Pral gen kouri?

Depatman Deta Etazini mande sitwayen ameriken pou yo prepare yo pou kite peyi a byen vit. Kidnapin k ap taye banda nan Taba ak Vivi Mitchèl, "afwontman" ant lapolis ak gang yo ta rezon ki pouse yo pran desizyon fè resòtisan yo rekòmandasyon sa. Yo mande fanmiy anplwaye gouvenman ameriken an ansanm ak pèsonèl ki pa esansyèl nan anbasad la pou kite peyi a. Bouda nini! Pa gen anyen ki chanje anba solèy peyi Dayiti a. Se pa jodia moun ap plede viktim ensekirite a. Bandi ak zam fann fwa ap elaji teritwa yo. Poukisa Depatman Deta mande sa konnya ?
Ensekirite ap vale teren nan peyi sa depi prèske 5 lane. Gen kote ki potko te viktim de li. Zafè kabrit pa zafè mouton! Se konsa anpil moun te konn aji. Ensekirite a te Lasalin, Matisan, Bèlè, nan bout anba Dèlma, sa pa t pwoblèm. Dayè bri bal la pa t konn anpeche moun lòt kote yo dòmi. Ayiti pa yo a diferan. Yo te jis bliye : bouton se chimen maleng.
Nan aksèpte gen teritwa ki pèdi, nan kite se popilasyon an k ap kouri pou bandi oubyen ki deside kanpe goumen ak resous li yo ki limite, Leta peyi a lakoz nou fas a sitiyasyon sa jounen jodia. Yon sitiyasyon malouk! Poutan dènye mesaj Depatman Deta Etazini, peyi kote pi fò zam ki nan men bandi yo soti a, ta vle fè n kwè tout sa n t ap viv la se te tòkèt la. Chay la ap vini.
Kòman sa ka vin pi mal pou popilasyon an? Se pa jodia bandi ak zam nan divès kwen nan peyi a ap mete dlo nan je popilasyon an. Yo touye, yo vyole, yo boule, yo kale, yo imilye moun yo vle lè yo vle. Nan lari moun pa an pè. Anndan kay la menm ou gen perèz ou pa konn si yo p ap vin pran w. Se vre sitiyasyon an pa malouk menm jan tout kote, men pèsonn pa konnen ki lè banda a ap chanje nan zòn bò lakay li. Bandi ap pouse tankou djondjon pandan lapolis la ap pèdi efektif.
Polisye ki pa ka tann imel Biden nan lage kò yo kay vwazen oubyen Naso ak Pwovo. Nou pa ka repwoche polisye yo, moun sa yo, ki ap chèche sove lavi yo paske anpil fwa yo itilize yo tankou kobay pandan se pa tretman an ki miyò pase sa.
Poukisa pandan n gentan gen apse sou klou a epi Depatman Deta pran desizyon sa? Poukisa enstitisyon peyi Etazini ki se yon "alye" lapolis la pale de "afwontman" ant lapolis ak gang olye de operasyon lapolis? Kisa k ap kit sou do la Repiblik menm? Eske sa ka vin pi mal? Tankou Pè Toma, n ap rete sib?
Si bagay yo pral pi mal, ki kote n prale? Kiyès ki gen souf pou kouri ankò? Lapolis la pa ka kouri dèyè bandi men depi se sitin kont ensekirite, depi se manifestasyon pou mande bon jan kondisyon pou moun viv nan peyi a, depi se moun k ap kouri pou ensekirite epi al geri bosko yo devan anbasad Etazini, lapolis la reponn prezan. Dan pouri toujou gen fòs sou bannann mi ! Yo pran nou an otaj nan pwòp peyi n. Nou pa ka sikile lib e libè. Kisa ki ka fèt pou sa chanje? Kòman nou ka pran desten nou an men ?
Louvencky FRANÇOIS
- Papa Deslin vin pran yo!
- Lapli vini m a ba w bonbon!
- Se aksyon Konsèy Prezidansyèl la k ap montre si l vle fè ripti vre, pozisyon yon goup sitwayen nan Okap
- Yo koken, yo mètdam
- 12 janvye 2010, Bondye te sispann bon?
- Jounen entènasyonal dwa moun: Tout moun se moun
- Fondasyon Zanmi Timoun p ap bese bra l
A lire aussi
- Ensekirite
- Ayiti
- Depatman Deta
- Etazini
Thèmes associés
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
En attendant le « blanc »
Ce 11 novembre 2024, le Secrétariat général de la Primature a invité les Ministres et Secrétaires d’État à prendre part...
Publié le 11 novembre 2024, à 06:28 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureKi lè li ye?
Maten an nou viv yon gwo chanjman. A 3 zè di maten britsoukou li vin 2 zè. Ala gwo koze papa! Lè a chanje! Malerezman se...
Publié le 3 novembre 2024, à 03:44 PM • Stevens Jean François • 2 min de lectureLapsus gouvernemental
Me Carlos Hercules, ministre de la Justice et de la Sécurité, a annoncé la prolongation de l’état d’urgence sécuritaire...
Publié le 23 octobre 2024, à 07:43 PM • Jodel Pilate • 2 min de lecturePapa Deslin vin pran yo!
Kriye pa leve lèmò vre! Jodia fè 218 lane depi n ap kriye. Nou kriye an kachèt lè asasen w yo pa t dakò n menm site non...
Publié le 17 octobre 2024, à 05:50 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureLa politique des boucs émissaires !
Après l’attaque armée perpétrée par les hommes de Luckson Elan à Pont-Sondé, les hauts responsables de la Police nationa...
Publié le 9 octobre 2024, à 05:49 PM • Jodel Pilate • 2 min de lectureLe langage de la violence extrême !
Il a fallu un massacre pour que le gouvernement de Garry Conille déploie enfin des matériels et des hommes d’élite de la...
Publié le 6 octobre 2024, à 09:47 AM • Jojo Psycho • 2 min de lectureCPT : ces chiffres qui dérangent !
La récente audition du conseiller Smith Augustin par l'Unité de Lutte Contre la Corruption (ULCC) a mis en lumière des c...
Publié le 3 octobre 2024, à 06:14 PM • Paul Martial • 3 min de lectureUne rentrée des classes aux allures de déjà-vu
Mardi 1er octobre, les élèves doivent reprendre le chemin de l’école, avec pratiquement les mêmes problèmes que l’année...
Publié le 30 septembre 2024, à 07:49 AM • Jodel Pilate • 2 min de lectureLa 79eme assemblée générale des Nations-Unies ravive les flammes
La lutte pour la prise de parole et prendre part aux rencontres diplomatiques organisées en marge de la 79e Assemblée gé...
Publié le 25 septembre 2024, à 09:40 AM • Jodel Pilate • 3 min de lecturePòtoprens vann ou li pa ba w papye!
Pòtoprens pyeje, veye kote w ap met pye w! Pòtoprens se kan w pran ou konnen! Pawòl tankou sa yo anpil. Yo te konn di mo...
Publié le 9 août 2024, à 11:44 AM • Louvencky Francois • 3 min de lectureJan bwè, jamè sou!
Ti Jan bwè tafya se vre men l rèspèkte boutèy la. Si se pou bwè mesye a bwè anpil men li konnen l pa ka pèmèt li sou. Li...
Publié le 24 juin 2024, à 06:46 PM • Stevens Jean François • 2 min de lecture18 mai: l'Université la grande absente!
Pour marquer son refus contre l'occupation et la dépendance d'Haïti, Dantès Bellegarde avait proclamé l’Université gardi...
Publié le 18 mai 2024, à 02:57 PM • Paul Martial • 2 min de lectureLapli vini m a ba w bonbon!
Konbyen nan nou ki pa t konn chante ti pawòl sa lè n te piti? Nou te swete lapli tonbe pou n ka benyen, jwe anba lapli....
Publié le 30 avril 2024, à 01:38 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureDe curieux oiseaux font étape en Haïti
Habituellement, les oiseaux commencent leur migration fin février et mi-septembre. La première période migratoire dure j...
Publié le 3 avril 2024, à 12:57 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureAvis de décès
La Constitution de 1987 n'est plus! 37 ans après le très enthousiaste vote de ce texte, il a succombé aux assauts répété...
Publié le 30 mars 2024, à 02:47 PM • Stevens Jean François • 3 min de lecture
1 commentaire
Contributions
1 commentaire
Saint Jean Villy Douglas
29 juillet 2023, à 08:38 PMAnyen pap chanje paske ayisyen pap chanje.