazyèm sikonskripsyon Pòtoprens la sanble yo pral oblije chanje lokal oubyen fèmen pòt yo.
Gen paran ki te gentan chanje pitit yo lekòl pou menm rezon ensekirite. Genyen ki mete yo nan lekòl pi pre lakay yo. "M pa vle pitit mwen ta asiste nan laj li a bandi k ap kidnape oubyen touye moun. Se pou sa m redwi trajè pou li ale lekòl la. M mete l nan lekòl tou pre lakay la" eskplike n yon jenn papa ki konfye n li pa oze menm panse yon jou pitit li ka viktim ensekirite a.
"M t ap viv laplèn. Depi apre batay la m kite zòn nan ak fanmiy mwen. Kòm bandi pran l e se tou pre a pitit mwen te lekòl m oblije tou chanje l lekòl" konfye n yon lòt papa ki pa t kache n kouman li pa viv senpman lè l konnen lekòl pra l relouvri epi pitit li yo pral brave danje nan lari a.
Kidnapin ap vale teren, bandi ap opere alèz kon Blèz pandan chak jou yo ap agrandi teritwa yo. Popilasyon an lage pou kò l pandan chak jou Bondye mete lavi a ap vin pi chè. Ou kwè lekòl la ap louvri ane sa vre?
Marckendy DORSAINVIL
- Papa Deslin vin pran yo!
- Lapli vini m a ba w bonbon!
- Se aksyon Konsèy Prezidansyèl la k ap montre si l vle fè ripti vre, pozisyon yon goup sitwayen nan Okap
- Yo koken, yo mètdam
- 12 janvye 2010, Bondye te sispann bon?
- Jounen entènasyonal dwa moun: Tout moun se moun
- Fondasyon Zanmi Timoun p ap bese bra l
A lire aussi
- Ayiti
- Ane akademik
- 2022-2023
- Lekòl
Thèmes associés
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
La carte scolaire : l’outil de planification des besoins éducatifs qui fait défaut
En Haïti, la question de l'éducation est au cœur des défis socio-économiques et politiques du pays. La carte scolaire, i...
Publié le 30 septembre 2024, à 07:54 AM • Abigaelle Pierre • 4 min de lectureConférence nationale sur le préscolaire, le MENFP annonce des mesures
La Conférence nationale sur le préscolaire, cet évènement marquant un tournant significatif dans l'éducation haïtienne a...
Publié le 23 septembre 2024, à 03:51 PM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureConférence nationale sur le Préscolaire : Un vrai engagement pour l'avenir des enfants d'Haïti
La conférence nationale sur le préscolaire, initiée par le Ministère de l'Éducation Nationale et de la Formation Profess...
Publié le 19 septembre 2024, à 12:39 PM • Annie Francois • 3 min de lectureClôture de la première phase du séminaire sur l'enseignement des nouvelles matières au 3ème cycle du fondamental
Le ministère de l’Éducation nationale et de la Formation professionnelle (MENFP) a franchi une étape importante dans le...
Publié le 16 septembre 2024, à 07:55 PM • Paul Martial • 3 min de lectureUEH : Lancement des inscriptions au concours d'admission pour l'Année Académique 2024-2025
L'Université d'État d'Haïti (UEH) a récemment annoncé une nouvelle excitante pour les étudiants souhaitant poursuivre le...
Publié le 13 septembre 2024, à 11:52 AM • Annie Francois • 2 min de lectureRentrée scolaire : plein feu sur les initiatives gouvernementales et les mesures d’accompagnement
À l’approche de la rentrée scolaire, le gouvernement haïtien, sous la houlette du Premier ministre Garry Conille, a inte...
Publié le 13 septembre 2024, à 11:48 AM • Paul Martial • 3 min de lectureLancement d’un atelier de consultation pour la rénovation de l’enseignement secondaire en Haïti
Le Ministère de l’éducation nationale a lancé, hier mardi 10 septembre, un atelier de quatre jours visant à établir l’«...
Publié le 11 septembre 2024, à 09:54 AM • Louvencky Francois • 2 min de lectureL’OPC appelle à la continuité des activités de l'enseignement supérieur en Haïti
L'Office de Protection du Citoyen (OPC) joue un rôle crucial dans la défense des droits des haïtiens, et son récent appe...
Publié le 10 septembre 2024, à 03:37 PM • Louvencky Francois • 3 min de lectureRentrée scolaire : Le MENFP met en garde les directeurs d'écoles
Dans un contexte éducatif déjà complexe, le ministre de l'Éducation nationale et de la Formation professionnelle (MENFP)...
Publié le 7 septembre 2024, à 09:40 AM • Stevens Jean François • 3 min de lectureLe MENFP organise un atelier de validation technique des outils de gouvernance de la formation en Haïti
Le Ministère de l'Éducation Nationale et de la Formation Professionnelle (MENFP) réalise actuellement trois journées d'a...
Publié le 5 septembre 2024, à 08:55 PM • Abigaelle Pierre • 3 min de lectureHaïti Anagramme : le Collège Régina Assumpta sacré champion
Le Collège Régina Assumpta (CRA) a remporté la troisième édition d'Haïti Anagramme. Grand habitué des finales de la comp...
Publié le 2 juin 2024, à 02:24 PM • Stevens Jean François • 2 min de lectureHaïti Anagramme : place aux demi-finales !
Réseau Éclair et son partenaire, l'Alliance Française du Cap-Haïtien, n'entendent vraisemblablement pas s'arrêter en si...
Publié le 18 mai 2024, à 03:11 PM • Stevens Jean François • 2 min de lectureVictoire du CRA, défaite du CNDPS... Retour sur les résultats des premières rencontres d'Haïti Anagramme
Pari gagnant pour Réseau-Éclair, son partenaire l'Alliance Française du Cap-Haïtien et ses autres partenaires! Bravant l...
Publié le 29 avril 2024, à 03:07 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureHaïti Anagramme fait son grand retour ce week-end
Les amants des jeux de mots et de lettres auront de quoi se délecter. Du 27 avril au 26 mai 2024, la troisième édition d...
Publié le 25 avril 2024, à 12:06 PM • Abigaelle Pierre • 3 min de lectureDysfonctionnement du site du MENFP, des responsables d'écoles inquiets
Le site du Ministère de l'éducation nationale et de la formation professionnelle (MENFP) est indisponible. Incapables d'...
Publié le 5 janvier 2024, à 03:03 PM • Stevens Jean François • 4 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.