Kannal la pa klowòks ni dra blan !
KPK : sa dou nan anpil bouch ! Tout atiprenè politik vle pran woulib. E piyay ! Kannal la p ap kanpe, se eslogan pèp la ki bouke tann lidè san vizyon, ki fatige nan tann otorite ki prefere jwi privilèj olye yo fè djòb yo. Jodia se menm yo menm nan k ap defile nan Wwanament. Pa okipe bann madigra mal maske sa yo! Ni kanaval, ni rara fini lontan sa.

Wanament se kote anpil leyadè (non m pa fè erè. Sa yo pa lidè), yo tout ap defile. Yon sèl kou yo konn Maribawou egziste. Pa mirak yo konn yon kote, yo te kite an deyò peyi, a egziste. Anpil nan yo fenk konnen yo pa di Walament. Yo fenk aprann nan ki depatman zòn sa ye. Yo sanble resi sonje peyizan yo. Poutan, yo te bliye yo lontan sa pou yo itilize militan yo te ka touye van nan vant yo ak mil goud. Yo tout gen foli itilize vag la pou montre yo ap panse pou pèp. Kannal Wanament la tounen pisin Betesda !!!
Wi nou nan konbit ! Wi n ap kole zepòl ! Wi n ap resevwa tout moun ! Men sa pa ka fè n bliye ! Premye Minis Ariel te oblije pale jan l pale a. Si l pa t fè sa li konnen l t ap oblije pran avyon retounen kote ki ta vle akeyi l la. Pa gen manti nan sa, si l pa t kanpe en KPK pèp la t ap montre l sa k rele DDN (Deyò deyò nèt) ! Ou kwè Léon Charles te ka pale yon lòt jan ? NON ! Paske l konnen sa ki t ap rive si l te fè sa. Pou yon fwa pèp ayisyen an, peyizan yo, moun andeyò yo montre ki lidè yo konnen yo ta dwe genyen !
Atis yo (samba yo ki te bliye chante mizè pèp la) alinye. Dyaspora a antre nan dans la. Anpil moun nan sosyete sivil la vin pote sipò. Opòtinis politik yo menm, yo ki te déjà pa t wè pi lwen pase pwent nen yo pote boure. Gen ki kanpe lwen an ekspè ! Yo gentan wè sa ki dwe fèt avan. Mirak o ! Opere o ! Opere mirak! Leyadè yo gen vizyon ! M pa gen dan pou m ri ! Yo mèt pote tout sa yo vle, n ap resevwa yo men yo pa dwe panse Wanament tounen Wòm ! Yo ap tounen ap tout peche yo! Wanament pa la pou resisite kadav politik.
Gen ki wont vini, yo pa ta vle pran malonèt ! Gen tou se lòd patwon yo ap tann. Gen ki nan wout tou. Se pou pèp la resevwa yo. Moman sa pa moman pou bay po kann ak fwomi ni vaz pipi. Se moman pou n fè sa ki gen ti kras wont yo santi ki mal yo te fè. Menm si yo pote milyon sa pa ka fè n bliye santèn milya yo vole yo ni milya pwoblèm yo lakoz n ap viv jodia. Se lè pou yo rann yo kont de mechanste ak move fwa yo. Se moman pou sa ki gen je fon yo kriye davans paske yo ap wè pèp la egzije yon lòt gwoup moun pou reprezante l, pou pran desten l an men. Gen leyadè tou nouvo ki vle pran woulib tou wi ! Veye yo! Plase tèt nou, paske apre kannal la k ap pote manje nan asyèt nou, apre dinyite n kòm pèp l ap restore, nou pral gen tou pou n fè yon konbit kont fatra. Twòp salte nan figi nou! Kannal la pa ni klowòks pou pwòpte konze yo. Li p ap ka dra blan pou kouvri kadav politik sa yo ki, dayè, ap degaje move lodè. Kannal la dwe pote lespwa paske l fè n sonje kiyès nou ye ak sa n ka fè. San zam nou mete vwazen an ajenou e li rekonèt sa.
Ann montre nou konn sa nou ye! Ann kite diyite n montre n wout la. Konsa n a rive akonpli rèv zansèt yo. N ap rive granmoun tèt nou tout bon!
Stevens JEAN FRANÇOIS
- Veye Jèvilòm!
A lire aussi
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
En attendant le « blanc »
Ce 11 novembre 2024, le Secrétariat général de la Primature a invité les Ministres et Secrétaires d’État à prendre part...
Publié le 11 novembre 2024, à 06:28 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureKi lè li ye?
Maten an nou viv yon gwo chanjman. A 3 zè di maten britsoukou li vin 2 zè. Ala gwo koze papa! Lè a chanje! Malerezman se...
Publié le 3 novembre 2024, à 03:44 PM • Stevens Jean François • 2 min de lectureLapsus gouvernemental
Me Carlos Hercules, ministre de la Justice et de la Sécurité, a annoncé la prolongation de l’état d’urgence sécuritaire...
Publié le 23 octobre 2024, à 07:43 PM • Jodel Pilate • 2 min de lecturePapa Deslin vin pran yo!
Kriye pa leve lèmò vre! Jodia fè 218 lane depi n ap kriye. Nou kriye an kachèt lè asasen w yo pa t dakò n menm site non...
Publié le 17 octobre 2024, à 05:50 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureLa politique des boucs émissaires !
Après l’attaque armée perpétrée par les hommes de Luckson Elan à Pont-Sondé, les hauts responsables de la Police nationa...
Publié le 9 octobre 2024, à 05:49 PM • Jodel Pilate • 2 min de lectureLe langage de la violence extrême !
Il a fallu un massacre pour que le gouvernement de Garry Conille déploie enfin des matériels et des hommes d’élite de la...
Publié le 6 octobre 2024, à 09:47 AM • Jojo Psycho • 2 min de lectureCPT : ces chiffres qui dérangent !
La récente audition du conseiller Smith Augustin par l'Unité de Lutte Contre la Corruption (ULCC) a mis en lumière des c...
Publié le 3 octobre 2024, à 06:14 PM • Paul Martial • 3 min de lectureUne rentrée des classes aux allures de déjà-vu
Mardi 1er octobre, les élèves doivent reprendre le chemin de l’école, avec pratiquement les mêmes problèmes que l’année...
Publié le 30 septembre 2024, à 07:49 AM • Jodel Pilate • 2 min de lectureLa 79eme assemblée générale des Nations-Unies ravive les flammes
La lutte pour la prise de parole et prendre part aux rencontres diplomatiques organisées en marge de la 79e Assemblée gé...
Publié le 25 septembre 2024, à 09:40 AM • Jodel Pilate • 3 min de lecturePòtoprens vann ou li pa ba w papye!
Pòtoprens pyeje, veye kote w ap met pye w! Pòtoprens se kan w pran ou konnen! Pawòl tankou sa yo anpil. Yo te konn di mo...
Publié le 9 août 2024, à 11:44 AM • Louvencky Francois • 3 min de lectureJan bwè, jamè sou!
Ti Jan bwè tafya se vre men l rèspèkte boutèy la. Si se pou bwè mesye a bwè anpil men li konnen l pa ka pèmèt li sou. Li...
Publié le 24 juin 2024, à 06:46 PM • Stevens Jean François • 2 min de lecture18 mai: l'Université la grande absente!
Pour marquer son refus contre l'occupation et la dépendance d'Haïti, Dantès Bellegarde avait proclamé l’Université gardi...
Publié le 18 mai 2024, à 02:57 PM • Paul Martial • 2 min de lectureLapli vini m a ba w bonbon!
Konbyen nan nou ki pa t konn chante ti pawòl sa lè n te piti? Nou te swete lapli tonbe pou n ka benyen, jwe anba lapli....
Publié le 30 avril 2024, à 01:38 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureDe curieux oiseaux font étape en Haïti
Habituellement, les oiseaux commencent leur migration fin février et mi-septembre. La première période migratoire dure j...
Publié le 3 avril 2024, à 12:57 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureAvis de décès
La Constitution de 1987 n'est plus! 37 ans après le très enthousiaste vote de ce texte, il a succombé aux assauts répété...
Publié le 30 mars 2024, à 02:47 PM • Stevens Jean François • 3 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.