Bòn fèt papa, ou merite l!
Chak dènye dimanch nan mwa jen, isit an Ayiti, nou selebre papa yo. Se jou sa nou ta dwe fete tout papa, poutan kontrèman a fèt manman yo, jou sa yo plede chwazi fete papa yo di ki "merite sa". Isit nou onore papa, nou pa onore "pay pwa", sa moun ki li nan gwo liv rele jenitè a. Fèt papa isit, se yon okazyon pou fè pwomosyon yon pratik "parantalite rèsponsab".
"Papa se poto mitan fanmiy la! Menm si l sou baton, prezans papa a atire respè ak lòd. Depi papa la gen vakabon ki pap oze vin fè nenpòt bagay. Yo di sa, kabrit gade figi mèt jaden avan l antre." Pawòl sa yo ki se yon ti bout nan anpil lòt, yon pè Legliz Katolik te di nan prèch li maten an pa depaman ap sa nou konn tande nan jou sa ak nan lòt okazyon. Papa se senbòl otorite e otorite papa a se manman an ki bay li. Moun ki li nan gwo liv ka gen pwoblèm ak modèl patriyaka a ki di se papa a ki bay timoun nan prensip gwoup sosyal la epi fè l antre ladan l. Tout sa montre responsablite papa. Isit, dapre anpil moun, absans papa gen anpil konsekans sou avni timoun yo.
Malgre pa gen okenn estatistik ki kore sa, anpil moun ret kwè se paske yo pat gen papa ki pou te kenbe men yo ki fè anpil timoun vin devni bandi gran chimen, delenkan. La nou retounen ankò ak devwa papa a pou l ka bay timoun nan prensip ki ap dirije lavi moun nan sosyete a. Petèt sa se yonn nan rezon ki fè yo ap ankouraje papa ki pran responsablite yo, sa ki pa annik bay gòl epi kouri yo.
Se vre pa gen menm angouman ak fèt manman yo, men isit, chak jou ki pase fèt sa ap pran plis anplè, plis moun ap selebre l. Èske se paske vin gen plis papa rèsponsab? Sa ki si se plis moun vin pran konsyans sakrifis papa yo ap fè pou fè edikasyon pitit yo! Jounen jodia nou gen mesye Sawo (gason ki ap fè menm aktivite ak madan Sara yo), gason yo pa senpman vann fòs kouraj yo pou fè lajan pou pran swen fanmiy yo. Yo fè komès tou e yo fè tout kalite komès. Sosyete a vin rann li kont de sa.
Gen move tout kote! Pa gen move papa! Paske se pa tout gason ki gen pitit ki papa. Nou menm nan kreyòl la nou gen yon grenn mo : "papa", mo sa marande ak sans responsablite, sakrifis elatriye! Pa gen papa ki pa merite n di yo "Bòn fèt!"
Stevens JEAN FRANÇOIS
Chef de l'information
- Bon konba!
- Chanm Komès Ayisyano Afriken pran nesans !
- Etazini mande plis angajman pou soutni Fòs Represyon Gang yo
- Sanksyon nan Legliz Batis : yon zouti restorasyon oubyen yon mwayen pou avili moun ?
- Papa Deslin vin pran yo!
- Lapli vini m a ba w bonbon!
- Se aksyon Konsèy Prezidansyèl la k ap montre si l vle fè ripti vre, pozisyon yon goup sitwayen nan Okap
A lire aussi
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
De Gary Conille à Alix Didier Fils-Aimé le refrain n'a pas changé
Devant le Conseil de sécurité de l’ONU, le jeudi 23 avril 2026, le Premier ministre Alix Didier Fils-Aimé n’a pas cherch...
Publié le 28 avril 2026, à 12:41 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureLes forces de sécurité en mode pompier antique !
De Jovenel Moïse à Alix Didier Fils-Aimé, malgré les échecs cuisants, l’État haïtien n’a montré aucun signe de modificat...
Publié le 22 avril 2026, à 10:08 AM • Stevens Jean François • 4 min de lectureBlasphème !
Le 11 avril dernier, à la Citadelle Laferrière, plus de trente vies ont été fauchées. Un drame brutal dans cette fortere...
Publié le 13 avril 2026, à 02:01 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureCap-Haïtien : ce chemin du Calvaire
À Cap-Haïtien, le Chemin de Croix n’a jamais été qu’une simple procession. C’est un rendez-vous. Une habitude ancrée. Un...
Publié le 2 avril 2026, à 02:35 PM • Annie Francois • 2 min de lectureDidier me gaz ou, jwe!
Sa k ap pase aktyèlman sou teren politik la pa twò depaman ak sa nou konn wè nan yon seri match foutbòl. Nan yon seri ma...
Publié le 24 mars 2026, à 09:52 AM • Stevens Jean François • 3 min de lectureCap-Haïtien ville sinistrée
Cap-Haïtien la capitale touristique et historique d’Haïti, selon certains, est aujourd’hui étranglée par le temps et l’a...
Publié le 16 mars 2026, à 12:20 PM • Paul Martial • 3 min de lectureLes cendres du carnaval, le feu des négociations
Pendant les trois jours gras, certaines villes du pays ont vibré au rythme envoutant des bandes à pied et des groupes mu...
Publié le 19 février 2026, à 01:23 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureEt les entrepreneurs politiques haïtiens dirent : « Que la transition soit ! »
Le pouvoir en Haïti, écrivait Jean-Price Mars, à peu d’exception, n'a jamais été autre chose, en réalité, qu'un privilèg...
Publié le 10 février 2026, à 12:12 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureSa k pa pè a jete !
Nan lakou lekòl ak sou katye nou yo fraz sa sèvi pou pwovoke. Lè 2 timoun kare pou goumen men okenn nan yo pa vle tire k...
Publié le 23 janvier 2026, à 02:00 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureQui partira et qui restera ?
À quelques jours de l’échéance du 7 février, la question n’est plus seulement de savoir si le Premier ministre restera e...
Publié le 22 janvier 2026, à 04:08 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureBon konba!
Gen 4 peyi nan mond la ki ap komemore endepandans yo jodi premye janvier sa. Ayiti se yonn nan yo. Nan premye jou nan an...
Publié le 1er janvier 2026, à 11:32 AM • Stevens Jean François • 3 min de lectureHaïti face au temps : quand le présent écrase l’avenir
La publication d’un calendrier est, en soi, un geste presque banal. Pourtant, lorsqu’on observe la Guadeloupe dévoiler d...
Publié le 3 décembre 2025, à 12:06 PM • Paul Martial • 2 min de lectureOuragan Melissa : une défaite de plus pour les adeptes du « Bondye Bon » ?
L’ouragan Melissa a fait moins de morts en Jamaïque qu’en Haïti. Directement touché par le système orageux tropical de g...
Publié le 3 novembre 2025, à 11:37 AM • Stevens Jean François • 3 min de lectureEn attendant le « blanc »
Ce 11 novembre 2024, le Secrétariat général de la Primature a invité les Ministres et Secrétaires d’État à prendre part...
Publié le 11 novembre 2024, à 06:28 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureKi lè li ye?
Maten an nou viv yon gwo chanjman. A 3 zè di maten britsoukou li vin 2 zè. Ala gwo koze papa! Lè a chanje! Malerezman se...
Publié le 3 novembre 2024, à 03:44 PM • Stevens Jean François • 2 min de lecture
1 commentaire
Contributions
1 commentaire
PIERRE M. Mc-Arthur
27 juin 2022, à 11:58 PMBon koze ki pale. C vre c pa tout gason ki gen pitit ki Papa, sitou nan peyi sila. Epa bagay piti. Antouka, bòn fèt a oumenm tou!