Ariel, kote fig la?

Ariel Henry pran nou pou makak. Si jaden Jovenel Moïse la te toujou la, olye yo te voye bannann nan peyi Almay, yo ta bay nou manje kèk grenn. Mouche Ariel ak tout kavalye pòlka li, Quitel, deklare : pa gen bandi nan palè jistis Pòtoprens la vre!

Ariel, kote fig la?

Otorite isit pa pran nou pou anyen! Malerezman se konsa sa ye. Si nou te rete nan lojik wòl Bobdye nan listwa peyi yo Saint Augustin an, nou te ka di se Bondye k ap pini nou ki fè li bay nou kalite dirijan sa yo. Men, olye nou rete la pito n di : yon pèp sivilize tankou ayisyen pa gen dirijan li merite yo. Ariel Henry ak tout minis enteryè a mouche Quitel pa deside montre yo ka depase dirijan pase yo.

Ayè 7 jiyè 2022 a, pandan Premye Minis bon zanmi Badgio (sispèk nimewo 1 nan lanmò Prezidan Jovenel Moïse la) sot rann omaj a menm Prezidan sa (se pa blag non!), li deside montre se pou tout bon li pran pèp la pou makak. Pandan ensekirite blayi kò li nan peyi a, bandi ap mache pran enstitisyon piblik, mouche Ariel deklare se manti, bandi pa pran palè jistis Pòtoprens lan. Sa ki pi grav Minis enteryè a montre li pa konn sa k ap pase nan peyi a. Li di menm bagay la tou. Se vre lè moun ap granmoun lespri a pa fin kòdyòm, men mouche Ariel ale twò lwen.

Sa ki anpeche Premye minis de fakto Ariel Henry di tou se move nouvèl medya yo ap bay lè yo ap pale de ensekirite, kidnapin, lavi chè, timoun ki pa ka ale lekòl, moun ki pa ka jwenn swen sante, prizonye k ap mouri nan prizon oubyen plis pase mwatye popilasyon an ki pa ka jwenn manje? Anyen! Li di sa li vle, li pran pèp la pou makak.

Swadizan lidè ki t’ap defann enterè pèp la gen zèb nan bouch yo, yo pa ka pale. Dayè kisa yo ta pral di tou? Je yo fèmen, yo p ap siye branch yo chita sou li a ni mòde men k ap bay yo manje a. Moun ki ta vle pale yo, yo fè yon jan pou lòt moun pa koute yo. Lajan ap bay pou moun pa ale nan manifestasyon. Anpil “lidè”, jounalis, elatriye ak bokit dlo sou tèt yo. Dife mobilizasyon an yo ap mache etèn.

Sèl sa mwen konnen, se pou 2 jou. Dife a ap mache anba anba! Boukan an ap pran san zatann. E jou sa, Ariel ap degaje li jwenn fig pou makak yo! Si li pa ka jwenn, l a resi konnen sa yo rele koko makak.

Stevens JEAN FRANÇOIS


Aucun commentaire

Contributions

Aucun commentaire !

Soyez le premier à commenter cet article.

Même rubrique

Les articles de la même rubrique


Ki lè li ye?
Jan bwè, jamè sou!
Avis de décès

Abonnez-vous à notre infolettre

Saisissez votre adresse e-mail pour recevoir une notification par e-mail de chaque nouvel article.

Rejoignez les 3 060 autres abonnés!

Appuyer sur la touche "Entrée" pour effectuer une recherche.

Articles populaires

Paramètre du site

Thème