Me diri a!

« Diri ameriken se pwazon! Diri ameriken bay sik, tansyon ak kansè! Se lè nou antre nan manje bagay ki soti lòtbò dlo vin gen yon seri maladi nan peyi a!» m te konn tande pawòl sa yo anpil nan bouch moun ki nan jenerasyon paran m. Kòm pa t gen okenn etid ki te verifye sa m pa t pran yo oserye. M te bliye si « Bouch granmoun santi men pawòl li pa santi ».

Me diri a!

Anpil pale anpil ap fèt sou diri ameriken an jounen jodia. Inivèsitè Michigan lage koze a! Dapre yon etid inivèsitè ameriken sa, diri sa gen yon kantite asenik ak kadmyòm ki ka ogmante ris pou moun fè kansè ak lòt maladi kè. Granmoun yo pa t twonpe yo, yo te wè pi lwen pase anpil nan nou. Men travay la te byen fèt tou, komedyen ak atis prefere n yo te antre nan won an. Se yo ki te tounen gwo machann diri!

 

Se pa sèlman nan kanaval nou konn wè atis nou yo ap fè pwomosyon diri a. Yo te vwa ak imaj pwodwi yo tou. Yo te konpoze bèl ti mizik pou vann nou avantaj ki genyen lè n manje diri pèpè a! Yo te jwe sou sansiblite nou. Nou pa t rann nou kont nou te pran nan yon pyèj. Diri a te pou pri piyay, sa ki te kraze pwodiksyon lokal la. E se konnya m vin konprann ti refren sa nan kanaval Sweet Micky a.

 

Nan lane 2002, Sweet Micky te bay kanaval li a tit sa: Men diri a! Li te montre relasyon ofisyèl nou yo ansanm ak diri a. Gwo palto nan Leta yo te mete sirèn, sekirite devan ak dèyè pou bay diri a pwoteksyon. « Gad yon diri gwo nèg. Diri a bon mache. Diri a santi bon. Eske dil la fèt byen? » se kèk pawòl ki te nan kanaval sa. Yo montre n aklè se pa sèlman atis yo ki te nan konplo a.

 

Otorite yo te ladanl tou. Malerezman sa ki la yo pa janm mande padon ni prezante eskiz. Tankou Clinton, ansyen Prezidan ameriken an, yo pa rekonèt desizyon pou yo te dakò diri ameriken an vin vann ba pri konsa nan peyi a te yon « erè ». Yo pa rekonèt desizyon sa detwi pwodiksyon nasyonal la, li fè n toujou ap tann kwiy nou, nou depann de manje k ap soti deyò epi li kontinye ap detwi lavi nou, byen nou gen ki pi chè a. 

 

Ala pwazon te alamòd sa papa! Transfè manje te fè mikalaw! Se pa blag non! Moun nan ale nan biwo transfè a li bay lajan epi yo vin pote manje lakay ou! Se pa t diri peyi non! Ansyen Prezidab Préval, defen an, te tante monte taks sou diri a. Eske se resèt Leta li te vle ogmante oubyen se te yon fason pou rann diri nou an konpetitif? Nou pap janm konnen, sa n te konnen pèp la pa t byen wè desizyon sa!

 

Ministè lasante piblik li menm pa t janm founi je sou kisa k ap antre nan peyi a tout bon! Dwa konsomatè pa t alamòd nan peyi a! Dayè pa gen gwo finansman entènasyonal pou koze sa. Antreprenè sosyal yo te prefere al brase nan pwomosyon demokrasi ak dwa moun! Yo menm tou, yo t ap manje diri ameriken an. Inivèsite Leta pa gen lajan pou l fonksyone alewè finanse gwo etid sou ki kalite bagay ki genyen nan sa n ap achte yo! Diri a te sou tab nou! Nou te manje l maten, midi epi aswè!

 

Jodia lobo a pete! Menm moun ki konn etid la kontinye ap manje diri menm ameriken sa! Se pa rayi yo rayi tèt yo! Se chwa yo pa twò genyen! Nou manje diri anpil isit! Epi lòt opsyon yo koute anpil lajan! Nou oblije rete nan lojik manje pou plen trip la! Leta sanble poko okouran de rapò sa. Koze diri sa ap pase menm jan ak koze salami a? Pandan n ap tann repons la, m ap fè n konnen dominiken yo gen yon diri yo fè espesyalman pou nou. Li pa vann lakay yo ni okenn lòt kote! Se diri ki vann mwens chè sou mache a! Nou panse l miyò pase diri ameriken an? Si bandi, malsite, move kondisyon lavi, pa ka jwenn bon swen lopital, pa ka manje bon pwodwi ak tout lòt move bagay n ap viv chak jou yo pa touye n se pa fòt foseyè ki nan Leta yo.

 

Stevens JEAN FRANÇOIS 

Chef de l'information


Aucun commentaire

Contributions

Aucun commentaire !

Soyez le premier à commenter cet article.

Même rubrique

Les articles de la même rubrique


Ki lè li ye?
Jan bwè, jamè sou!
Avis de décès

Abonnez-vous à notre infolettre

Saisissez votre adresse e-mail pour recevoir une notification par e-mail de chaque nouvel article.

Rejoignez les 3 060 autres abonnés!

Appuyer sur la touche "Entrée" pour effectuer une recherche.

Articles populaires

Paramètre du site

Thème