LAREZISTANS egzije RESTITISYON
Ansanm òganizasyon sosyo-politik ki manm LAREZISTANS yo, lonje dwèt sou Lafrans ak Etazini ki, dapre yo, bati ak san pèp ayisyen. Yo egzije pou peyi sa yo remèt lajan doub dèt endepandans la, rezèv lò peyi a ansanm ak zile Lanavaz.

Pati INITE, AFKA, CRERS, PLATFÒM DINAMIK PETYONVIL, NOU PAP KONPLIS, POZA ak ACHATAMOD, se ansanm òganizasyon sosyo-politik ki mete tèt yo ansanm epi monte yon gwo estrikti ki pote non LAREZISTANS. Nan yon nòt pou laprès ki te pibliye nan fen mwa jen an, estrikti sa pa te mete dlo nan bouch li pou li retounen sou gwo bagay zansèt pèp ayisyen an fè deja.
LAREZISTANS fè pèp la sonje "zansèt nou yo ekri pi gwo listwa mond sa. Yo aboli lesklavaj, yo kreye yon Nasyon, yo kreye Dwazimen pou mond lan. Nou te montre frè ak sè esklav yo gou libète ak opresè nou yo laverite ki se dwa nou genyen menm jan ak yo, nou pa machandiz ni byen". Poutan, pandan jenn nasyon an t’ap fè jefò pou li te ka desinen yon demen miyò pou pitit li yo, Lafrans te deside mete li ajenou.
Zafè yon nanchon nèg ak nègès lib epi libè sa pat bon nan je kolon esklavajis yo. Se konsa, LAREZISTANS fè nou sonje "Charles X nan lane 1825 voye plizyè flòt Fransè menase peyi nou, fòse nou pwan ponya nan bank lakay yo pou nou peye yo 150 milyon fran pou rekonèt nou endepandan, akapare tout sous ki ka bay peyi a lajan pou kraze baz devlopman peyi nou pou kondisyone sa nap viv Jodi ak dèt endepandans. Poutan se yo ki te dwe dedomaje chak Ayisyen pou sa yo fè nou sibi e paske Anperè Jean Jacques Dessalines te bat lame Napoléon byen bat". Mizè pèp la pa te kanpe la, lòt manchon te vin souse resous li apre sa.
Etazini Amerik (USA) vin antre nan wonn nan. LAREZISTANS pa bliye sa. Yo fè nou sonje yo te "pase pwan ti rès la, pilonnen souverente nou, vòlè rezèv lò nou, retounen nou nan lesklavaj nan lane 1915 sou non lokipasyon, chanje konstitsyon peyi nou, USA sa kenbe annotaj on pati teritwa peyi a ki se Lanavaz anba je nasyon zini."
Zak sa yo, gen anpil konsekans sou fason n’ap viv jounen jodia. Anpil analis politik ak istoryen di sa. Nan je ansanm òganizasyon ki nan LAREZISTANS yo, bagay la klè tankou dlo kòk. "Si jodi a n’ap viv sa n’ap viv yo, nou pèdi respè devan peyi frè ak sè nou yo (lafrik), si jodi a Ayisyen pa ka manje, Gang anvayi nou, kraze mache touristik nou, se Lafrans ak USA ki lakòz, zam k’ap tiye pitit peyi a ki fè masak, kidnapin ak asasina yo soti USA". Se pou sa "Ansanm Òganizasyon Sosyo-Politik ki siyen nòt sa kanpe yon gwo zouti ki se LAREZISTANS pou egzije RESTITISYON DOUB DÈT ENDEPANDANS lan REZÈV Lò ak LIL LANAVAZ. REPARASYON, pou verite sa yo sispann kache pou yo nan liv sou entènèt elatriye pou lave lonè nou. Pou jenerasyon kila e sila k’ap vini yo konnen peyi lafrans bati sou san esklav, ekonomi USA bati ak san pèp Ayisyen, bank peyi sa yo gen kòb, Lò ak zonbi Ayisyen e Afriken".
"Batay la ap long, n’ap tann tout òganizasyon konsyan ki vle mennen Lit diyite Pèp Ayisyen an rejwenn LAREZISTANS. Pou nou reveye tout peyi viktim kolon sa yo pou REZISTANS mennen DELIVRANS" se konsa nòt sa ki gen siyati Bernard Winder, René Marie Carmella, Etienne Bergeline, Cassandra Kettia Noël, Jonathan Renois, Desaguste Johnny Rodriguez ak Windy Alcima te konkli.
Moun sa enterese ka kontakte LAREZISTANS nan nimewo sa yo (509) 3997- 1974, 3483-5017 ak 4937-2926.
Abigaëlle PIERRE
- Papa Deslin vin pran yo!
- Lapli vini m a ba w bonbon!
- Se aksyon Konsèy Prezidansyèl la k ap montre si l vle fè ripti vre, pozisyon yon goup sitwayen nan Okap
- Yo koken, yo mètdam
- 12 janvye 2010, Bondye te sispann bon?
- Jounen entènasyonal dwa moun: Tout moun se moun
- Fondasyon Zanmi Timoun p ap bese bra l
A lire aussi
- Ayiti
Thèmes associés
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
Solino has fallen
Après plus d’un an de résistance, Solino symbole du combat acharné de citoyens délaissés par l’État en quête de protecti...
Publié le 15 novembre 2024, à 08:45 PM • Paul Martial • 2 min de lectureDossier BNC : le juge Benjamin Félismé n’a rien sollicité du Ministère de la justice
Raoul Pascal Pierre-Louis, ancien président du conseil d’administration de la Banque nationale de crédit (BNC), est conv...
Publié le 14 novembre 2024, à 10:08 AM • Stevens Jean François • 3 min de lectureNous avons le choix ultime d’aller vers la Cour de cassation et de chercher le soutien des forces armées, prévient Jean Robert Arguant
Prenant part au lancement du Forum d’Appui au Processus Electoral (FRAPE), le 9 novembre dernier, Jean Robert Arguant, C...
Publié le 12 novembre 2024, à 05:34 PM • Louvencky Francois • 2 min de lecturePénurie de produits à la Gonâve : Erno Louissaint sollicite l’intervention des garde-côtes pour établir un couloir humanitaire
Les habitants de l'île de la Gonâve sont confrontés depuis plusieurs semaines à une pénurie de produits de première néce...
Publié le 3 novembre 2024, à 03:26 PM • Annie Francois • 2 min de lectureCPT : Six mois au pouvoir pour quels résultats ?
Il y a environ six mois, le Conseil Présidentiel de Transition (CPT) a pris ses fonctions dans un contexte marqué par la...
Publié le 28 octobre 2024, à 04:04 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureComplot visant le Premier Ministre Garry Conille : le Ministre de la Justice a indiqué détenir « des informations concordantes et persistant...
Intervenant sur les ondes de Vison2000 jeudi dernier, le ministre de la Justice et de la Sécurité publique, Me Carlos He...
Publié le 28 octobre 2024, à 03:38 PM • Louvencky Francois • 4 min de lectureDe Jovenel Moïse aux trois conseillers présidentiels, Benjamin Félismé mène les instructions
Me Benjamin Félismé a été désigné par le doyen du Parquet du Tribunal de première instance pour instruire le dossier de...
Publié le 23 octobre 2024, à 07:36 PM • Annie Francois • 3 min de lectureUn nouveau comité prend les rênes de l'Association professionnelle des magistrats
Lors du 2e congrès de l'Association professionnelle des magistrats (APM) un nouveau comité a été élu pour un mandat de t...
Publié le 19 octobre 2024, à 05:19 PM • Abigaelle Pierre • 3 min de lectureJean-Jacques Dessalines : l’homme qui défia l’esclavage dans son entièreté
Jean-Jacques Dessalines est incontestablement une figure emblématique de l’histoire moderne, reconnue pour son rôle maje...
Publié le 17 octobre 2024, à 04:50 PM • Abigaelle Pierre • 3 min de lectureDeux incidents meurtriers en une semaine: l’efficacité de la MMAS remise en cause
L’efficacité de la mission multinationale d’appui à la sécurité (MSS) est désormais remise en question, quelques semaine...
Publié le 13 octobre 2024, à 12:54 PM • Annie Francois • 3 min de lectureRésolution de la crise haïtienne : Volker Türk se veut enthousiaste
Le chef des droits de l’homme de l’ONU, Volker Türk, a exprimé des opinions optimistes sur la possibilité d’avènement de...
Publié le 10 octobre 2024, à 06:46 PM • Annie Francois • 3 min de lectureHaïti compte désormais plus de 700.000 personnes déplacées dont plus de 50 % sont des enfants
Selon un nouveau rapport de l'Organisation internationale pour les migrations (OIM), plus de 700.000 personnes, dont plu...
Publié le 6 octobre 2024, à 11:08 AM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureRentrée scolaire 2024-2025 : la Police Nationale d'Haïti a pris des dispositions
Le 1er octobre 2024, lors d'une conférence de presse tenue à la Direction Générale de la Police Nationale d'Haïti (DGPNH...
Publié le 3 octobre 2024, à 06:39 PM • Marckendy Dorsainvil • 3 min de lectureCompagnie de transport scolaire Dignité, la variable négligée
Des millions d’enfants vont reprendre le chemin de l’école ce 1er octobre 2024. Pour faciliter le retour des élèves en c...
Publié le 1er octobre 2024, à 08:15 AM • Abigaelle Pierre • 3 min de lectureLes frais de scolarité représentent au moins 15% des revenus d’un haïtien moyen
En Haïti, l'accès à l'éducation demeure un enjeu majeur, notamment en raison des frais de scolarité imposés par la major...
Publié le 30 septembre 2024, à 07:46 AM • Annie Francois • 2 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.