Sa k pa pè a jete !

Nan lakou lekòl ak sou katye nou yo fraz sa sèvi pou pwovoke. Lè 2 timoun kare pou goumen men okenn nan yo pa vle tire kou an premye, gen yonn ki pase nan mitan yo ak tè nan yonn oubyen nan chak men l epi l lanse defi a: Sa k pa pè a jete ! Se pa pou mete fen a konfli a, men pou pouse yo goumen. Jodi a, se fraz sa a ki sanble pi byen dekri sa k ap pase ant Primati a ak Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT). Nan yon peyi ki pa gen mwayen pou l sibi yon lòt kriz politik ankò ta sanble gen yon ajan nou poko idantifye k ap pouse chak kan yo rete sou pozisyon yo olye yo pran chimen dyalòg.

Sa k pa pè a jete !

Depi plizyè jou, tansyon an ap monte disèt wotè ant 2 tèt pouvwa tranzisyon an. Konfli a gaye soup las piblik. Gen 5 manm CPT a ki siyen yon rezolisyon pou revoke Premye minis la, pandan Kowòdonatè a li menm te montre piblikman li pa antre nan lojik la. Jiskaprezan nou pa ka di gen lòt ki opoze, paske sa ki pa siyen yo sanble ap fè jwèt fèmen je, rale men, rale pye. Dezyèm mitan tranzisyon sa apre echèk fòmil sèlman Premye Minis Ariel la,  ki te sipoze yon mekanis kolektif pou asire estabilite tounen yon sèn konfwontasyon kote chak kan ap teste fòs li, san yo pa vrèman mezire konsekans yo pou yon peyi ki deja ajenou.

Pwoblèm nan pa sèlman kesyon si Premye minis la ap rete oswa l ap ale. Vrè kesyon an se : èske tranzisyon an toujou gen kapasite pou l jwe wòl li ? Pandan 7 fevriye, dat ki make fen manda CPT a, ap rive desizyon sa parèt kòm yon fòm mache prese ki danjere pou n pa di irèsponsab. Konseye sa yo ki pa t dakò revoke Premye Minis la jan Fritz Alphonse Jean te vle fè sa lè li te kowòdonatè CPT a bay nou enpresyon konseye yo ap regle kont yo olye yo regle ijans peyi a : sekirite, eleksyon, ak retablisman minimòm fonksyònman Leta a.

Reyaksyon kominote entènasyonal la, ki fòk nou di l pa toujou pou enterè pèp la, vin konnya pa kite plas pou dout sou gravite sitiyasyon an, sitou yo t ap bay yon kout men nan konbat bandi ak zam fann fwa ki soti Etazini yo. Antouka, atravè anbasad li Pòtoprens, Etazini lanse yon avètisman klè kont tout tantativ pou chanje konpozisyon gouvènman an nan dènye jou tranzisyon an. Langaj la di tankou se granmoun k ap pase timoun lòd, men mesaj la pi di toujou : nenpòt mouvman ki kapab destabilize sa ki rete nan ekilib frajil la ap konsidere kòm yon aksyon kont estabilite peyi a, e li ka gen konsekans.

Nan menm sans lan, Nasyonzini, atravè reprezantan espesyal sekretè jeneral la, raple ke Ayiti antre nan yon faz kritik. Pa gen tan ankò pou jwèt pouvwa. Apèl la klè : mete divèjans sou kote, konsève yon kontinite enstitisyonèl, epi konsantre sou òganizasyon eleksyon yo. Lè diplomasi entènasyonal la pale konsa, se pa senp konsèy ; se yon siyal alam.

Klas politik ayisyèn nan, li menm, parèt divize, ezitan, pafwa silansye. Gen aktè ki wè nan kriz la yon opòtinite pou repozisyone yo, lòt ki pèdi vwa yo nan konfizyon an. Men pa gen anpil ki pran lapawòl pou raple esansyèl la : tranzisyon an pa t fèt pou regle rivalite pèsonèl, men pou prepare retou a lòd konstitisyonèl.

Nan yon peyi kote ensekirite ap fè lalwa, kote ekonomi an ap toufe, kote majorite popilasyon an ap lite pou siviv, konfli sa a parèt dekonekte ak reyalite chak jou sitwayen yo. Li bay enpresyon ke dirijan yo ap di youn ak lòt : Sa k pa pè a jete !, tankou si se kouraj politik yo t ap mezire, olye yo mezire kapasite yo pou evite peyi a tonbe pi fon.

Men Ayiti pa nan yon lakou lekòl, ni yon espas pou timoun jwe. Chak jès gen pri li, chak desizyon gen konsekans li. Nan moman sa a, sa ki ta dwe prèv kouraj la, se pa jete, men rale dèyè, chèche konsansis, evite chòk la. Paske nan jwèt sa a, si tout moun deside jete, se peyi a ki riske pran kou a pi rèd.

Stevens JEAN FRANÇOIS


Aucun commentaire

Contributions

Aucun commentaire !

Soyez le premier à commenter cet article.

Même rubrique

Les articles de la même rubrique


Bon konba!
Ki lè li ye?
Jan bwè, jamè sou!

Abonnez-vous à notre infolettre

Saisissez votre adresse e-mail pour recevoir une notification par e-mail de chaque nouvel article.

Rejoignez les 3 060 autres abonnés!

Appuyer sur la touche "Entrée" pour effectuer une recherche.

Articles populaires

Paramètre du site

Thème