Nou bouke!
Yo renmen di silans se yon fòm konplisite. Men, èske se tout fwa pale oubyen aji fè w sispann akolit moun k ap fè move zak tou? Mwen panse jounen jodia tout sal nouvèl, redaksyon tout jounal ta dwe mande tèt yo si yo ka kontinye rakonte reyalite chak jou san yo pa di sa yo santi. Jodi a, se moman pou m mete vwa m osèvis tout jounalis, tout moun k ap evolye nan anviwònman medyatik la pou m di menm jan ak moun k ap kouri pou bal yo, moun k ap viv nan kan yo, moun ki pa sonje ki dènye fwa yo dòmi sou de zorye yo : Nou bouke.
Nou bouke ak swadizan otorite ki pa sispann fè nou tande menm diskou yo, menm pwomès resikle yo, menm angajman yo anonse ak anpil bri pandan se toujou gwo van ti lapli paske pawòl sa jis al gwosi pil tout koze ki pale pandan yo pa janm tounen aksyon. Chak nouvo responsab rive ak yon lis gwo pwojè, yon pakèt deklarasyon, yon langaj ki vle fè kwè demen ap pi bèl. Men demen sa a sanble toujou pran yon lòt direksyon.
Nou bouke wè konferans pou laprès oubyen kominike kote yo fè pwopagann pou yon ti aksyon ki ta dwe nòmal nan fonksyònman yon Leta. Yon ti reparasyon tounen yon "gwo reyalizasyon". Yon distribisyon 2 sachè manje vin tounen yon "pwogram istorik". Yon reyinyon vin prezante tankou yon "viktwa". Pandanstan, dèyè kamera yo, lavi kontinye ap degrade.
Reyalite a pa bezwen makiyaj. Li pa bezwen slogan ni gwo afich. Gen fanmi ki pa konnen ki jan y ap jwenn manje pou demen. Gen jèn ki pa wè okenn avni devan yo. Gen antreprenè k ap lite pou kenbe pòt biznis yo louvri. Gen timoun ki pèdi dwa yo genyen pou yo aprann nan lapè. Gen malad ki pa jwenn swen yo bezwen. Sitwayen yo pa menm santi yo gen dwa sikile san kè sote. Sa yo pa envansyon. Se lavi chak jou.
Yon pèp pa manje ak pwomès. Li pa viv ak deklarasyon. Li pa bati espwa sou konferans pou laprès. Sa li bezwen se : rezilta, sèvis piblik ki mache, enstitisyon ki bay rannman, sekirite, jistis, respè dwa li, elatriye.
Lè otorite yo pase plis tan ap vann imaj yo olye yo chèche rezoud pwoblèm popilasyon an, se yon move siy. Lè kominikasyon vin pi enpòtan pase aksyon, lè pwopagann pran plas bilan, lè estatistik chwazi ranplase eksperyans moun k ap soufri, se pa sèlman konfyans ki kraze: se relasyon ant dirijan ak dirije yo ki vin pi frajil.
Yon demokrasi pa mezire ak kantite pwomès yon gouvènman fè. Li mezire ak kantite pwomès li kenbe. Yon administrasyon pa vin efikas paske li di li efikas. Se sitwayen yo ki dwe kapab santi diferans lan nan lavi yo.
Pèp ayisyen an montre anpil pasyans. Twòp pasyans menm. Li kontinye leve chak maten malgre tout difikilte yo. Li kontinye travay, lite, envante mwayen pou l viv, sipòte chay ki pa ta dwe sou zepòl li. Men pinga nou panse pasyans se rezinyasyon. Pèp la pa bezwen plis diskou, li bezwen plis responsablite. Pèp la pa bezwen plis pwopagann, li bezwen plis transparans. Pèp la pa bezwen plis seremoni pou selebre ti pa, li bezwen gwo chanjman ki gen enpak sou lavi moun. Sa pa yon kesyon politik se pito egzijans pou otorite yo respèkte sitwayen yo.
Yon pèp ki kontinye bay tout sa li kapab pou kenbe peyi a kanpe merite plis pase bèl pawòl. Li merite dirijan ki rann kont. Li merite aksyon ki mezire. Li merite rezilta ki vizib. Paske, nan bout tout refleksyon an, yon verite rete kanpe tankou yon poto mitan: Pèp ayisyen an pa merite sa! Me koze ki dwe klewonnen nan tout medya yo.
Stevens JEAN FRANÇOIS
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
Sept ans au rythme d’un pays en mutation
Sept années dans la vie d'un média ne peuvent être considérées ni comme un simple détail ni une éternité. C'est un laps...
Publié le 7 juin 2026, à 09:15 AM • Jojo Psycho • 3 min de lectureDe Gary Conille à Alix Didier Fils-Aimé le refrain n'a pas changé
Devant le Conseil de sécurité de l’ONU, le jeudi 23 avril 2026, le Premier ministre Alix Didier Fils-Aimé n’a pas cherch...
Publié le 28 avril 2026, à 12:41 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureLes forces de sécurité en mode pompier antique !
De Jovenel Moïse à Alix Didier Fils-Aimé, malgré les échecs cuisants, l’État haïtien n’a montré aucun signe de modificat...
Publié le 22 avril 2026, à 10:08 AM • Stevens Jean François • 4 min de lectureBlasphème !
Le 11 avril dernier, à la Citadelle Laferrière, plus de trente vies ont été fauchées. Un drame brutal dans cette fortere...
Publié le 13 avril 2026, à 02:01 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureCap-Haïtien : ce chemin du Calvaire
À Cap-Haïtien, le Chemin de Croix n’a jamais été qu’une simple procession. C’est un rendez-vous. Une habitude ancrée. Un...
Publié le 2 avril 2026, à 02:35 PM • Annie Francois • 2 min de lectureDidier me gaz ou, jwe!
Sa k ap pase aktyèlman sou teren politik la pa twò depaman ak sa nou konn wè nan yon seri match foutbòl. Nan yon seri ma...
Publié le 24 mars 2026, à 09:52 AM • Stevens Jean François • 3 min de lectureCap-Haïtien ville sinistrée
Cap-Haïtien la capitale touristique et historique d’Haïti, selon certains, est aujourd’hui étranglée par le temps et l’a...
Publié le 16 mars 2026, à 12:20 PM • Paul Martial • 3 min de lectureLes cendres du carnaval, le feu des négociations
Pendant les trois jours gras, certaines villes du pays ont vibré au rythme envoutant des bandes à pied et des groupes mu...
Publié le 19 février 2026, à 01:23 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureEt les entrepreneurs politiques haïtiens dirent : « Que la transition soit ! »
Le pouvoir en Haïti, écrivait Jean-Price Mars, à peu d’exception, n'a jamais été autre chose, en réalité, qu'un privilèg...
Publié le 10 février 2026, à 12:12 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureSa k pa pè a jete !
Nan lakou lekòl ak sou katye nou yo fraz sa sèvi pou pwovoke. Lè 2 timoun kare pou goumen men okenn nan yo pa vle tire k...
Publié le 23 janvier 2026, à 02:00 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureQui partira et qui restera ?
À quelques jours de l’échéance du 7 février, la question n’est plus seulement de savoir si le Premier ministre restera e...
Publié le 22 janvier 2026, à 04:08 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureBon konba!
Gen 4 peyi nan mond la ki ap komemore endepandans yo jodi premye janvier sa. Ayiti se yonn nan yo. Nan premye jou nan an...
Publié le 1er janvier 2026, à 11:32 AM • Stevens Jean François • 3 min de lectureHaïti face au temps : quand le présent écrase l’avenir
La publication d’un calendrier est, en soi, un geste presque banal. Pourtant, lorsqu’on observe la Guadeloupe dévoiler d...
Publié le 3 décembre 2025, à 12:06 PM • Paul Martial • 2 min de lectureOuragan Melissa : une défaite de plus pour les adeptes du « Bondye Bon » ?
L’ouragan Melissa a fait moins de morts en Jamaïque qu’en Haïti. Directement touché par le système orageux tropical de g...
Publié le 3 novembre 2025, à 11:37 AM • Stevens Jean François • 3 min de lectureEn attendant le « blanc »
Ce 11 novembre 2024, le Secrétariat général de la Primature a invité les Ministres et Secrétaires d’État à prendre part...
Publié le 11 novembre 2024, à 06:28 PM • Stevens Jean François • 3 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.